Skip to main content

Preparasyon deklarasyon taks gratis pou kontribyab ki kalifye

Pwogram Volontè pou Asistans Enpo sou Revni (VITA) ak Konsèy sou Enpo pou Moun Laj Avanse (TCE) IRS genyen yo ofri preparasyon deklarasyon enpo gratis pou kontribyab ki kalifye yo.

Pwogram VITA a ap fonksyone depi plis pase 50 ane. Menmsi IRS pa fikse yon limit revni pou tout pwogram nan, chak sit VITA ka etabli pwòp limit pa li. An jeneral, pwogram nan konsantre sou sèvi kontribyab ki satisfè direktiv revni pou Kredi Enpo sou Revni ou Touche (EITC). Anpil sit ofri èd enpo gratis pou moun ki bezwen asistans pou prepare pwòp deklarasyon enpo yo, tankou:

  • Moun ki an jeneral touche anviwon $70 244 oswa mwens
  • Moun ki gen andikap
  • Kontribyab ki gen konpetans limite nan lang Anglè

Anplis VITA, pwogram ki rele TCE a ofri èd enpo gratis, espesyalman pou moun ki gen laj 60 lane oswa plis, yo espesyalize nan kesyon sou pansyon ak pwoblèm ki gen rapò ak retrèt sèl moun laj avanse yo genyen.

Pandan IRS ap jere pwogram VITA ak TCE yo, sant VITA/TCE yo, se patnè IRS yo k ap fè yo fonksyone epi se volontè ki vle pote chanjman nan kominote yo ki fòme ekip travayè k ap travay ladan yo. Volontè IRS sètifye ki bay konsèy taks yo, souvan se moun ki retrete ki asosye ak òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki resevwa sibvansyon nan men IRS.

Non sèlman sèvis VITA/TCE yo gratis, yo se sous fyab e kredib pou preparasyon deklarasyon taks tou. Tout volontè VITA/TCE yo ki prepare deklarasyon taks oblije pran epi reyisi nan fòmasyon sou lwa taks yo oswa depase nivo IRS mande yo. Fòmasyon sa a gen ladan li respè vi prive ak konfidansyalite sou enfòmasyon pèsonèl tout kontribyab. Anplis obligasyon pou volontè yo sètifye konesans yo genyen nan lwa taks yo, IRS egzije yon verifikasyon kalite sou chak deklarasyon taks ki fèt nan yon biwo VITA/TCE anvan yo soumèt li. Chak sezon taks, gen plizyè dizèn milye volontè VITA/TCE ki devwe k ap prepare plizyè milyon deklarasyon taks federal ak pou leta. Yo ede kontribyab yo ak preparasyon plizyè milye deklarasyon ki fèt atravè Sèvis Asistans Lib yo.

Anvan vizit ou a

Anvan ou ale nan yon sit VITA oswa TCE, gade Piblikasyon 3676-B (an anglè) PDF pou konnen sèvis yo ofri, epi tcheke sa pou pote pou asire ou gen tout dokiman ak enfòmasyon obligatwa volontè nou yo ap bezwen pou ede ou.

Remak: Sèvis ki disponib yo ka diferan nan chak sant akòz disponiblite volontè ki sètifye nan ekspètiz lwa fiskal ki nesesè pou deklarasyon ou ap fè a.

Kèk sant VITA ofri sèvis CAA pou kontribyab yo ansanm ak pwogram VITA yo a.

Anplis toujou, ale sou sitwèb FDIC a (an anglè) pou enfòmasyon sou kibò pou jwenn yon bank ki ka ouvri yon kont sou entènèt la ak kijan pou chwazi kont k ap pi bon pou ou a.

Chèche yon biwo VITA oswa TCE toupre lakay ou

Sant VITA ak TCE yo jeneralman chita kò yo nan sant kominotè ki nan katye yo, bibliyotèk, lekòl, sant komèsyal ak lòt lokal aksesib atravè peyi a. Pou jwenn yon lokal VITA oswa TCE ki toupre lakay ou, itilize Zouti Lokalizatè VITA (an anglè) a oswa rele nan 800-906-9887.

Zouti Lokalizatè VITA/TCE (an anglè)

Lè w ap chèche yon sant TCE, se pou w sonje majorite sant TCE yo dirije pa pwogram Èd Taks Fondasyon AARP a. Pou jwenn sant TCE nan Èd Taks AARP ki pi pre w la ant mwa janvye ak avril, itilize Zouti Lokalizatè Sant AARP (an anglè) a osinon rele nan 888-227-7669.

Zouti Lokalizatè Biwo AARP TCE (an anglè)

Lè w seleksyone sant taks yo, kontribyab yo gen opsyon tou pou yo prepare deklarasyon taks federal ak pou leta yo pou kont yo gratis, lè yo sèvi ak lojisyèl preparasyon taks ki baze sou Entènèt kote gen yon volontè IRS sètifye pou ede yo atravè pwosesis la. Opsyon sa a disponib sèlman nan lokal ki mete "Self-Prep" (Preparasyon Otomatik) nan repètwa sant lan.

Atansyon: Yo revize lokalizatè a regilyèman apati mwa fevriye jiska mwa avril.