Kijan pou evite pou yo pa twonpe, pa pran nan magouy nan taks - YouTube video text script

Vòlè yo toujou ap travay pou vòlè idantite moun ak done pèsonèl yo pou yo ka sèvi ak li pou fwod, soumèt deklarasyon taks epi reklame lajan ranbousman ki pa pou yo.

Sonje tcheke irs.gov/scams ki vle di magouy pou jwenn plis enfòmasyon ak konsèy sou fason pou evite magouy.

Men kèk bagay ou ta dwe konnen pou ou pa tonbe viktim magouy sa yo.

Premyèman, IRS pa pral kòmanse kontakte w pa imel oswa sou medya sosyal pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finans ou

Dezyèmman, IRS pa voye tèks mesaj ki ofri bagay tankou soulajman taks, kredi taks, oswa èd pou kreye yon kont sou entènèt.

Twazyèmman, gade pou fo imèl oswa sit entènèt ki pretann yo se IRS. Pa klike sou lyen ou pa ka fè konfyans.

Katriyèmman, fo telefòn ki imite IRS souvan menase moun yo ak bagay tankou arestasyon ak depòtasyon.

Sonje byen, IRS pa kite mesaj pre-anrejistre, ijan, oswa menas, ni nou p'ap mande yon peman imedyatman, pa kat kado.

Finalman, sonje IRS inisye pifò kontak atravè lèt regilye ke Sèvis Postal Ameriken an bay.

Sepandan, gen kèk fwa IRS ka rele oswa vin nan yon kay oswa yon biznis. Menm lè sa a, ou jeneralman resevwa plizyè lèt nan men IRS avan pa lapòs.

Si'w kwè yon magouyè kontakte'w, vizite irs.gov/scams ki vle di magouy pou jwenn detay sou fason pou'w rapòte yo.