Nan kèk ka, w ap bezwen verifye idantite ou ak enfòmasyon deklarasyon taks ou nan IRS la. Sa ede nou anpeche yon pirat idantite vòlè kòb ranbousman w. Kiyès ki Dwe Itilize Sèvis Verifikasyon Idantite ak Deklarasyon taks la Itilize sèvis sa a sèlman si: Ou te resevwa yon lèt 5071C (an anglè) oswa lèt 6331C (an anglè) oswa; Ou te resevwa yon lèt 5747C (an anglè) ki te genyen sitwèb sa a, oswa; Ou te resevwa yon lèt 5447C (an anglè) epi ou kapab verifye idantite ou anliy. Si ou te resevwa yon lèt 4883C oswa yon lèt 6330C (an anglè), swiv enstriksyon ki nan lèt la. Si lèt ou te resevwa a pat genyen sitwèb sa ladan li, oswa ou pat resevwa yon lèt ditou, ou pap kapab itilize sèvis anliy sa a. Kisa Ou Bezwen pou Verifye Idantite Ou Si w pa genyen yon non itilizatè IRS ki ekziste deja oswa yon kont ID.me, mete foto idantifikasyon w pre. Apre Ou fin Verifye Idantite Ou, Ou Dwe Verifye Deklarasyon Taks Ou Ou dwe reponn kesyon IRS yo konsènan deklarasyon taks ou an apre ou fin verifye idantite ou. W ap bezwen deklarasyon taks seri Fòm 1040 yo pou ane ki mansyone nan lèt la W ap bezwen tou lèt ou te resevwa a Si ou pa wè kesyon sa yo apre ou fin verifye idantite ou, retounen sou paj sa epi konekte ankò Verifye Idantite w ak Deklarasyon Taks ou (an anglè) Nòt sou Aksesibilite pou Verifikasyon Idantite Sou Entènèt Genyen pwoblèm konpatibilite ak kèk teknoloji akomodasyon. Konsilte Gid pou Jwenn Aksè nan Sèvis Verifikasyon Idantite a (an anglè) pou èd si w ap sèvi ak yon lektè ekran, loup pou ekran oswa lojisyèl kòmand vokal. Kesyon yo Poze Souvan Mwen te patisipe nan yon konvèsasyon videyo ak ID.me, mwen te konfime idantite m, epi mwen te resevwa yon imèl apre mwen te fin verifye idantite m. Èske gen lòt bagay mwen bezwen fè? (ajoute 24 me 2022) Wi. Ou dwe retounen sou paj sa a epi konekte pou w reponn kesyon sou deklarasyon taks ou. Mwen te resevwa youn nan lèt ki nan lis anlè a, men mwen pat fè yon deklarasyon taks. Èske m ap toujou kapab itilize sèvis anliy sa a? (ajoute 30 mas 2022) Wi. W ap kapab itilize sèvis sa a pou ou fè nou konnen ou pat fè oswa soumèt yon deklarasyon taks. Sa anpeche yon vòlè idantite pran ranbousman w lan. Ki adrès postal mwen ta dwe mete lè m ap kreye yon kont ID.me? (ajoute 11 me 2022) Mete adrès aktyèl ou genyen an lè w ap verifye idantite ou avèk ID.me, menm si se pa menm adrès ou te itilize nan deklarasyon taks ou a. ID.me dwe kapab verifye adrès ou paske sa fè pati pwosesis verifikasyon idantite a. Apre verifikasyon idantite a, ou dwe reponn kesyon IRS yo tou konsènan deklarasyon taks ou a. Si ou pa wè kesyon sa yo apre verifikasyon idantite a, retounen sou paj sa a epi konekte ankò. Èske mwen ta dwe depoze yon Fòm 14039 pou deklare vòl idantite si mwen te resevwa youn nan lèt ki anlè yo (ajoute 30 mas 2022) Non. Ou pa bezwen depoze yon Fòm 14039 Affidavit Vòl Idantite. Olyesa, itilize sèvis sa a pou fè nou konnen ou pa t fè oswa soumèt yon deklarasyon taks. Depi mwen fin ranpli sèvis sa ak siksè, kilè m ap resevwa ranbousman mwen an? (ajoute 14 mas 2022) Apre ou fin verifye idantite ou ak enfòmasyon deklarasyon taks ou avèk sèvis sa, sa ka pran jiska 9 semèn pou fini ak tretman deklarasyon an. Ale sou Kote Ranbousman Mwen an? oswa itilize aplikasyon mobil IRS2Go a ant 2 ak 3 semèn apre ou fin itilize sèvis sa pou verifye estati ranbousman w lan. Mwen genyen mwens pase 18 lane. Èske mwen kapab itilize sèvis sa a pou mwen verifye enfòmasyon sou idantite mwen ak deklarasyon taks mwen? (ajoute 7 jiyè 2022) Non. Sistèm ID.me an pa bay moun ki poko gen 18 an aksè. Pou w verifye enfòmasyon sou idantite ou ak deklarasyon taks ou, tanpri rele nimewo telefòn ki nan lèt IRS ou te resevwa a. Lòt Fason pou Verifye Idantite w Si w pa ka verifye idantite w sou entènèt la osinon ou pa gen dokimantasyon yo mande w la, tanpri kontakte nou atravè nimewo telefòn gratis ki nan lèt ou resevwa a. Pou ka fè pwosesis la vin pi rapid lè w ap rele, ou oblije genyen: Lèt 5071C ou, lèt 5747C oswa lèt 5447C oswa lèt 6331C Deklarasyon taks seri Fòm 1040 yo pou ane ki mansyone nan lèt la Remak: Yon Fòm W-2 oswa 1099 pa yon deklarasyon taks Nenpòt lòt fòm pami deklarasyon taks pou ane pase yo, si ou te depoze youn. Nenpòt pyès jistifikasyon tankou W-2, 1099, Barèm C, Barèm F, elatriye Si nou pa kapab verifye idantitew nan telefòn, nou ka mande w pou pran randevou ak biwo lokal IRS ou a pou verifye idantite w an pèsonn.