Obsèvasyon Semèn Entènasyonal Konsyantizasyon sou Fwod

Yon mesaj Damon Rowe, Direktè Ekzekitif, Biwo pou Aplikasyon Lalwa kont Fwod IRS

Nan kòmansman ane a, nan kad kontinwite ak batay pou rezoud pwoblèm konfòmite fiskal la, mw te vin premye direktè ajans lan pou Biwo pou Aplikasyon Lalwa kont Fwod ki fenk kreye. Wòl mw nan fonksyon sa se montre lidèchip ekzekitif nan tout ajans lan ak oryantasyon nan konsepsyon an, devlopman ak prestasyon gwo aktivite anndan Biwo pou Aplikasyon Lalwa kont Fwod la pou sipòte efò IRS la ap fè pou detekte epi anpeche fwod pandan yo ap ranfòse pwogram nasyonal fwod la. Sa se yon lòt gason pou fè biznis e li deja ap pote fwi. Anvan wòl mw antanke sipèvizè pou Biwo pou Apliksayon Lalwa kont Fwod la, mw te pase karyè mwen nan divizyon Envestigasyon Kriminèl IRS la, Alòs, mw konnen sa sa vle di fwod nan referasn, analiz kritik pwoblèm yo epi volontè pou travay ak kòlèg lòt inite dafè.

Mw kontan make Semèn Entènasyonal Konsyantizasyon Fwod la epi pwomouvwa gwo envestisman sa IRS la fè pou fè Lalwa kont Fwod Aplike. Semèn sa a, nou patisipe nan yon efò global pou minimize enpak fwod la, sa gen ladan fwod fiskal, pandan nou t ap ankouraje konsyantizasyon fwod ak edikasyon. Efò IRS yo pou konbat fwod fiskal ak lòt fwod finansye yo ap ede pwoteje kontribyab yo ak atire atansyon sou kijan prevansyon kont fwod enpòtan pou sosyete a.

Fwod vini sou plizyè fòm e pandan mw konsantre prensipalman sou fwod ki afekte administrasyon fiskal, semèn sa a se yon opòtinite pou konsantre sou kalite fwod ki afekte konsomatè yo nan tout mond lan. Ane sa a te difisil pou konsomatè yo paske tout kote ou gade ou te ka wè eskwokri ki sible popilasyon ki pi vilnerab nou yo. Youn nan egzanp òganizasyon lokal k ap batay kont eskwokri se Gwoup Travay pou Granmoun Vilnerab Konte Worcester yo (Worcester County Vulnerable adut Task Force) ki te kontinye ap edike ak konsyantize sou konplo fwod ki kouran yo avèk yon inisyativ "Novanm San Fwod" ("No-Scam November"). Objektif inisyativ la se te pou bare fwod anvan yo domaje finans viktim yo nèt. Yo konnen yo pa genyen mwayen pou yo mennen ankèt epi idantifye kriminèl ki dèyè chak zak eskwokri, alòs, yo konsantre sou edikasyon an. Yo fè sa yo fè byen an. Nou menm tou nap fè sa nou fè byen an.

Tèm 2020 an se Travay Ansanm – avèk aplikasyon lalwa, avèk patnè entèn yo, avèk sektè prive a. Anplis de eksplwate relasyon nan aplikasyon lalwa ki ekziste deja, mw gen yon atansyon kontini sou aktivite malonèt kontribyab ak fasilitatè pwofesyonèl yo k ap fè pèp ameriken an pèdi konfyans nan lwa federal sou taks nou yo nan yon mannyè ki konsistan san yo pa kache sa. M ap konstwi yon kilti kote chak anplwaye konfòmite yo pou yo pran angajman pou konsyantize yo sou pwoblèm fwod fiskal yo – e yo priyorize pwoblèm sa yo pou ajans lan.

Pandan n ap Obsève Semèn Entènasyonal Konsyantizasyon sou Fwod la, mw vle ankouraje tout moun pou yo pran yon segonn pou yo reflechi sou sa yo ka fè pou konbat fwod nan vi yo chak jou. Rele yon zanmi oswa yon manm fanmi pou avèti yo oswa pibliye mesaj konsyantizasyon sou rezo sosyal yo – jwe patisyon pa w !