Konsèy pou ede kontribyab yo evite anak apre yon katastwòf

Konsèy sou taks IRS 2020-142, 26 oktòb 2020

IRS ap raple kontribyab yo gen kriminèl ak anakè ki souvan ap chèche pwofite kontribyab jenere ki vle ede viktim katastwòf yo. Tout moun dwe vijilan. Mouvman anak sa yo souvan parèt apre yon siklòn, yon dife oswa yon lòt katastwòf fin pase.

Kòman anak yo kòmanse

Nòmalman, anak sa yo ki lye ak katastwòf yo kòmanse ak yon kontak espontane. Anakè a ap kontakte moun ki pral viktim yo pa telefòn, sou rezo sosyal yo, pa imèl oswa an pèsòn. Anakè yo konn itilize tou plizyè taktik pou yo ka jwenn enfòmasyon nan men moun yo.

Men kèk konsèy pou ede moun yo rekonèt yon anak epi evite pou yo viktim:

  • Kèk vòlè pretann y ap travay pou yon òganizasyon k ap fè byen. Y ap fè sa pou yo ka jwenn lajan oswa enfòmasyon pèsonèl nan men kontribyab ki gen bon lentansyon.
  • Fo sit wèb yo itilize non ki sanble ak non òganizasyon k ap fè byen yo. Y ap fè anak sa yo pou pyeje moun yo pouf è yo voye lajan oswa bay enfòmasyon finansyè pèsonèl yo.
  • Anakè yo konn menm di y ap travay pou ― oswa reprezante ― IRS. Vòlè yo fè yo kwè yo kapab ede viktim yo ranpli demann pou dedomaje yo epi jwenn ranbousman taks.
  • Viktim katastwòf yo ka rele IRS gratis sou liy asistans pou katastwòf nan 866-562-5227. Ajan yo ap reponn kesyon ki gen rapò ak asistans pou taks oswa pwoblèm ki gen rapò ak taks lè gen katastwòf yo.
  • Kontribyab ki vle fè yon don kapab jwenn enfòmasyon ki ka ede yo sou IRS.gov. Rechèch Òganizasyon ki pa Peye Enpo (an anglè) ede itilizatè yo jwenn oswa verifye òganizasyon k ap fè byen ki kalifye. Don yo fè ak òganizasyon k ap fè byen sa yo kapab gen dediksyon enpo sou yo.
  • Kontribyab yo ta dwe toujou peye pa chèk oswa kat kredi pou yo ka gen tras don ki gen dediksyon npo sou li a.
  • Moun k ap fè don an pa dwe bay okenn moun ki mande li pou fè don enfòmasyon finansyè pèsonèl li. Sa a gen ladan l nimewo sosyal oswa kat kredi oswa nimewo kont labank ak modpas yo.

Plis enfòmasyon:

Abone ak Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)