Kontribyab yo ta dwe tcheke prelèvman federal yo pou yo deside si yo bezwen bay patwon yo yon nouvo W-4

Konsèy Fiskal IRS 2022-85, 2 Jen 2022

IRS ankouraje tout kontribyab yo pou yo egzamine prelèvman federal yo omwen yon fwa pa ane pou yo asire yo pa gen prelèvman twò piti oswa twòp taks.

Kontribyab ke patwon yo fè prelèvman taks federal sou lajan yo ap touche ka itilize Estimatè Prelèvman Taks IRS la pou ede yo deside si yo ta dwe fè yon chanjman nan lajan taks yo. Zouti sou entènèt sa a gide itilizatè yo, etap-pa-etap atravè pwosesis pou tcheke taks yap pran yo, epi li bay rekòmandasyon pou ede yo vize montan prelèvman k ap bon pou yo a.

Kontribyab yo ta dwe tcheke avèk patwon yo pou mete ajou prelèvman yo oswa soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye .

Ajisteman nan prelèvman

Anjeneral, moun yo ta dwe ogmante prelèvman yo si yo gen plis pase yon travay alafwa oswa yo gen revni ki soti nan sous yo pa ka fè prelèvman. Si yo pa fè okenn chanjman, y ap gen anpil chans pou yo dwe plis taks ak pètèt penalite lè y ap ranpli deklarasyon taks yo.

Anjeneral, moun yo ta dwe diminye prelèvman yo si yo kalifye pou kredi taks sou revni oswa dediksyon ki diferan de dediksyon debaz estanda a.

Nenpòt fason, moun ki bezwen ajiste prelèvman yo dwe soumèt nouvo enfòmasyon W-4 yo bay patwon yo pi vit posib, kòm prelèvman an fèt pandan tout ane a.

Moun ki ta dwe tcheke prelèvman yo se sila yo:

  • ki ap travay nan de (2) oswa plis travay an menm tan oswa ki travay sèlman pandan yon pati nan ane a
  • ki fè reklamasyon kredi tankou kredi taks pou timoun
  • ki gen depandan ki gen 17 an oswa plis
  • ki detaye dediksyon sou deklarasyon ane anvan yo
  • ki gen gwo ranbousman taks oswa gwo bòdwo taks pou ane fiskal anvan an

Rezon pou sèvi ak Estimatè Prelèvman Taks la

Estimatè Prelèvman Taks IRS la ka ede kontribyab yo:

  • Evalye prelèvman taks federal sou revni yo
  • Gade ki jan montan prelèvman an afekte ranbousman yo, lajan y ap pote lakay yo oswa taks yo dwe yo afekte pa montan taks ki soti sou yo
  • Chwazi yon estimasyon montan prelèvman ki bon pou yo

Moun ki pa ta dwe itilize Estimatè Prelèvman Taks la se sila yo:

Kontribyab yo ta dwe prepare anvan yo itilize Estimatè Prelèvman Taks la lè yo gen relve salè pou tout travay, enfòmasyon sou lòt sous revni ak dènye deklarasyon taks sou revni yo. Zouti a pa mande enfòmasyon sansib tankou non, nimewo Sekirite Sosyal, adrès, oswa nimewo kont labank.

Plis enfomasyon:

Abòne a Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)