IRS pibliye mizajou sou Plan Operasyon Estratejik ki dekri priyorite yo pou lavni; momantòm transfòmasyon akselere vin apre long lis siksè pou kontribyab yo

IR-2024-130, 2 me 2024

WASHINGTON — Sèvis Internal Revenue jodi a te pibliye yon mizajou sou Plan Operasyon Estratejik la, yon plan ki dekri plan pou lavni nan travay transfòmasyon ajans lan, epi ki mete aksan sou plizyè douzèn amelyorasyon pou kontribyab depi yo te pase Lwa sou Rediksyon Enflasyon an.

Aktyalizasyon anyèl la (an anglè)PDF konsantre sou gwo reyalizasyon ajans lan te akonpli depi pasaj IRA a nan mwa Out 2022. Gwo seri chanjman yo te amelyore sèvis kontribyab yo, te pran dispozisyon pou ajoute jistis nan konfòmite fiskal, ak ajoute nouvo zouti teknoloji pou ede kontribyab yo ak kominote pwofesyonèl enpo a. Efò sa yo te pèmèt ane sa a vin youn nan sezon depoze ajans la ki te gen plis siksè ansanm avèk amelyorasyon dramatik nan sèvis kontribyab ak nouvo zouti.

Anplis de sa, IRS te pibliye yon dokiman ki akonpaye 52 paj ki rezime travay aktyèl (an anglè)PDF k ap fèt la epi ki esplike plan istorik ajans lan pou fè chanjman fondamantal ak finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon (IRA). Rapò a konsantre sou chanjman k ap fèt ak planifikasyon pou Ane Fiskal 2024 ak 2025 atravè sèvis kontribyab, konfòmite fiskal ak modènizasyon teknoloji.

Komisyonè IRS Danny Werfel te dekri chanjman modènizasyon ki endike nan Plan Operasyon Estratejik la kòm yon " jenerasyon enperatif " ki nesesè pou sèvi nasyon an ak kontribyab yo.

Werfel te ekri nan entwodiksyon rapò a: “N ap wè nan dokiman sa yo nou te fè anpil pwogrè pou reyalize objektif plan an, epi travay la ap kontinye akselere. “Nou te fè chanjman fondamantal ki te amelyore sèvis kontribyab yo, ki te pote nouvo metòd ki jis nan efò konfòmite yo, epi ki te lanse chanjman enpòtan nan teknoloji nou an. N ap fè yon diferans pou kontribiyab yo ak nasyon an, e amelyorasyon nan IRS yo fèk kòmanse.”

Werfel te ajoute: “Chanjman ki dekri nan rapò sa a se yon gwo diferans parapò ak ane lè mankman nan finansman te deteryore sèvis kontribyab yo ak ranfòsman fiskal yo, sa te fwistre kontribyab yo, kominote enpo a ak anplwaye IRS yo. “Finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon an bay kreye yon opòtinite inik pou pèmèt yon administrasyon enpo, alavni, ki satisfè bezwen kontribyab yo k ap evolye. Opòtinite sa a enpòtan pou avni IRS, nasyon an e sitou kontribyab n ap sèvi yo.”

Sa k ap tann nou an 2024 ak 2025

Mizajou Plan Operasyon Estratejik yo pibliye jodi a rafine plan inisyal avril pase a. Mizajou a bay yon deskripsyon gwo pwojè ak rezilta IRS espere bay sou pwochen 12 a 18 mwa yo, ki gen ladan l pwogrè sou Inisyativ Avi Senp la, aktivite ranfòsman ak efò pou modènize teknoloji de baz, ak amelyore zouti anplwaye IRS pou ede kontribyab yo. Mizajou a gen ladan tou detay adisyonèl sou depans ak anplwaye yo.

Plan an konsantre sou senk objektif kle:

  • Objektif 1. Anpil amelyorasyon sèvis pou ede kontribyab yo satisfè obligasyon yo epi resevwa benefis fiskal yo kalifye pou yo.
  • Objektif 2 Rezoud byen vit pwoblèm kontribyab yo lè yo parèt.
  • Objektif 3. Konsantre ranfòsman elaji a sou kontribiyab ki gen enpo konplèks ak non-konfòmite gwo lajan pou abòde diferans fiskal la.
  • Objektif 4. Sèvi ak teknoloji dènye kri, done ak analiz pou opere pi efikasman.
  • Objektif 5. Atire, kenbe ak otorize yon mendèv ki gen anpil konpetans, divès kalite epi devlope yon kilti ki pi byen ekipe pou bay rezilta pou kontribyab yo.

