Men yon lis kontwòl tou kout pou ede kontribyab yo chwazi yon pwofesyonèl taks pou sezon deklarasyon k ap vini an

Konsèy Fiskal IRS 2022-186, 6 desanm 2022

Sezon deklarasyon enpo an ap sou nou nan yon ti kras tan. Pandan moun yo kòmanse ap rasanble dokiman yo ak resi yo nan kad preparasyon pou depo yon deklarasyon enpo, anpil lòt ap chwazi sèvi avèk yon pwofesyonèl deklarasyon enpo tou. Nenpòt moun ki gen yon Nimewo Idantifikasyon Fiskal Pwofesyonèl IRS kapab yon pwofesyonèl deklarasyon enpo yo peye. Sepandan, pwofesyonèl deklarasyon enpo pa genyen menm nivo konpetans, edikasyon ak ekspètiz. Byen chwazi yon pwofesyonèl deklarasyon enpo enpòtan paske se kontribyab yo ki responsab tout enfòmasyon ki nan deklarasyon yo a, kèlkeswa kiyès ki prepare li pou yo.

Kontribyab yo kapab kòmanse rechèch yo avèk Repètwa Pwofesyonèl IRS la

Lè y ap chèche yon pwofesyonèl enpo, kontribyab yo kapab chèche nan Repètwa Pwofesyonèl IRS la (an anglè). Malgre li pa yon lis konplè ki gen tout pwofesyonèl deklarasyon enpo yo, men li genyen sila yo ki se ajan anwole, CPA (Kontab Piblik Sètifye) ak avoka, ansanm avèk sila yo ki patisipe nan Pwogram Sezon Deklarasyon Anyèl la.

Anvan yo anplwaye yon pwofesyonèl, kontribyab yo ta dwe asire yo ke yo konnen sa yo pral jwenn. Yo kapab fè sa lè yo:

  • Verifye istorik pwofesyonèl la nan Biwo Pibon Biznis (Better Busines Bureau). Kontribyab yo kapab verifye estati yon ajan anwole (an anglè) tou, sou IRS.gov.
  • Poze kesyon sou frè yo. Kontribyab yo sipoze kouri lwen pwofesyonèl taks ki baze frè travay yo sou pousantaj ranbousman an, oswa ki mande pou depoze tout oswa yon pati nan ranbousman an sou kont finansye pèsonèl yo. Kontribyab ta dwe sispèk nenpòt pwofesyonèl k ap di yo kapab jwenn pi gwo ranbousman pase lòt pwofesyonèl taks.
  • Poze kesyon pou konnen si pwofesyonèl la ap itilize deklarasyon elektwonikFason ki pi rapid pou resevwa ranbousman se fè deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dirèk.
  • Asire ke pwofesyonèl la ap disponib si yo bezwen l. Moun yo ta dwe konsidere si patikilye a oswa fim nan ap disponib pandan plizyè mwa oswa ane apre deklarasyon an fin fèt. Li posib pou yo bezwen pou pwofesyonèl taks la reponn kesyon ki gen pou wè ak preparasyon deklarasyon taks la.
  • Garanti ke pwofesyonèl la siyen epi mete PTIN yo. Pwofesyonèl deklarasyon enpo yo peye yo dwe genyen yon PTIN pou yo prepare deklarasyon enpo yo e yo dwe mete li sou tout deklarasyon enpo yo prepare.
  • Konsiderasyon referans moun nan. Sèlman avoka yo, CPA yo ak ajan anwole yo kapab reprezante kontribyab yo devan IRS la nan afè ki an rapò ak enpo yo. Lòt pwofesyonèl deklarasyon enpo ki patisipe nan Pwogram Sezon Deklarasyon Anyèl (an anglè) IRS la gen dwa egzèse ki limite pou yo reprezante kontribyab yo pandan odit deklarasyon yo te prepare yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)