IR-2025-18, Jan. 27, 2025
WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan te louvri sezon ranpli enpo 2025 la jodi a epi l ap aksepte ak trete deklarasyon enpo endividyèl federal pou ane 2024.
Kou yo ouvè bonè jodi a nan maten, sistèm IRS yo te deja resevwa dè milyon deklarasyon enpo atravè nasyon an pou yo trete.
IRS espere plis pase 140 milyon deklarasyon enpo endividyèl pou ane enpo 2024 yo dwe ranpli anvan dat limit federal madi 15 Avril la. Plis pase mwatye nan tout deklarasyon enpo yo espere ranpli ane sa a avèk èd yon pwofesyonèl enpo, epi IRS ankouraje moun yo sèvi ak yon pwofesyonèl enpo yo fè konfyans pou evite potansyèl èskwokri ak magouy.
Kontribyab ki abite nan yon zòn dezas ki deklare federalman ka gen plis tan pou ranpli ak peye enpo federal yo.
Jwenn èd gratis pou prepare ak ranpli enpo w elektwonikman
Kontribyab yo ka vizite IRS.gov pou jwenn repons kesyon enpo yo (an anglè). IRS.gov se fason ki pi rapid pou kontribyab yo jwenn èd. Asistan enpo entèaktif (ITA) (an anglè) se yon zouti ki bay repons pou plizyè kesyon lwa enpo espesifik pou sikonstans endividyèl yo. Toudepan de enfòmasyon li jwenn, li ka detèmine estati ranpli yon kontribyab, si yon moun ta dwe ranpli yon deklarasyon enpo, si yon moun ka reklame kòm yon depandan, si yon kalite revni enpozab, si yon moun ki ranpli kalifye pou reklame yon kredi oswa si yo ka dedwi yon depans.
IRS ankouraje moun pou ranpli deklarasyon enpo yo elektwonikman epi chwazi depo dirèk pou ranbousman ki pi an sekirite ak pi rapid. Dapre Biwo Sèvis Fiskal Trezò a, chèk ranbousman papye yo gen 16 fwa plis chans pou yo gen yon pwoblèm, tankou chèk la pèdi, mal dirije, yo vòlè li oswa yo pa ranbouse l. Ranpli elektwonikman diminye erè deklarasyon enpo yo paske lojisyèl enpo a fè kalkil yo, siyale erè komen yo epi mande kontribyab yo pou enfòmasyon ki manke yo.
Opsyon pou ranpli enpo gratis
IRS ofri opsyon preparasyon enpo gratis sou entènèt ak an pèsòn pou kontribyab ki kalifye yo atravè pwogram IRS Free File, IRS Direct File (an anglè) ak Asistans enpo sou revni volontè ak konsèy enpo pou moun aje.
IRS Free File. Kontribyab ki gen revni $84 000 oswa mwens ane pase a ka sèvi ak IRS Free File Lojisyèl Enpo Gide kounye a jiska 15 Oktòb. Fòm IRS Free File ki ka Ranpli yo, yon pati nan pwogram sa a, disponib gratis pou nenpòt ki nivo revni epi li bay fòm elektwonik moun ranpli epi e-file yo menm tou gratis.
Direct File. Kounye a ouvè nan 25 eta k ap patisipe, kontribiyab yo ka sèvi ak Direct File pou ranpli sou entènèt dirèkteman ak IRS gratis. Li se yon sèvis gratis ki baze sou entènèt – ki disponib an Anglè ak Panyòl – ki travay sou telefòn mobil, laptop, tablèt oswa òdinatè. Li gide kontribyab yo atravè yon seri kesyon pou prepare deklarasyon enpo federal yo etap pa etap. Direct File otomatikman gide kontribyab yo nan zouti leta pou konplete enpo leta yo. Jwenn èd nan men reprezantan sèvis kliyan IRS atravè yon chat an dirèk nan lang anglè ak panyòl. Kontribyab ki enterese yo ka ale nan directfile.irs.gov (an anglè), kote yo ka detèmine si yo kalifye.
Volontè asistans enpo sou revni (VITA). Pwogram VITA a ofri èd enpo gratis pou moun ki jeneralman fè $67 000 oswa mwens, moun ki enfim ak kontribiyab lang prefere yo pa anglè. Volontè IRS ki sètifye bay moun ki kalifye yo preparasyon debaz pou deklarasyon enpo sou revni ak depoze deklarasyon elektwonikman.
Anplis VITA, pwogram Konsèy Enpo pou Moun Aje yo (TCE) ofri èd enpo gratis pou tout kontribiyab, sitou sila yo ki gen 60 an oswa plis, ki espesyalize nan kesyon pansyon ak pwoblèm ki gen rapò ak retrèt ki inik pou moun aje yo.
MilTax. Sa a se yon pwogram Depatman Defans ki disponib pou manm militè yo ak kèk veteran ki pa gen limit revni. MilTax (an anglè) jeneralman ofri preparasyon deklarasyon gratis ak lojisyèl pou ranpli elektwonikman deklarasyon enpo sou revni federal ak jiska twa deklarasyon enpo sou revni eta.
