Verifye prelèvman ap ede kontribyab yo deside si yo bezwen bay anplwayè yo a yon nouvo W-4

Konsèy sou taks pou COVID 2021-75, Me 26, 2021

Tout kontribyab ta dwe ekzaminen prelèvman federal yo chak ane pou rasire yo si yo pa fè ase oswa twòp prelèvman enpo.

Anplwaye yo, retrete yo ak endividi k ap travay ak tèt yo kapab itilize Estimatè Prelèvman Enpo IRS la pou ede yo deside si yo ta dwe fè yon chanjman nan prelèvman yo a. Zouti anliy sa oryante itilizatè yo, etap apre etap nan pwosesis pou verifye prelèvman yo a, epi bay rekòmandasyon konsènan prelèvman yo pou ede yo jwenn montan ranbousman yo dezire jwenn nan lè yo deklare lòt ane. Kontribyab yo ka verifye ansanm avèk anplwayè yo pou aktyalize prelèvman oswa soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a.

Ajisteman nan prelèvman

Jeneralman, endividi yo ta dwe ogmante prelèvman an si yo gen plis pase yon sèl travay alafwa oswa genyen revni apati yon sous yo ka fè prelèvman. Si yo pa fè okenn chanjman, gen chans pou yo dwe enpo adisyonèl ak posiblite pou sanksyon lè y ap fè deklarasyon enpo yo a.

Jeneralman, endividi yo ta dwe diminye prelèvman yo si yo kalifye pou kredi enpo sou revni yo oswa dediksyon ki pa dediksyon estanda bazik la.

Nan nenpòt fason, sila yo ki bezwen ajiste prelèvman yo dwe prepare yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye. Yo bezwen soumèt nouvo Fòm W-4 bay anplwayè yo osito posib depi prelèvman an fèt nan ane a.

Endividi yo ta dwe verifye si prelèvman yo genyen sa yo:

  • ki gen konjwen yo ki se anplwaye
  • ki nan de (2) oswa plizyè travay alafwa oswa ki travay sèlman pandan yon moman nan ane a
  • ki reklame kredi tankou kredi enpo pou timoun nan
  • avèk depandan ki gen 17 lane oswa plis
  • ki te detaye dediksyon nan deklarasyon ane anvan yo
  • avèk gwo revni epi deklarasyon enpo ki pi konplèks
  • avèk gwo ranbousman enpo oswa gwo fakti enpo pou ane pase

avantaj Estimatè Prelèvman Enpo a

Estimatè Prelèvman Enpo IRS la kapab ede kontribyab yo:

  • detèminen si yo ta dwe konplete yon nouvo Fòm W-4.
  • konnen ki enfòmasyon pou yo mete nan yon nouvo Fòm W-4.
  • ekonomize tan paske zouti an konplete fèy travay fòm nan.

Kontribyab yo ta dwe prepare anvan yo itilize Estimatè Prelèvman Enpo a pandan y ap genyen bilten peman ki pi resan yo a, enfòmasyon sou lòt sous revni yo ak deklarasyon enpo ki pi resan yo a. Zouti a pa mande enfòmasyon ki sansib yo tankou non, nimewo Sekirite Sosyal, adrès, oswa nimewo kont labank.

Prelèvman Eta oswa lokal

Kèk endividi ka bezwen ajiste prelèvman Eta oswa lokal yo tou. Yo kapab kontakte  depatman revni Eta a (an anglè) pou aprann plis toujou.

Plis enfòmasyon: