Rapèl IRS: Yo pouse dat limit la jiska 15 Jiyè pou moun ki peye estimasyon taks yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-117, 9 Jen 2020

WASHINGTON — Internal Revenue Service  (Sèvis Revni Entèn) ap raple kontribyab yo ke pèman estimasyon taks pou ane fiskal 2020 an, ki te dwe fèt disi 15 Avril ak 15 Jen, koulye a li dwe fèt disi 15 Jiyè. Sa vle di ke tout moun oswa sosyete ki dwe peye estimasyon taks chak trimès gen jiska 15 Jiyè pou yo peye sa a san okenn amann.

Nan reyaksyon yo fas a kontajyon COVID-19 la, Treasury Department  (Ministè Finans) ak Internal Revenue Service  (Sèvis Revni Entèn) ap bay moun ak biznis alèjman espesyal sou deklarasyon ak pèman taks. Alèjman sa a konsène deklarasyon revni pou taks federal ak pèman taks (pami yo gen taks sou revni moun ki travay ak tèt yo) ke sinon yo ta dwe peye disi 15 Avril 2020. Alèjman sa a pa konsène pèman taks eta yo, ni depo, ni pèman pou okenn lòt kalite taks federal.

Kiyès ki dwe peye chak trimès?

Pi souvan, moun ki ap travay ak tèt yo, tankou anpil moun ki fè pati ekonomi kolaboratif yo, dwe peye vèsman chak trimès pou estimasyon taks. Menm jan an tou, envestisè, moun ki retrete ak lòt moun souvan dwe fè pèman sa yo. Se paske gen yon gwo pòsyon nan revni yo touche a ki pa soumèt a retansyon. Lòt revni ki nòmalman pa soumèt a retansyon gen pami yo enterè, dividand, valè ajoute sou kapital, pansyon alimantè (alimony) ak revni sou lwaye.

Gen deseri règleman espesyal ki konsène kèk gwoup kontribyab, tankou moun ki fè jadinaj, pechè pwason, viktim aksidan ak katastwòf, moun ki fèk vin andikape, moun ki fèk pran retrèt ak moun ki touche revni ki pa egal chak mwa pandan ane a.

Kontribyab yo ka evite amann kont moun ki pa peye ase yo lè yo dwe mwens pase $1000 nan jou yo dwe peye taks la oswa lè yo peye pifò taks pandan ane a. Nòmalman, pou 2020 sa vle di se pou moun nan peye omwen 90% nan kòb taks li sipoze peye selon deklarasyon revni 2020 an li depoze a.

Taks se lajan moun dwe peye a la sous

Sa vle di ke kontribyab yo dwe peye pifò taks yo dwe pandan menm ane lè yo touche lajan an. Genyen de fason pou fè sa:

  • Retni yon pati nan salè yo, pansyon oswa deseri pèman gouvènmantal tankou Social Security (Sekirite Sosyal); ak/oswa
  • Peye estimasyon taks chak trimès pandan ane a.

Estimatè Prelèvman Fiskal

Si yon kontribyab resevwa salè ak pèman, yo ka evite obligasyon pou yo peye estimasyon taks lè yo mande anplwayè yo a pou li retni plis taks toujou sou salè li. Pou yo fè sa a, yo ap bezwen depoze yon lòt Fòm W-4  (an anglè).

Si kontribyab la resevwa yon chèk pèman, nou mete yon nouvo e meyè Estimatè Prelèvman Fiskal ki kapab ede li asire ke yo retni kantite taks ki korèk la sou salè li. Zouti sa a li travay fasilman sou aparèy pòtatif epi li ranplase Withholding Calculator (Kalkilatris Retansyon) an sou sit IRS.gov. Estimatè Prelèvman Fiskal la ofri anplwaye, ansanm ak retrete, moun ki travay ak tèt yo ak lòt kontribyab yon metòd ki klè epi etap pa etap pou yo kapab tcheke retansyon yo nan yon fason efikas pou pwoteje tèt yo kont retansyon ki twò piti epi kont yon bil taks oswa amann ke yo pa t prevwa lòt ane nan lè taks.

Fason pou peye estimasyon taks

Fòm 1040-ES, Estimasyon Taks pou Endividi, gen landan li enstriksyon pou ede kontribyab yo kalkile estimasyon taks yo. Yo kapab ale tou sou IRS.gov/payments  pou yo peye sou entènèt. IRS ofri de opsyon gratis pou pèman sou entènèt kote kontribyab yo kapab pwograme pèman pou estimasyon taks federal yo jiska 30 jou alavans gras a Pèman Dirèk oswa jiska 365 jou alavans gras a systèm Electronic Federal Tax Payment System (EFTPS).

IRS.gov pou asistans 24/24, 7 /7

Èd pou kesyon taks disponib 24/24 epi 7/7 sou IRS.gov. Sitwèb IRS la ofri divès kalite zouti sou entènèt pou ede kontribyab yo reponn kesyon taks moun poze tout tan. Pa egzanp, kontribyab yo kapab fè rechèch nan Asistan Taks Enteraktif (an anglè), Sijè Taks (an anglè), Kesyon Moun Poze Souvan (an anglè), ak Tras Taks (an anglè) pou yo jwenn repons a kesyon moun poze souvan.

Plis enfòmasyon sou COVID-19

IRS ap pibliye kesyon moun poze souvan sou IRS.gov/coronavirus  (an anglè) epi ap aktyalize yo lè sa posib.