Kontribyab yo ta dwe fè deklarasyon taks yo alè pou evite peye gwo enterè ak penalite

Konsèy taks IRS 2022-42, 17 mas 2022

Kontribyab yo ta dwe fè deklarasyon taks yo nan dat limit lan menm si yo pa kapab peye tout bòdwo taks yo. Kontribyab ki dwe taks epi ki pa fè deklarasyon alè gendwa gen obligasyon pou peye yon penalite poutèt yo pa fè deklarasyon. Nòmalman, penalite sa a se senk (5) pousan nan montan taks li dwe a pou chak mwa, oswa yon pati nan yon mwa kote deklarasyon taks la an reta a, jiska 25%.

Si yon kontribyab endividyèl dwe taks, men li pa ka peye tout nan dat limit 18 avril 2022 a, li ta dwe:

Fè yon deklarasyon taks oswa mande yon ekstansyon tan pou fè deklarasyon nan dat limit 18 avril la.

  • Moun ki dwe taks epi ki pa fè deklarasyon yo alè oswa ki pa mande yon ekstansyon gendwa gen obligasyon pou peye yon penalite poutèt yo pa fè deklarasyon yo alè.
  • Kontribyab yo dwe sonje yon ekstansyon tan pou fè deklarasyon pa yon ekstansyon delè pou peye. Yon ekstansyon bay kontribyab yo jiska 17 oktòb 2022, pou yo fè deklarasyon taks 2021 yo, men dèt taks yo toujou la e yo sipoze peye jiska18 avril 2022.

Pou jwenn yon pwolongasyon pou fè deklarasyon, kontribyab yo dwe fè youn nan bagay sa yo:

Fè tout sa ki posib, nan mezi sa posib pou peye nan avan dat limit 18 avril la.

Mete yon plan pèman sou pye pi vit posib.

Enterè yo baze sou kantite taks ou dwe epi pou chak jou li pa peye okonplè. To enterè yo detèmine chak twa mwa epi yo ka varye, selon kalite taks yo; pa egzanp, responsablite endividyèl oswa biznis-taks. Gen plis enfòmasyon ki disponib sou paj Enterè sou Pèman ki Pa Ase yo ak Peman Anplis yo sou sit IRS.gov la.

Plis enfòmasyon:

 

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an angle)