Kontribyab yo dwe konnen e konprann bon estati enpo yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou Taks SRE 2020-130, 1e Oktòb 2020

Moun k ap peye taks bezwen konnen bon estati enpo yo (an anglè) e familye ak chak opsyon.

Jeneralman, estati enpo kontribyab yo depann de si yo selibatè oswa marye 31 desanm e sa detèmine estati yo pou tout ane a. Sepandan, nan kèk sitiyasyon, plis pase yon estati enpo ka aplike. Si se le ka, kontribyab yo ka chwazi estati enpo k ap pèmèt yo peye mwens kantite taks la.

Lè w ap prepare ak fè demann yon deklarasyon enpo, enpo lokatif la ap afekte:

  • Si yo mande kontribyab la pou l bay yon deklarasyon enpo federal
  • Si yo dwe fè yon deklarasyon pou yo ka jwenn yon ranbousman
  • Kantite estanda dediksyon yo
  • Si yo ka reklame kèk kredi
  • Kantite taks yo dwe peye

Men 5 estati enpo yo:

  • Selibatè. Nòmalman estati sa se pou kontribyab ki pa marye, divòse oswa separe legalman anba dekrè leta soti sou divòs ak separasyon.
     
  • Deklarasyon pou 2 marye ansanm. si yon kontribyab marye, li ka mande yon deklarasyon enpo pou li ak moun li marye a. Si mari a oswa madanm nan mouri, vèf la oswa vèv la ka mande yon ranbousman pou ane a.
     
  • Deklarasyon pou marye separeman. Koup ki marye yo ka chwazi fè deklarasyon pa yo separeman. Lè se konsa, yo ka vin genyen mwens taks pou yo peye pase lè se demann deklarasyon pou konjwen yo ansanm.
     
  • Responsab Kay. Kontribyab ki pa marye ka itlize estati sa pou fè deklarasyon, men genyen prensip espasyal pou sa. Pa egzanp, fòk kontribyab la te bay plis pase mwatye lajan pou jere yon kay pou tèt yo e yon moun kalifye k ap viv nan kay la pandan mwatye ane a.
      
  • Vèf oswa Vèv ki kalifye ki gen yon timoun depandan. Estati sa ka pou kontribyab ki pèdi konjwen yo nan de (2) dènye ane ki pase yo e ki genyen yon timoun depandan. Genyen lòt kondisyon tou ki ka aplike.

Plis Enfòmasyon:

Abone ak Konsèy sou Taks SRE yo (an anglè)