Pifò ranbousman yo bay nan mwens pase 21 jou: ranbousman EITC pou anpil moun ap disponib anvan 3 Mas
Fason ki pi fasil pou tcheke estati yon ranbousman se lè w sèvi ak Kote ranbousman mwen an? sou IRS.gov oswa aplikasyon IRS2Go.
Anpil faktè ka afekte tan ranbousman an apre IRS resevwa yon deklarasyon enpo. Malgre IRS bay pifò ranbousman nan mwens pase 21 jou, IRS avèti kontribyab yo pou yo pa konte sou resevwa yon ranbousman nan yon sèten dat, espesyalman lè y ap fè gwo acha oswa peye bòdwo. Gen kèk deklarasyon ki ka mande plis revizyon epi yo ka pran plis tan.
Dapre Lwa federal Pwoteksyon Ameriken kont Ogmantasyon Enpo (PATH), IRS pa kapab bay ranbousman Kredi Enpo sou Revni ou Touche (EITC) ak Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun (ACTC) anvan mitan mwa Fevriye a. Kote ranbousman mwen an? ta dwe montre yon estati ajou anvan 22 Fevriye pou pifò mounn ki ranpli EITC/ACTC bonè. IRS espere pifò ranbousman ki gen rapò ak EITC/ACTC yo disponib nan kont labank kontribyab yo oswa sou kat debi anvan 3 mas si yo te chwazi depo dirèk epi pa gen okenn lòt pwoblèm ak deklarasyon enpo yo a.
Rapòte revni enpozab; pa ranpli anvan ou resevwa dokiman kle yo
Moun yo ta dwe rapòte tout revni enpozab sou deklarasyon enpo yo epi tann jiskaske yo resevwa tout revni yo ak dokiman enfòmasyon yo pou yo ranpli. Kontribyab yo ka resevwa plizyè deklarasyon revni ak enfòmasyon tankou Fòm 1099 nan men bank oswa lòt moun ki te peye yo, konpansasyon pou chomaj (an anglè), dividann (an anglè), pansyon, anwite oswa distribisyon plan pou pran retrèt (an anglè). Kontribyab ki resevwa Fòm 1099-K, pou peman sou lavant machandiz ak sèvis atravè yon mache sou entènèt oswa yon aplikasyon pou peman, ka vizite Kisa pou fè ak Fòm 1099-K pou ede yo kalkile epi rapòte kantite lajan revni kòrèk yo sou deklarasyon enpo yo a.
Chwazi yon pwofesyonèl enpo ou fè konfyans
Plis pase mwatye nan kontribyab yo al wè pwofesyonèl enpo pou ède yo ranpli deklarasyon enpo. Malgre pifò preparatè enpo bay sèvis pwofesyonèl eksepsyonèl, chwazi yon move preparatè ka lakòz domaj finansye.
Kontribyab yo ta dwe gade konsèy yo pou yo chwazi yon preparatè enpo (an angle) epi aprann kijan pou evite preparatè deklarasyon enpo ki pa gen etik ki pa siyen oswa ki pa mete yon nimewo idantifikasyon enpo (PTIN) (an angle) valab pou preparatè sou chak deklarasyon enpo yo prepare. Kontribyab yo kapab tou sèvi ak Anyè IRS pou Preparatè Deklarasyon Enpo Federal ki gen Konpetans ak Kalifikasyon seleksyone (an anglè) pou jwenn pwofesyonèl ou fè konfyans. IRS tou raple kontribyab yo ke chwazi yon moun ki afilye ak yon asosyasyon enpo nasyonal rekonèt (an anglè) se toujou yon bon opsyon. Pwofesyonèl enpo yo aksepte nan pwogram pou ranpli elektwonik IRS yo se founisè otorize IRS e-file (an anglè), ki kalifye pou prepare, transmèt ak trete deklarasyon enpo ki ranpli elektwonikman.
Ou dwe konnen magouy enpo yo
Ou dwe konnen magouyè yo, ki ka vin pi aktif pandan sezon enpo a. Yo pral eseye twonpe moun sou ranbousman, kredi ak peman enpo. Yo fè presyon sou moun pou ba yo enfòmasyon pèsonèl, finansye, pwofesyonèl oswa lajan.
Pran prekosyon ak:
- Yon gwo peman . Si yon enfomasyon sonen twò byen pwobableman li pa laveite. Move konsèy enpo sou rezo sosyal ka konvenk moun yo bay manti sou fòm enpo oswa twonpe yo sou kredi yo ka reklame.
- Demann oswa menas yo. Imitan yo vle moun peye "kounye a oswa lòt bagay." Yo menase arestasyon oswa depòtasyon. Yo pa kite moun kesyone oswa fè apèl sou kantite enpo yo dwe.
- Lyen sitwèb etranj oswa mal eple. Lyen sitwèb ki etranj oswa mal eple ka mennen moun sou sit danjere olye pou yo ale sou IRS.gov.
