Tranch ak pousantaj enpo federal

Ou peye enpo kòm yon pousantaj nan revni w nan kouch yo rele tranch enpo. Amezi revni w ogmante, pousantaj sou pwochen tranch revni an pi wo.

Lè revni ou rive nan yon tranch enpo ki pi wo, ou pa peye pousantaj ki pi wo a sou tout revni w. Ou peye pousantaj ki pi wo a sèlman sou pati ki nan nouvo tranch enpo a.

Pousantaj enpo ane 2023 pou yon sèl kontribyab

Pou yon kontribyab, selibatè pousantaj yo se:

Pousantaj enpo sou revni enpozab soti nan . . . jiska . . .
10% $0 $11 000
12% $11 001 $44 725
22% $44 726 $95 375
24% $95 376 $182 100
32% $182 101 $231 250
35% $231 251 $578 125
37% $578 126 Ak pi plis

Men ki jan sa travay pou yon moun selibatè ki touche $58 000 pa ane:

Pousantaj enpo ane 2023 pou yon moun selibatè ki touche $58 000 pa ane. Revni ant $0 jiska $11 000 ap peye empo a 10%. Revni ant $11 001 jiska $44 725 ap peye enpo a 12%. Revni ant $44 726 jiska $58 000 ap peye enpo a 22%.

Pousantaj enpo 2023 pou lòt moun ki depoze yo

Jwenn pousantaj enpo aktyèl pou lòt estati ranpli.

 
Pousantaj enpo sou revni enpozab soti nan . . . jiska . . .
10% $0 $22 000
12% $22 001 $89 450
22% $89 451 $190 750
24% $190 751 $364 200
32% $364 201 $462 500
35% $462 501 $693 750
37% $693 751 Ak pi plis
Pousantaj enpo sou revni enpozab soti nan . . . jiska . . .
10% $0 $11 000
12% $11 001 $44 725
22% $44 726 $95 375
24% $95 376 $182 100
32% $182 101 $231 250
35% $231 251 $346 875
37% $346 876 Ak pi plis
 
Pousantaj enpo sou revni enpozab soti nan . . . jiska . . .
10% $0 $15 700
12% $15 701 $59 850
22% $59 851 $95 350
24% $95 351 $182 100
32% $182 101 $231 250
35% $231 251 $578 100
37% $578 101 Ak pi plis

Gade pousantaj enpo yo pou ane enpo 2024 la.

Ki gen rapò

Revni enpozab
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
IRS bay ajisteman enflasyon enpo pou ane fiskal 2024 (an anglè)
Tablo enpo konplè 2023 (an anglè)
Piblikasyon 17 (2023), Enpo Federal sou Revni W (an anglè)