Konsèy enpo ki enpòtan pou chanjman estati marital

Konsèy enpo IRS 2025-02, 7 Janvye 2025

An jeneral estati yon kontribyab depann de si li te marye oswa li pa t marye nan dènye jou nan ane a – sa vle di estati marital yon kontribyab apati 31 Desanm 2024, detèmine opsyon pou ranpli enpo (an anglè) pou tout ane 2024 la.

Pou rezon ranpli, jeneralman IRS konsidere kontribyab yo kòm marye si yo separe men yo pa separe legalman oswa divòse nan fen ane a. Estati marital ka detèmine kondisyon pou ranpli, dediksyon estanda, kalifikasyon pou sèten kredi ak enpo. Pou jwenn kalifikasyon egzak ak eksepsyon sou estati ranpli, gade Piblikasyon 504, Moun ki Divòse oswa ki Separe (an anglè).

Men kèk bagay kontribyab yo ta dwe fè si sitiyasyon marital yo te chanje an 2024.

Rapòte chanjman non

Rapòte nenpòt chanjman non bay Administrasyon Sekirite Sosyal. Non ki sou deklarasyon enpo yon moun dwe koresponn ak sa ki nan dosye SSA a. Si non an pa matche, li ka retade nenpòt ranbousman enpo. Pou mete enfòmasyon yo ajou, ale sou sitwèb SSA a epi chèche "Chanje non w ak Sekirite Sosyal." Chanjman non ka trete tou lè w rele SSA nan 800-772-1213 oswa lè w vizite yon biwo SSA lokal.

Mizajou adrès

Notifye Sèvis Postal Etazini an, nenpòt anplwayè ak IRS konsènan chanjman adrès. Kontribyab yo gen plizyè opsyon pou notifye IRS konsènan chanjman adrès (an angle).

Tcheke prelèvman

Yon chanjman nan sitiyasyon marital ka afekte tou kantite enpo yo ta dwe prelve nan chèk revi kontribyab la. Pou evite sipriz nan moman enpo, kontribyab la ta dwe sèvi ak Estimatè Prelèvman Enpo IRS la pou kalkile prelèvman epi sèvi ak estimatè a pou ranpli yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye, pou bay anplwayè yo. Kontribyab yo kapab sèvi ak Fòm W-4 a tou pou di yon anplwayè pou li pa prelve okenn enpo federal sou revni l. Pou kalifye pou estati egzante sa a, kontribyab la dwe pa t gen okenn obligasyon enpo pou ane anvan an epi li dwe espere pa gen okenn obligasyon enpo pou ane aktyèl la.

Analize estati ranpli

Kontribyab ki te fèk marye an 2024 pral vle konsidere opsyon estati ranpli yo. Yo ka chwazi ranpli enpo federal sou revni yo ansanm oswa separeman chak ane, kidonk li se yon bon lide pou kalkile enpo a tou de fason yo pou chèche konnen kiyès ki fè plis sans. Kontribyab yo ta dwe sonje si yon koup marye apati 31 Ddesanm, lalwa di yo marye pou tout ane a pou rezon enpo.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy Enpo IRS (an angle)