Vòl idantite ki gen rapò ak enpo fèt lè yon moun sèvi ak enfòmasyon pèsonèl li vòlè, tankou nimewo Sekirite Sosyal, pou fè yon deklarasyon enpo pou reklame yon ranbousman fwòd. Si yon moun sispèk li se yon viktim vòl idantite, li ta dwe kontinye peye enpo yo epi ranpli deklarasyon enpo yo, menm si li dwe ranpli yon deklarasyon sou papye. Vizite Santral Vòl Idantite pou jwenn plis enfòmasyon.
Konnen siy vòl idantite yo
Plizyè milye moun te pèdi plizyè milyon dola ak enfòmasyon pèsonèl yo nan fwòd enpo. Magouyè yo sèvi ak lapòs regilye, telefòn ak imèl pou twonpe moun, biznis, pewòl ak pwofesyonèl enpo yo. Tcheke dènye alèt konsomatè yo epi li plis enfòmasyon sou dènye fwòd enpo yo IRS te idantifye.
Plis èd disponib kounye a
IRS bay kontribyab yo èd an pèsòn tou nan Sant Asistans pou kontribyab nan tout peyi a.
Kèk amelyorasyon kontribyab yo pral wè pandan sezon ranpli 2025 la se:
Kont Endividyèl IRS sou Entènèt. IRS kontinye ajoute plis fonksyonalite nan zouti enpòtan sa a. Moun yo ka kreye oswa jwenn aksè nan Kont Entènèt IRS yo nan Kont entènèt pou moun. Avèk yon kont IRS sou entènèt, moun ka:
- Gade detay kle nan dènye deklarasyon enpo yo, tankou revni brit ajiste.
- Mande yon PIN Pwoteksyon Idantite.
- Jwenn transkripsyon kont yo, ki gen ladan l dosye salè ak revni.
- Siyen fòm enpo tankou pwokirasyon oswa otorizasyon enfòmasyon enpo.
- Gade ak modifye preferans lang ak medya altènatif.
- Resevwa epi gade plis pase 200 avi elektwonik IRS.
- Gade, fè ak anile peman yo.
- Mete oswa chanje plan peman epi tcheke balans yo.
Nouvo alèt sou tronpri. Pou ede pwoteje kontribyab yo kont menas k ap parèt yo, gen yon nouvo banyè sou paj dakèy Kont Entènèt la ki alète kontribyab yo sou potansyèl fwòd ak konplo, ansanm ak yon lyen ki mennen nan paj Avi ak Lèt Dijital pou wè korespondans IRS te voye yo. Karakteristik la ede edike kontribyab yo sou fwòd komen ak efò konplotaj sou vòl enfòmasyon kontribyab yo epi bay kontribyab yo plis kapasite pou valide lejitimite kominikasyon IRS yo.
Avi reyamenaje. IRS te reyamenaje avèk siksè 284 avi an 2024, sa ki depase objektif 200 avi ajans lan. Li enpòtan pou sonje 200 avi yo te reyamenaje epi itilize yo an 2024 ak 84 lòt avi reyamenaje ki nan liy pou yo itilize yo an 2025. Tout avi yo pral ajoute nan Kont Entènèt Endividyèl pou kontribyab k ap resevwa yon lèt espesifik ka wè li.
Fòm enpo mobil adapte yo. Kontribyab yo kapab kounye a jwenn aksè nan 67 fòm sou telefòn selilè ak tablèt. Fòm ki pi resan yo genyen kapasite "sove and bouyon", ki pèmèt kontribyab la kòmanse yon fòm, sove l epi retounen sou li pita. Sove ak bouyon pèmèt plis kapasite alavni, ki enkli posiblite pou plizyè konjwen siyen yon fòm.
Asistan vityèl pou ede ak ranbousman ak lòt kesyon. Kit yon kontribyab sèvi ak yon zouti sou entènèt oswa rele IRS, yo pral fè eksperyans karakteristik èd modènize. Pandan sezon ranpli 2025, IRS pral ofri sèvis ak Vwa robo (voicebot) pou tout kontribyab ki rele IRS pou enfòmasyon ranbousman. Vwa robo (Voicebot) a disponib nan lang anglè ak panyòl e li te ede plizyè milye moun ki rele san yo pa bezwen tann pwochen reprezantan ki disponib la. Kontribyab yo pral oblije otantifye idantite yo pou jwenn aksè a enfòmasyon ranbousman yo lè yo bay enfòmasyon seleksyone nan deklarasyon enpo yo.
Ane pase a IRS te kòmanse sèvi ak chatbots sou entènèt pou plizyè fonksyon. Chatbots sa yo itilize swa èd gide atravè bouton chwazi oswa yon bwat tèks ouvè pou yon kesyon personnalisé. Chatbot yo sèvi ak pwosesis langaj natirèl ak konpreyansyon pou entèprete opinyon kontribyab la pou bay yon repons apwopriye. Pou lanse chatbot la, kontribyab la tou senpleman klike sou bouton "Chat" ki nan kwen ki pi ba adwat paj wèb la. Kounye a kontribyab yo ka itilize chatbots nan uit paj wèb.