Mizajou Plan Operasyon Estratejik la te mete aksan sou yon seri domèn tou kote chanjman yo pral akselere nan ane Fiskal 2025. Domèn prensipal n ap konsantre sou yo atravè ane 2025 enkli:

  • Amelyore asistans dirèk atravè amelyorasyon efikasite nan sant apèl yo, rediksyon pil deklarasyon papye ki poko trete yo, ak kontinye ogmante kantite anplwaye ki nan Sant Asistans pou Kontribyab yo ak "Sant Asistans Dirèk" nan zòn riral yo ak lòt zòn, pandan y ap travay pou asire kontribyab yo konnen tout kredi ki disponib. ak benefis yo.
  • Elaji sèvis sou entènèt nan ogmante opsyon ki disponib nan kont sou entènèt, enkli kopi dijital avi yo, dènye nouvèl sou sitiyasyon, mesaj sekirize nan toulede direksyon ak plis opsyon peman.
  • Akselere dijitalizasyon nan bay jiska 150 fòm ki pa enpo sou fòma dijital ki fèt pou aparèy pòtab, anplis de 20 yo te delivre nan ane fiskal 2024, epi tou skane tout deklarasyon enfòmasyon enpo sou papye kou yo resevwa yo.
  • Senplifye avi yo nan refè jiska 200 avi, kaptire 90% nan tout volim avi pou kontribyab endividyèl yo epi kòmanse chanjman nan pwosesis biznis ki nesesè pou jenere avi avèk fleksibilite epi redwi fado kontribyab yo.
  • Kraze èskrokri enpo ak konplo pa mwayen kowòdone avèk patnè yo pou idantifye èskrokri ak viktim yo, epi amelyore asistans pou viktim yo.
  • Modènize teknoloji de baz ak pwogram ki aje soti nan adminsyon deklarasyon enpo ak sistèm enfòmasyon. Sekirite done yo pral entegre toupatou pou pwoteje entegrite sistèm fiskal la ak kontribyab yo.
  • Modènize fason IRS atire, kenbe, devlope ak fòtifye anplwaye yo, konsantre sou efò pou asire yo gen zouti, fòmasyon ak kilti yo bezwen pou bay pi bon randman yo kapab bay.
  • Amelyore zouti anplwaye IRS nan devlope epi entegre zouti lojisyèl priyorite nan operasyon yo pou ede kontribyab yo ak amelyore sèvis yo.
  • Asire l gen jistis nan ranfòsman atravè anbochaj ak fòmasyon ogmante nan domèn pèsonèl enpòtan, tankou sila yo dedye a moun ki gen gwo revni ak gwo patenarya ki konplèks yo.

Plis odit ki konsantre sou kontribyab ki pi rich, gwo kòporasyon, patenarya

Rapò a fè remake tou IRS prevwa ogmante yon gwo pousantaj odit kontribyab ki pi rich yo, gwo kòporasyon yo ak gwo patenarya konplèks yo pou ane fiskal 2026:

  • Plan an mete aksan sou IRS ki pral prèske triple pousantaj odit gwo kòporasyon ki gen byen ki plis pase $250 milyon a 22,6% nan ane fiskal 2026, soti nan 8,8% nan ane fiskal 2019.
  • IRS pral ogmante pousantaj odit pa prèske dis fwa pou gwo patenarya konplèks ki gen byen ki vo plis pase $10 milyon dola, soti nan 0,1% an 2019 a 1% nan ane fiskal 2026.
  • IRS pral ogmante pousantaj odit pa plis pase 50% pou kontribyab endividyèl rich yo ki gen revni total pozitif ki plis pase $10 milyon dola, ak pousantaj odit ki pral soti nan yon to 11% an 2019 a 16,5% nan ane fiskal 2026.
  • An menm tan, IRS kontinye mete aksan sou lefètke ajans lan pap ogmante pousantaj odit pou ti biznis ak kontribyab ki fè mwens pase $400 000, epi to sa yo rete nan nivo ki istorikman ba.

Chanjman k ap vini yo bati sou gwo amelyorasyon nan sèvis kontribyab, konfòmite ak IT

Chanjman ki te planifye pou rès ane 2024 ak 2025 la bati sou yon seri siksè IRS te fè nan mwens pase dezan.

Pandan sezon ranpli 2024 ki fèk fini (an anglè), IRS te reponn plis pase yon milyon plis apèl pase ane pase a, pandan l te kenbe yon tan datant mwayèn yon ti kras anplis twa minit. Opsyon rele ankò a (callback) te sove kontribyab yo yon estimasyon 1,5 milyon èdtan ret tann. Sant Asistans pou Kontribyab IRS te sèvi plis pase 780 000 kontribyab an pèsòn, yon ogmantasyon de plis pase 37% sou ane pase a.

