Asistans IRS bay pou moun ki viktim vòl idantite yo: Kòman li fonksyone

Nou konnen vòl idantite ka fwistre epi mete konfizyon lakay viktim yo. Lè se vòl idantite ki gen rapò ak enpo, Sèvis Revni Entèn nan vle rezoud ka w la pi vit posib. IRS la te travay di pou ede viktim vòl idantite yo atravè amelyorasyon ak rediksyon nan tan yo pran pou rezoud sitiyasyon konplèks sa yo. Eksperyans chak kontribyab ap varye, tou depann de si ou di nou ou ka yon viktim vòl idantite ki gen rapò ak enpo, oswa nou di ou nou gen yon deklarasyon enpo sispèk ki gen non w sou li. (Note: Sa rive souvan nou pa konnen ou ka yon viktim vòl idantite jiskaske nou kòmanse trete deklarasyon enpo a oswa kòmanse yon kontwòl verifikasyon.)

Men yon deskripsyon jeneral sou sa ou ka atann.

Nou di ou nou gen yon deklarasyon enpo sispèk ki gen non ou sou li:

Pwogram Pwoteksyon kontribyab IRS la pral idantifye yon deklarasyon enpo ki gen non ou ak SSN ou epi l ap voye yon notifikasyon oswa yon lèt ba ou. Pwogram Pwoteksyon Kontribyab la ap idantifye aktivman epi anpeche tretman deklarasyon enpo sou vòl idantite yo epi ede kontribyab yo ap itilize idantite yo a pou ranpli deklarasyon sa yo. Gen anpil rezon ki fè yon deklarasyon ka parèt sispèk, nan je nou, epi nou pran mezi prekosyon sa a pou pwoteje w. Men sa k rive nan sitiyasyon sa a:

  • Ou ka resevwa youn nan lèt IRS yo ki mande w verifye idantite w ak enfòmasyon deklarasyon enpo. Nou pap kapab trete deklarasyon enpo a, voye yon ranbousman, oswa bay kredi pou enpo ki peye anplis sou kont ou an jiskaske w kontakte nou. Lèt 4883C (an anglè) nan men IRS la nan lespas 30 jou.
    • Lèt 5071C (an anglè), Gen yon opsyon pou itilize zouti sou entènèt la pou verifye idantite w ak deklarasyon enpo a. Sa a se kote ou ka di IRS si w te fè oswa ou pa t ranpli deklarasyon an.
    • Lèt 4883C (an anglè), bay yon nimewo gratis pou verifye idantite w ak deklarasyon enpo a epi pou di IRS si w te fè oswa ou pa t fè deklarasyon an.
    • Lèt 5747C (an anglè), yay yon nimewo gratis pou pran yon randevou nan yon Sant Asistans Kontribyab lokal pou verifye idantite w ak deklarasyon an an pèsòn. Li bay tou yon nimewo gratis pou di IRS ou pa t ranpli deklarasyon an.
    • Nimewo telefòn gratis pou w di IRS ou pa t ranpli deklarasyon an.

Swiv enstriksyon presi ki nan lèt la sou fason pou w verifye idantite w ak deklarasyon enpo a.

  • Itilize zouti verifikasyon sou entènèt la oswa rele nimewo gratis yo bay nan lèt la.
  • Si w te fè yon deklarasyon, ou dwe gen lèt la avèk ou lè w ap konekte nan zouti verifikasyon sou entènèt la oswa lè w rele Pwogram Pwoteksyon Kontribyab la oswa liy randevou Sant Asistans pou Kontribyab la.
  • Gen yon kopi yon deklarasyon enpo ane anvan an, si w te ranpli youn epi ou genyen li disponib, pou ede verifye idantite w.
  • Si w te ranpli youn, fè yon kopi fòm 1040 deklarasyon lèt la fè referans avèk li a.
  • Verifye idantite w. Si w pa kapab verifye idantite w ak reprezantan sèvis kliyan an, yo ka mande w pou vizite yon Sant Asistans pou Kontribyab IRS an pèsòn. Ou ta dwe planifye pou bay idantifikasyon foto, lèt ou te resevwa a (byenke li pa obligatwa, nou rekòmande pou w fè sa lè w vizite an pèsònn), ak yon kopi deklarasyon enpo ki afekte a si w te depoze youn.
  • Pinga w ranpli yon Fòm 14039.
  • Si w resevwa avi menm jan an konsènan deklarasyon yo sispèk, ou pa bezwen ranpli Fòm 14039 la.

Depi w fin verifye idantite w, ou ka fè nou konnen si w te ranpli deklarasyon enpo ki konsène a.

Si w pa t ranpli deklarasyon enpo ki konsène a, n ap retire l nan dosye IRS ou yo. Li ka rekòmande pou w ranpli yon deklarasyon enpo sou papye si w poko ranpli deklarasyon pa w.

