Chanjman ki gen pou wè ak kredi taks sou revni ou touche nan peryòd deklarasyon ane 2022 an.

Konsèy Fiskal COVID 2022-31, 28 fevriye 2022

Kredi taks ous revni (EITC) se youn nan pi gwo kredi taks gouvènman federal ki ranbousab bay fanmi ki pa gen gwo revni yo ak sa ki gen revni modere yo. Kredi sa a fèk pran yon ekstansyon, sa k ap pemèt plis moun kalifye pou kapab jwenn plis lajan yo gen bezwen retoutnen nan pòch yo.

IRS ap ankouraje kontribyab yo pou yo tcheke pou yo wè si yo kalifye pou kredi enpòtan sa a. Puiske moun ki gen yon revni ki pi piti pase yon sèten montan pa oblije reyalize yon deklarasyon taks puiske yo pa p gen pou peye okenn taks, sepandan, moun ki kalifye pou kredi taks sou revni yo (EITC) gendwa resevwa yon ranbousman sizoka yo ta reyalize deklarasyon taks 2021 yo.

Men yon apèsi sou dènye chanjman remakab nan kredi taks sou revni (EITC) pou ane fiskal 2021 sèlman:

Kredi taks sou revni (EITC) elaji pou moun ki pa gen timoun ki kalifye yo

Pi plis travayè san timoun ki kalifye yo ka elijib pou kredi taks sou revni (EITC) an, epi kantite maksimòm kredi a prèske triple pou kontribyab sa yo ane sa a. Kredi a disponib kounye a ni pou jèn travayè yo, ni pou granmoun k ap travay yo. Se pou lapremyè fwa sa fèt. Depi kontribyab la te touche yon revni, li gen dwa reklame kredi sa a, pa gen okenn limit laj nan sa.

Anjeneral, kredi taks sou revni an (EITC) disponib pou travayè ki pa gen timoun ki kalifye ki gen omwen 19 an epi ki gen yon revni ki pi piti pase $21,430 si li te fè yon deklarasyon endividyèl, $27,380 pou konjwe ki te reyalize yon deklarasyon konjwen. Kredi maksimòm pou kontribyab ki pa gen timoun ki kalifye yo se $1,502. Gen espesyal eksepsyon tou pou moun ki gen 18 an epi ki te nan fanmi dakèy oparavan oswa ki te pase yon moman san li pat gen okenn kote poul rete. Etidyan a tan plen ki poko gen 24 an pa kalifye.

Gen kèk kontribyab ki ka itilize revni 2019 yo pou kalkile kredi taks sou revni (EITC) yo

Kontribyab yo gen dwa chwazi itilize revni 2019 yo pou kalkile kredi revni 2021 yo si toutfwa revni 2019 yo a ta pi plis pase revni 2021 an. Opsyon sa a gendwa ede travayè yo jwenn yon pi gwo kredi si yo te touche mwens lajan nan travay yo pandan ane 2021. Pou plis enfòmasyon, kontribyab yo kapab al reli liy 27 c enstriksyon Fòm 1040 lan (an anglè)PDF ki an.

Limit kredi ak sipresyon

Pou ane 2021 an, montan kredi a ogmante epi limit eliminasyon revni yo elaji.

Nenpòt twazyèm tranch peman enpak ekonomik oswa peman kredi taks pou timoun ou resevwa pa taksab oswa pa konsidere antanke revni pou nan sa ki gen pou wè ak reklamasyon kredi taks sou revni (EITC) a. Moun ki pa t jwen yon peman estimilis oswa ki te resevwa pi piti pase montan konplè a gendwa elijib pou reklame kredi rekiperasyon an nan deklarasyon taks 2021 yo.

Nouvo chanjman yo nan lwa a elaji kredi taks sou revni (EITC) pou ane 2021 an ak pou lòt ane k ap vini yo. Men kèk nan chanjman yo:

  • Plis travayè ak fanmi k ap travay epi ki gen revni ki soti nan envestisman kapab jwenn kredi a tou. Apati de ane fiskal 2021 an, kantite lajan ki soti nan revni envestisman yo kapab resevwa epi pou yo toujou rete elijib pou kredi taks sou revni (EITC) a ogmante, li vin $10,000 konnya. Aprè ane 2021 an, $10,000 a se endis pou enflasyon.
  • Konjwen ki marye men ki separe kapab chwazi pou yo trete yo antanke moun ki pa marye nan kad reklamasyon kredi taks sou revni (EITC) an. Pou li kapab kalifye, konjwen ki reklame kredi a pa ka reyalize yon deklarasyon konjwen avèk mari oswa madanm li. Yo sipoze gen yon timoun ki kalifye k ap viv avèk yo pou plis pase mwatye nan ane a epi swa:
    • De konjwen yo pa gen menm rezidans prensipal pandan omwen sis dènye mwa yo nan ane a.
    • Konjwen yo separe legalman dapre lwa eta respektif yo, sa vle di yo gen yon papye ki konfime separasyon an oswa yo gen yon dekrè ki separe yo epi yo p ap viv nan menm kay nan fen ane fiskal la, nou vle pale de ane fiskal reklamasyon kredi taks sou revni an ap fèt pou li a. Kontribyab yo ta dwe ranpli anèks taks enpo sou revni an - Fòm 1040 (an anglè) epi tcheke kare ki di yo se moun ki marye ki gen timoun epi k ap reyalize deklarasyon endividyèl
  • Moun ki selibatè ak moun ki an koup ki gen timoun ki gen nimewo sekirite sosyal yo ka reklame kredi a, menm si pitit yo pa ta gen nimewo sekirite sosyal. Nan ka sa a, y ap jwenn pi piti kredi ki disponib pou travayè ki pa gen timoun ki kalifye yo. Kontribyab yo ta dwe ranpli anèks taks enpo sou revni yo epi epi atache li nan Fòm 1040 oswa 1040-SR si yo gen omwen yon timoun ki kalifye, menm si timoun nan pa gen yon nimewo sekirite sosyal valab. Pou plis enfòmasyon, kontribyab yo ta dwe revize enstriksyon Fòm 1040 lan (an anglè)PDF liy 27a, ki an ak anèk taks enpo sou revni.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)