Fanmi yo kapab deklare chanjman nan revni yo atravè Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan kounyea

COVID Tax Tip 2021-167, November 10, 2021

IRS la te lanse yon nouvo fonksyonalite nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, k ap pèmèt fanmi yo resevwa peman avans kredi enpo pou timoun mansyèl yo pou aktyalize revni yo.

Fanmi yo ta dwe rantre chanjman yo anvan 29 Novanm, pou chanjman yo ka reflete peman Desanm nan. Depi aktyalizasyon an fin fèt, IRS la ap ajiste montan peman an pou li rasire li tout moun resevwa peman avans total yo pou ane a. Pou koup ki marye yo, si youn nan konjwen yo fè aktyalizasyon revni, l ap aplike pou toude (2) konjwen yo e sa ka gen enpak sou peman avans mansyèl kredi enpo pou timoun pou toude (2) konjwen yo alavni.

Kiyès ki ta dwe itilize fonksyonalite revni a 

Nouvo fonksyonalite revni a kapab ede fanmi yo rasire yo

Nouvo fonksyonalite revni a kapab ede fanmi yo rasire yo si y ap benefisye bon montan peman avans kredi enpo pou timoun yo pandan 2021 an. Li itil espesyalman pou tout fanmi ki vle ogmante oswa diminye peman mansyèl yo paske revni 2021 yo te gen gwo chanjman nan 2020 an.

Nan anpil ka, yon gwo balans nan revni a kapab ogmante oswa diminye peman mnasyèl yon fanmi. Nòmalman, sa vle di, ti chanjman ki fèt nan revni yo p ap genyen enpak sou montan peman an e yo p ap bezwen rantre nan CTC UP a.

Chanjman ki fèt anvan minwi nan 29 Novanm yo ap gen enpak sou peman 15 Desanm nan sèlman, ki se dènye peman mansyèl ki pwograme pou 2021 an. Peman nan 2021 an ka jiska $1,800 pou chak timoun ki genyen mwens pase 6 lane epi jiska $1,500 pou chak timoun ki genyen soti 6 rite 17 lane.

Fanmi yo bezwen reklame pòsyon kredi enpo pou timoun yo a ki rete a nan deklarasyon taks 2021 yo.

Kiyès ki ka kalifye pou yon pi gwo peman

Nan kèk ka, fanmi yo ap resevwa peman mansyèl yo aktyèlman, ki pi ba pase maksimòm nan ka kalifye pou fè peman yo ogmante. Pa egzanp, yo te pèdi travay yo pandan 2021 an, oswa pou kèk lòt rezon, y ap resevwa revni ki pi piti anpil ane sa a. Si rediksyon an gwo ase, deklare chanjman sa a kounyea ka ogmante montan peman avans CTC yo a pou rès ane sa a.

Pou tout fanmi ki deja ap resevwa peman maksimòm nan, yon rediksyon nan revni an p ap ogmante montan peman an.

Majorite fanmi yo ap resevwa mwatye CTC total pa mwayen peman mansyèl yo. Sa vle di, tout chanjman yo rantre nan CTC UP a ap ogmante oswa diminye peman mansyèl yo pou rasire yo resevwa mwatye total kredi yo t ap tann nan anvan fen ane 2021 an.

Kiyès ki ta dwe fè redui peman yo

Tout fanmi ki gen revni yo ki te ogmante anpil nan 2021 an ta dwe panse ak itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou aktyalize revni yo epi fè redui peman yo. Yo dwe fè sa sitou si kounyea y ap resevwa peman mansyèl maksimòm nan, epi espere kalifye pou mwens pase tout kredi a. Pou plis enfòmasyonn sou kalkil CTC a, gade Sijè C nan kesyon yo poze souvan. Fanmi ki kalifye pou mwens pase tout montan ta dwe gade QC 4 ak QC 5.

Itilize pòtal la pou deklare chanjman nan revni yo

Sèlman fanmi ki deja elijib pou epi k ap resevwa peman avans CTC yo ki baze sou deklarasyon taks 2020 yo ap kapab itilize CTC UP a pou aktyalize revni yo. Yon moun ki te depoze yon deklarasyon konjwen pou 2020 kapab aktyalize revni yo sèlman si yo planifye depoze yon deklarasyon konjwen pou 2021 an avèk menm konjwen an. Reprezantan IRS yo pa kapab trete chanjman nan revni yo nan telefòn oswa nan Sant Asistans Kontribyab yo.

Apre yon fanmi fin fè yon aktyalizasyon nan revni yo, CTC UP a ap rekonèt chanjman an men li p ap afiche chanjman an. Menm jan an, reprezantan IRS yo p ap kapab konfime yon aktyalizasyon.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)