Si w te ranpli deklarasyon enpo ki konsène a, n ap debloke deklarasyon sa pou kontinye trete l, epi sof si gen pwoblèm nou pa t prevwa (erè matematik, deklarasyon ki manke paj oswa lòt sipò) y ap voye ranbousman w lan ba w yon fwa pwosesis la fini.

Tan nou pran pou nou trete ka vòl idantite yo depann de kantite travay ak konpleksite ka yo. Yon fwa nou fin rezoud pwoblèm kont fiskal ou yo nèt, n ap make kont ou an ak yon endikatè vòl idantite pou ede pwoteje kont fiskal ou a alavni.

Tout moun yo konfime antanke viktim vòl idantite ki gen rapò ak enpo pral mete yo nan Pwogram PIN Pwoteksyon Idantite a epi chak ane, yo pral ba yo nouvo IP PIN ki gen sis (6) chif pou anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon lè l sèvi avèk idantite yo epi yo pral oblije itilize l nan tout sa y ap ranpli alavni.

Ou di nou ou ka viktim yon vòl idantite ki gen rapò ak enpo

Men sa ki rive si w aprann ou se yon viktim yon vòl idantite ki gen rapò ak enpo. Pa ekzanp, yo rejte deklarasyon elektwonik ou an akòz gen yon deklarasyon enpo an doub ki fèt ak nimewo sekirite sosyal ou a epi w rapòte nou pwoblèm nan:

  • Ou ta dwe
  • W ap resevwa yon lèt nan men IRS konsènan Fòm 14039 ou a.
  • Y ap voye ka w la bay òganizasyon "Asistans pou Viktim Vòl Idantite yo" pou yon anplwaye ki gen yon fòmasyon espesyalize nan vòl idantite ankete sou li epi rezoud li.
  • Òganizasyon IDTVA a ap travay pou rezoud ka vòl idantite ou a nan:
    • Evalye etandi pwoblèm yo epi eseye detèmine si pwoblèm vòl idantite ou a afekte youn oswa plizyè ane fiskal.
    • Trete tout pwoblèm ki gen rapò ak deklarasyon ki gen fwod. Sa gen ladan detèmine si gen viktim anplis, ou ka pa konnen, ki nan deklarasyon ki gen fwod la.
    • Fè rechèch sou ka a pou verifye epi otantifye tout non yo, adrès yo ak SSN yo egzat oswa yo se fwod.
    • Fè yon analiz ka a pou detèmine si yo te adrese tout pwoblèm li genyen yo.
    • Asire yo byen trete deklarasyon enpo ou a epi si yo dwe w yon ranbousman, debloke ranbousman w lan.
    • Retire deklarasyon fwod la nan dosye fiskal ou yo.
    • Make kont fiskal ou a ak yon endikatè vòl idantite, sa konplete travay nou sou ka w la epi l ap pwoteje w alavni.
    • W ap resevwa yon notifikasyon nan men IRS ki fè w konnen aksyon ki pran apre nou fin resevwa Fòm 14039 ou a.
  • W ap resevwa yon notifikasyon k ap di w ka w la rezoud. Sa pran jeneralman 120 jou, men akòz sikonstans atenuan pandemi a te lakoz, kantite ka vòl idantite nou yo te ogmante anpil epi sa pran nou an mwayèn 650 jou pou rezoud ka vòl idantite yo. IRS pran vòl idantite yo oserye e li angaje l pou rezoud ka vòl idantite yo pi vit posib epi y ap pran mezi pou diminye delè sa a pou l pase a 120 jou oswa mwens.
  • Apre ou fin ranpli Fòm 14039 la :
    • Y ap kontakte w lè ka w la rezoud.
    • Pa soumèt plizyè Fòm 14039 oswa 14039-B, ni kontakte IRS konsènan estati deklarasyon vòl idantite w la, sa pral lakòz delè si nou resevwa fòm an doub. Ou ka tcheke tablo Estati Tretman Fòm Enpo yo pou wè tan aktyèl pou yo trete Fòm 14039 ak Fòm 14039-B a.
    • Apa de reponn demann pou enfòmasyon byen rapid, pa genanyen ou bezwen fè jiskaske nou kontakte w.
    • Si w resevwa yon avi pou balans ou dwe paske w pa t aplike yon chwa kredi w te mande poutèt pwoblèm vòl idantite a, rele nimewo yo bay nan avi w la.
  • Y ap mete tout viktim ki konfime antanke vòl idantite ki gen rapò ak enpo nan pwogram PIN Pwoteksyon Idantite a epi chak ane y ap resevwa yon nouvo PIN IP sis (6) chif pou anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon lè l sèvi avèk idantite yo epi yo pral oblije itilize l nan tout sa y ap ranpli alavni.

Èske gen lòt mezi mwen ta dwe pran antanke viktim vòl idantite ki gen rapò ak enpo?

Lòt resous: