Konsèy pou kontribyab ki nan ti djòb yo

Konsèy sou Taks IRS, May 6, 2021

Ti djòb yo pèmèt moun yo fè yon rantre nan itilize teknoloji pou fè tranzaksyon. Sa kapab gen ladan sèvis kovwatiraj oswa livrezon, lokasyon pwopriyete, vant machandiz sou entènèt la, oswa travay endepandan. Souvan, kliyan yo ak founisè machandiz yo oswa sèvis yo rankontre ansanm sou yon platfòm dijital nan yon aplikasyon oswa sou yon sit entènèt.

Li enpòtan pou tout travayè ti djòb yo konprann obligasyon fiskal yo genyen yo.

Men kèk bagay kontribyab yo dwe sonje:

Yo dwe rapòte tout revni yo, menm si revni an:

  • Soti nan yon travay atan pasyèl, tanporè, oswa yon ti travay sou kote
  • Pa rapòte sou yon Fòm 1099-K, 1099-NEC, 1099-MISC, W-2, oswa lòt enfòmasyon sou deklarasyon
  • Peye an cash, pwopriyete, byen, oswa monnen vityèl.

Kontribyab yo ka genyen tou, ekzijans pou yo vèse chak trimès yon estimasyon pou taks sou revni yo ak peye taks pou travay endepandan yo.

Pandan y ap bay sèvis nan ti djòb yo, li enpòtan pou kontribyab yo klasifye kòrèkteman

  • Li enpòtan anpil pou pwopriyete antrepriz yo detèminen si endividi k ap ba yo sèvis yo se anplwaye oswa kontraktè endepandan.
  • Kontribyab yo kapab itilize paj klasifikasyon travayè a sou IRS.gov pou yo ka konnen kijan yo klase yo.
  • Kontraktè endepandan yo ka anmezi pou yo dedui depans antrepriz yo, toudepannde limit fiskal yo ak règleman yo. Li enpòtan pou kontribyab yo konsève nan dosye yo depans antrepriz yo.

Li enpòtan pou kontribyab yo peye montan kòrèk taks yo pandan ane a pou evite gen dèt lè y ap deklare

  • Jeneralman, yon anplwayè kenbe taks sou salè anplwaye li yo pou ede kouvri taks sou revni anplwaye yo genyen pou peye
  • Moun ki nan ti djòb yo, yo pa konsidere kòm anplwaye yo, genyen de (2) fason yo ka kouvri taks sou revni yo:
  • Si yo genyen yon lòt travay kote yo se anplwaye, moun ki nan ti djòb yo ka soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè yo pou ka kenbe plis taks sou revni sou chèk yo.
  • Fè yon peman estimasyon taks chak trimès pou ede peye taks sou revni yo pandan ane a, ansanm avèk taks pou travay endepandan yo.

Sant Taks pou Ti Djòb yo sou IRS.gov reponn kesyon yo epi ede kontribyab ki nan ti djòb yo konprann responsablite fiskal yo.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)