Lè yo ekzamine kredi enpo yo ak dediksyon yo depi kounyeya, kontribyab yo gen plis chans pou yo reyisi nan peryòd fiskal la

Konsèy Fiskal IRS 2022-184, 1ye desanm 2022

Majorite moun pwobableman panse avèk kredi enpo yo ak dediksyon yo sèlman lè y ap ranpli deklarasyon enpo yo. Sepandan, yon ti planifikasyon davans kapab rann pwosesis deklarasyon an pi dous. Lè yo familyarize yo kounyeya, kontribyab yo kapab genyen yon konpreyansyon ki klè sou ki kredi ak dediksyon k ap bon pou yo ak ki dokiman yo bezwen pou montre yo kalifye.

Men kèk fè apwopo kredi yo ak dediksyon yo ki ka ede yon kontribyab nan planifikasyon fiskal li pou tout ane a.

Kèk bagay pou nou konnen apwopo dediksyon

  • Dediksyon yo kapab redui montan revni yon kontribyab anvan yo kalkile enpo li dwe.
  • Majorite moun pran dediksyon estanda (an anglè). Dediksyon estanda a ajiste chak ane pou enflasyon. Montan dediksyon estanda a depann de kondisyon fiskal yon kontribyab, laj li, si yo avèg, ak si yon lòt moun deklare kontribyab la antanke yon depandan.
  • Gen moun ki gen egzijans pou yo detaye dediksyon yo (an anglè), epi kèk moun ka chwazi fè sa paske li redui revni ki gen taks sou yo a plis pase dediksyon estanda a.
  • Antanke yon prensip jeneral, si dediksyon detaye yon kontribyab pi gwo pase dediksyon estanda li a, yo ta dwe detaye.

Bagay pou nou konnen apwopo kredi enpo yo

  • Kontribyab yo ka retire kredi enpo yo nan montan total enpo yo dwe a.
  • Gen kredi enpo, tankou kredi enpo sou revni ou rantre, ranbousab, sa ki vle di, yon kontribyab kapab jwenn lajan yo ranbouse li menm si li pa dwe okenn enpo.
  • Pou yo reklame yon kredi, kontribyab yo ta dwe konsève done k ap montre yo kalifye pou sa. Lè yo reklame kredi fiskal yo kòmsadwa, sa ka redwi enpo yo dwe epi ogmante ranbousman yo.
  • Kontribyab yo ka verifye kounya pou yo wè si yo kalifye pou reklame li ane pwochenn nan deklarasyon enpo yo a.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)