IRS fè konnen anak nan mesaj alekri yo ap ogmante anpil e li envite kontribyab yo rete vijilan

IR-2022-167, 28 sektanm 2022

WASHINGTON — Jodi a Sèvis Revni Entèn nan avèti kontribyab yo sou yon ogmantasyon tou dènyeman nan anak mesaj tèks sou tèm IRs yo nan objektif pou vòlè enfòmasyon pèsonèl ak finansye.

Jiska prezan nan 2022 a, IRS idantifye ak deklare plizyè milye fo domèn ki lye ak plizyè anak MMS/SMS/tèks (yo konnen sou non smishing) ki sible kontribyab yo. Nan mwa ki sot pase yo, e espesyalman nan dènye semenn yo, smishing tèm IRS yo te ogmante anpil.

Kanpay smishing yo sible itilizatè telefòn selilè yo, epi mesaj anak yo souvan sanble se nan IRS yo soti, k ap atire yo avèk fo asistans COVID, kredi enpo oswa èd pou tabli yon kont anliy IRS. Moun ki jwenn anak ki an rapò ak IRS sa yo kapab deklare yo bay phishing@irs.gov.

Komisè IRS la, Chuck Rettig te deklare "Amsonaj sa se yon endistri paske plizyè milye moun riske mesaj anak sa yo." "Nan mwa ki sot pase yo, IRS te deklare plizyè gwo kanpay smishing ki te livre plizyè milye – e menm plizyè santèn milye – mesaj tèm IRS yo nan kèk èdtan oswa kèk jou, sa ki depase byen lwen nivo aktivite oparavan yo."

Avèk Mwa Sansibilizasyon sou Sibèsekirite Oktòb la k ap pwoche a, IRS ansanm avèk patnè Somè Sekirite (an anglè) yo nan eta yo ak kominote fiskal nasyon an ap raple moun yo ak kominote pwofesyonèl taks yo pou yo veye anak amsonaj yo ak lòt eskwokri ki ka mete enfòmasyon fiskal sansib yo an danje.

Nan dènye aktivite a, mesaj tèks anak yo souvan mande kontribyab yo pou yo klike sou yon lyen kote sitwèb amsonaj yo pral eseye pran enfòmasyon yo oswa voye yon move kòd sou telefòn yo. IRS la pa voye imèl oswa mesaj tèks pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansye oswa nimewo kont. Tout mesaj sa yo ta dwe siyal alam pou kontribyab yo.

Nan kòmansman otòn 2020 an, IRS la te obsève yon ogmantasyon (an anglè) nan deklarasyon anak smishing k ap mande kontribyab yo enfòmasyon pèsonèl ak finansye. Kanpay smishing sa yo te kontinye pandan pandemi an. IRS la adopte plizyè mezi pou avèti moun yo sou menas sa k ap vale tèren, pami yo pibliye yon videyo (an anglè) sou kòman pou evite anak mesaj tèks IRS yo.

Kontribyab yo ta dwe kontinye deklare anak sa yo bay phishing@irs.gov. Deklarasyon yo ap pèmèt IRS la deklare anak sa yo bay sèvis ki apwopriye yo pou kapab pran desizyon, pwoteje lòt kontribyab ki ka resevwa menm anak la sou yon lòt fòm.

Pandan IRS la ap travay pou mete fen ak fwod anliy, kriminèl y ap itilize teknik ki pa sispann evolye pou yo kapab elaji chan daksyon yo epi fè plis viktim, tankou itilize algoritm pou jenere plizyè santèn oswa milye domèn fwodile. Pa egzanp, resamman gen yon kanpay ki te itilize twa douzèn adrès imèl yo vòlè oswa ki fo pou yo kreye 1,000 fo domèn.

"Nan ka sa yo an patikilye, pou pi bon atak la se bon defans" Se sa Rettig deklare. "Kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo bezwen toujou rete vijilan anvè imèl ak mesaj tèks ki sispèk ki gen pou wè ak IRS. E si ou ta resevwa youn, voye detay ki enpòtan nan tèks la bay IRS kapab ede nou demantle eskwo yo epi pwoteje lòt moun yo."

Deklare smishing ki gen pou wè ak IRS

IRS la gen yon adrès imèl phishing@irs.gov, pou li trete anak anliy ki gen pou wè ak IRS, Trezò ak taks sèlman. Smishing ki enplike lòt ajans yo ak/oswa mak yo pa sipoze rapòte sou phishing@irs.gov la.

Rapòte tèm tèks IRS yo pou kapab pèmèt pwofesyonèl IRS yo ki nan domèn sekirite trake e demantle eskwo sa yo. Patikilye k ap rapòte tèks anak yo bay IRS la sipoze enkli ni kò mesaj la ak tout enfòmasyon sou moun ki voye li a nan yon sèl imèl. Li pi bon pou ou kopye tèks egzat la nan yon imèl. Sepandan, si sa nesesè, ou kapab voye foto ekran an tou. Ou kapab kopye SMS/mesaj tèks yo epi transfere yo bay founisè sèvis san fil yo pa yon tèks bay 7726 (SPAM), sa k ap pèmèt yo detekte epi bloke mesaj ki similè yo alavni.

Pwosesis sa a ap gen pou ede kaptire detay enpòtan yo pou rapòte smishing bay IRS:

  • Kreye yon nouvo imèl bay phishing@irs.gov.
  • Kopye Nimewo idantifikasyon moun ki rele a (oswa adrès imèl li).
  • Kole nimewo a (oswa adrès imèl la) nan imèl la.
  • Peze epi kenbe SMS/text message epi chwazi "copy" ("kopye")
  • Kole mesaj la nan imèl la.
  • Si sa posib, enkli dat egzakt la, lè a, fizo orè a ak nimewo telefòn ki te resevwa mesaj la.
  • Voye imèl la bay phishing@irs.gov.

Rapò adisyonèl

Anplis de rapòte anak la nan phishing@irs.gov, si li gen rapò ak IRS, rapòte mesaj la bay Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon fiskal epi itilize Fòm Siyalman Anak Idantite (an anglè) yo a, ak bay Komisyon Federal pou Komès (FTC) atravè Asistans pou Plent (an anglè) yo a. Konsa wap rann enfòmasyon yo disponib pou envestigatè yo.

Tout ensidan, sak ki reyisi ak ki pa reyisi, sipoze rapòte nan Sant pou pote Plent pou Krim ki fèt sou Entènèt (an anglè).

Nenpòt endividi k ap antre enfòmasyon pèsonèl, osinon ki retwouve yo viktim de anak fiskal, kapab jwenn resous adisyonèl nan Sant pou Vòl Idantite sou sit IRS.gov la.

Resous adisyonèl