Kijan Pou Jwenn yon Nimewo Idantifikasyon Taks Endividyèl - YouTube video text script

Ou pral bezwen yon Nimewo Idantifikasyon Taks Endividyèl ki soti nan IRS – sa yo rele ITIN pou pi kout – Si ou gen yon kondisyon pou ranpli taks, pou kenbe taks federal oswa ou kalifye pou yon benefis taks ki akseptab, men ou pa kalifye pou yon nimewo Sosyal Sekirite.

Ale nan irs.gov/itin, kote ou ka aprann plis sou li.

Premyèman, ou pral ranpli yon Fòm W-7. Ou pral voye-l pa la poste bay IRS ansanm ak dokiman idantifikasyon yo mande ou yo ak deklarasyon taks federal ou.

Tcheke enstriksyon yo pou Fòm W-7 pou yon lis dokiman ki akseptab.

Sèlman voye dokiman idantifikasyon orijinal oswa yon kopi ki sètifye pa ajans lan ki bay li.

Ou gen lòt opsyon tou. Olye pou ou poste dokiman orijinal tankou paspò ou, ou ka travay avèk yon ajan sètifye ki akseptab. IRS otorize ajan sa yo pou verifie dokiman ou yo.

Yon lòt opsyon se pou pran yon randevou pou jwenn èd nan yon IRS Sant Asistans pou kontribyab ki bay sèvis sa a.

Nenpòt ITIN ki pa itilize nan yon deklarasyon taks omwen yon fwa nan twazan ap ekspire nan fen twazyèm ane a.

Si ITIN ou ekspire epi ou bezwen ranpli yon deklarasyon taks, asire w ke ou soumèt yon Fòm W-7 ranpli ak dokiman yo mande yo pou ou ka renouvle ITIN ou an ki te ekspire a.

Sa ka ede evite reta nan pwosesis la nan deklarasyon taks ak ranbousman taks ou. Asire w ke ou tcheke tout lòt ITIN ki nan lis sou deklarasyon taks ou pa ekspire – tankou pa mari ou, pa madanm ou, oswa pa yon depandan.

Pou plis enfòmasyon sou ITINs ak ki kote ou ka jwenn èd, ale nan IRS.gov/itin.