Konsèy Fiskal pou COVID 2022-125, 16 dawou 2022

Konsèy Fiskal pou COVID 2022-125, 16 dawou 2022

Kontribyab k ap sèvi avèk yon pwofesyonèl taks pou prepare deklarasyon li ta dwe asire yo ke tout enfòmasyon yo pare anvan randevou yo a. Rasanble enfòmasyon yo epi jwenn kopi tout dokiman ki manke anvan kontribyab la chita pou prepare deklarasyon li se yon bagay ki enpòtan anpil pou rive fè yon deklarasyon taks ki kòrèk. Lè dosye w byen ranje epi enfòmasyon yo tou pare, sa anpeche gen erè nan deklarasyon an epi ap gen anpil chans pou eksperyans deklarasyon an pi swa, san pwoblèm.

Men yon lis enfòmasyon kontribyab yo ka bezwen. Se pa tout enfòmasyon k ap nesesè pou tout kontribyab.

  • Nimewo Sekirite Sosyal tout moun ki sou deklarasyon taks la. 
  • Nimewo kont labank ak nimewo wouting pou depo dirèk oswa enfòmasyon pou fè yon pèman taks.
  • Fòmilè W-2 ki soti nan men anplwayè.
  • Fòmilè 1099 ki soti labank, ajans ki pwodwi yo ak lòt peyè tankou konpansasyon chomaj, dividann, distribisyon nan yon pansyon, aniyite oswa plan retrèt.
  • Fòmilè 1099-K, 1099-MISC, W-2 oswa lòt deklarasyon revni pou ouvriye nan ti travay yo.
  • Fòmilè 1099-INT pou enterè yo resevwa.
  • Lòt dokiman revni ak dosye tranzaksyon monnen vityèl.
  • Fòmilè 1095-A, Deklarasyon Mache Asirans Sante.
  • Lèt 6419, Pèman Avans Total Kredi Enpo pou Timoun 2021 yo pou rekonsilye pèman avans kredi enpo pou timoun yo.
  • Lèt 6475, Pèman Enpak Ekonomik 2021w lan, pou detèmine kalifikasyon pou reklame kredi ranbousman rekiperasyon an.
  • Enfòmasyon k ap ede ou reklame lòt kredi oswa dediksyon (an anglè), tankou resi pou swen timoun oswa depandan, depans pou inivèsite oswa don.

Kontribyab yo kapab jwenn enfòmasyon konsènan Pèman Enpak Ekonomik yo ak pèman avans kredi enpo pou timoun yo sou kont IRS anliy yo a.

Kontribyab ki pa genyen lèt sou Pèman Enpak Ekonomik yo a pou yo reklame pèman relans ki manke ak pèman avans kredi enpo pou timoun yo pou yo reklame tout kredi enpo pou timoun yo a gen yon opsyon anliy. Yo kapab konekte sou kont IRS anliy yo a epi jwenn enfòmasyon yo anba onglè Dosye Fiskal la.

Pou kontribyab ki marye k ap fè deklarasyon konjwen, chak konjwen ap bezwen genyen enfòmasyon sou Pèman Enpak Ekonomik ak avans kredi enpo pou timoun pa yo.

Sa kontribyab yo ta dwe fè si yo gen lòt dokiman ki manke

Kontribyab ki pat resevwa yon Fòmilè W-2 oswa 1099 (an anglè) ta dwe kontakte anplwayè a, peyè a oswa ajans pwodiksyon an epi mande dokiman ki manke yo. Sa konsène tou sila yo ki te resevwa yon Fòmilè W-2 oswa 1099 ki pa kòrèk.

Si yo toujou pa ka resevwa fòmilè yo, yo kapab itilize Fòmilè 4852, Ranplasman pou Fòmilè W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo (an anglè) oswa Fòmilè 1099-R, Distribisyon Nan Pansyon, Aniyite, Plan Retrèt oswa pataj Pwofi, IRA, Kontra Asirans, elatriye (an anglè) Si yon kontribyab pa resevwa fòmilè ki manke a oswa ki pat kòrèk la atan pou l ka fè deklarasyon enpo li, li kapab fè estimasyon salè oswa pèman yo resevwa yo, ansanm avèk tout prelèvman taks yo tou. Yo kapab itilize Fòmilè 4852 pou yo deklare enfòmasyon sa a sou deklarasyon taks federal yo a.

Jwenn yon founisè deklarasyon elektwonik otorize

Kontribyab k ap chèche yon pwofesyonèl taks ta dwe itilize sèvis lokalizasyon Founisè Deklarasyon elektwonik IRS Otorize (an anglè) a. Se yon lis nasyonal ki genyen tout biznis yo aksepte pou patisipe nan pwogram deklarasyon elektwonik IRS la. Biznis sa yo se founisè deklarasyon elektwonik IRS otorize. Yo kalifye pou prepare, transmèt epi trete deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik yo.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)