Lè l sèvi avèk finansman IRA, IRS amelyore anpil zouti sou entènèt, tankou Kote Ranbousman Mwen an, Kont anliy pou moun ak pou Pwofesyonèl Enpo yo, pandan y ap lanse lòt nouvo, enkli Kont Fiskal Biznis, kont pou patnè endividyèl, kont pou patnè endividyèl nan patenarya, aksyonè endividyèl nan kòporasyon S yo ak antrepriz endividyèl ki gen yon nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN). Epi plis pase 140 000 kontribyab (an anglè) te soumèt deklarasyon enpo atravè Direct File, yon pwogram pilòt pou kontribyab yo ranpli gratis, dirèkteman nan IRS.

Avèk finansman IRA a, IRS te fè pwogrè nan aktivite ranfòsman, li rekipere $520 milyon dola nan efò li yo pou pouswiv gwo revni, moun ki rich anpil, ki swa pa anpli enpo yo oswa yo pa peye dèt enpo yo genyen. Avèk itilizasyon entèlijans atifisyèl (AI) ak analiz avanse pou ede chwazi patenarya konplèks pou odit, IRS te kòmanse odit 76 nan pi gwo patenarya Ozetazini ki reprezante yon koup transvèsal nan endistri ki gen ladan fon kouvèti (Hedge), patenarya envestisman byen imobilye, patenarya yo negosye piblikman, gwo kabinè avoka ak lòt endistri.

Werfel: Gen pi plis travay ki rete; kontinye gen difikilte finansman

Pandan ke IRS te akonpli anpil jiska prezan ak finansman IRA ak anba Plan Operasyon Estratejik la, Werfel te mete aksan sou lefètke ajans lan gen plis travay pi devan pou l kontinye efò transfòmasyon yo.

"Pandan nou te fè pwogrè enpòtan, nou reyalize nou bezwen fè pi plis pou fè amelyorasyon epi transfòme IRS pou avantaj kontribyab yo, pwofesyonèl enpo yo ak nasyon an," Werfel te di. "Nou gen yon opòtinite pou konstwi yon ajans enpo 21yèm syèk la pou sèvi pèp Ameriken an fason yo espere a- ak nan nivo yo merite."

Werfel te note mizajou Plan Operasyon Estratejik la tou mete aksan sou defi finansman kontinyèl yo. Pandan finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon an bay plizyè dizèn milya dola, ane ki pa t gen ase finansman te kreye difikilte inik pou ajans lan.

Anplis de sa, dapre estrikti finansman aktyèl yo, Plan Operasyon Estratejik la te note ajans lan antisipe finansman Modernizasyon Sistèm Biznis yo bay anba IRA - enpòtan pou amelyorasyon teknoloji - pral fini nan ane fiskal 2026. Yo pap kapab sipòte nivo sèvis aktyèl pou kontribyab jiska ane fiskal 2026. Sa vle di prèske 88% nivo sèvis yo bay kontribyab yo nan sezon depoze sa a sou liy telefòn prensipal IRS yo tap redwi a 30% an 2026 - sa vle di sèt sou 10 kontribyab pap kapab rive nan jwen èd lè yo telefone n.

"IRS ap kontinye konsantre sou fè amelyorasyon ak itilizasyon efikas finansman an," Werfel te di. "Nou mete aksan sou reyalizasyon olye nou pran yon vante tèt nou paske gen plis travay ki rete. Men, pou mete aksan sou enpòtans pou n kontinye fè pwogè a, IRS ap kontinye travay pou fè yon diferans pou kontribyab nasyon an. An menm tan, li enpòtan pou IRS gen finansman ki estab, ki an sekirite, pou pèmèt modènizasyon teknoloji ak amelyorasyon sèvis pou kontribyab yo kontinye alavni.”

Pwopozisyon bidjè Administrasyon an pou Ane Fiskal 2025 ta retabli epi kenbe tout envestisman IRA a nan IRS jiska 2034 epi evite pwoblèm finansman ki ta ka degrade kapasite travay IRS nan anpil diferan domèn, tankou sèvis kontribiyab yo kòmanse nan 2026 ak modènizasyon teknoloji.

Pou rezoud pwoblèm finansman sa yo, plan bidjè Administrasyon an gen ladann l yon pwopozisyon obligatwa ki pral pwolonje finansman IRA jiska ane fiskal 2034. Pwopozisyon sa a ta bay IRS 104 milya dola sou peryòd bidjè 10 ane a, epi yo estime li pral jenere omwen yon lòt $341 milya dola nan revni pou nasyon an.

"Finansman sa a pral asire IRS ka kontinye efò transfòmasyon li yo nou te dekri nan Plan Operasyon Estratejik aktyalize a," Werfel te di. "Nou bezwen kontinye travay pou fè plis amelyorasyon nan sèvis kontribiyab yo, modènize teknoloji epi asire moun ki gen revni konplèks, tankou sèten moun ki gen gwo revni, gwo kòporasyon ak patenarya konplèks, peye enpo yo dwe."