FS-2022-25, Avril 2022 Lè yon kontribyab panse yo te itilize enfòmasyon pèsonèl li pou fè deklarasyon taks, li sipoze soumèt yon Fòm 14039, Deklarasyon Vòl Idantite (an anglè)PDF bay IRS. Men nan pifò ka yo, kontribyab yo pa bezwen ranpli fòm sa a. Se sèlman viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks ki dwe soumèt Fòm 14039 la, epi se sèlman si yo pat resevwa yon sesèten lèt nan men IRS. Tout kontribyab yo ka mande yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Pwoteksyon Idantite (IP PIN) lè yo sèvi avèk zouti Jwenn yon kòd PIN pou pwoteje idantite yo (IP PIN) sou sit IRS.gov la, konsa, y ap kapab pwoteje tèt yo pou yo pa viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks. Kisa ki vòl idantite ki gen rapò ak taks la? Vòl idantite ki gen rapò ak taks fèt lè yon moun sèvi ak nimewo Sekirite Sosyal (SSN) yon kontribyab li vòlè pou fè yon deklarasyon taks pou reklame yon fo ranbousman. Nan pifò ka vòl idantite ki gen rapò ak taks yo, pa gen okenn nesesite pou ranpli fòm 14039 deklarasyon an. Rezon an se paske IRS gen yon pwosesis ki gen plizyè santèn filtè pou trete deklarasyon yo pou kapab idantifye deklarasyon taks ki sispèk yo, apresa li mete deklarasyon sispèk sa yo sou kote pou kapab egzamine yo. IRS ap voye yon lèt bay kontribyab la epi li p ap trete deklarasyon taks la jiskaske li jwenn repons kontribyab la. Nan ka sa a, kontribyab la ap resevwa Lèt 5071C, ki mande pou sèvi ak yon zouti sou entènèt pou verifye idantite li epi di IRS si se li menm ki te fè deklarasyon an. Yon varyasyon, Lèt 4883C, mande kontribyab la pou rele IRS pou verifye idantite li epi di IRS si se li menm ki te fè deklarasyon an. Pou moun ki te viktim yon vyolasyon done, yo gendwa resevwa Lèt 5747C epi yo ka mande yo pou yo al verifye idantite yo an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab. Li plis sou lèt yo nan Konprann Lèt 5071C Ou (an anglè), Konprann Lèt 5747C Ou (an anglè) oswa Konprann Lèt 4883C Ou (an anglè). Si kontribyab la resevwa nenpòt nan lèt sa yo, li pa bezwen ranpli yon Fòm 14039. Olye de sa, li sipoze swiv enstriksyon yo li jwenn nan lèt la. Sa ap bay tout enfòmasyon IRS bezwen. Men, gen plizyè lòt siy potansyèl vòl idantite ki gen rapò ak taks: Kontribyab la pa ka fè deklarasyon taks li poutèt yon deklarasyon taks ki fèt deja ak nimewo Sekirite Sosyal li. (Sepandan, li dwe asire l pa gen okenn erè nan SSN nan, tankou chanje plas chif yo.) Yon kontribyab pa kapab fè yon deklarasyon taks elektwonik paske, san kontribyab la pa konnen oswa otorize sa, yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal yon depandan oswa ITIN li nan yon lòt deklarasyon taks. (Verifye SSN oswa ITIN nan kòrèk, epi asire w depandan an pa t fè yon deklarasyon taks separe.) Lapòs voye yon transkripsyon taks bay kontribyab la san li pa t fè okenn demand pou sa. Yon kontribyab resevwa yon avi nan men yon konpayi lojisyèl preparasyon taks ki konfime yon kont sou entènèt te kreye sou non li, pandan kontribyab la konnen li pa t kreye youn. Yon kontribyab resevwa yon avi nan men konpayi lojisyèl preparasyon taks yo ki fè konnen gen moun ki te monte sou kont yo a oswa dezaktive li pandan kontribyab la konnen se pa t li menm ki te poze aksyon sa yo. Yon kontribyab resevwa yon avi IRS ki fè konnen li dwe taks adisyonèl, oswa yo itilize ranbousman li pou konpanse balans sou yon dèt, oswa yo pran mezi kont li paske li gen yon ane li pa touche okenn revni oswa fè deklarasyon taks. IRS voye yon avi bay yon kontribyab ki fè kwè li resevwa salè oswa lòt revni nan men yon anplwayè li pa travay pou li. Yo te bay kontribyab la yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN), men li pa t mande oswa aplike pou yon EIN. Si nenpòt nan kondisyon ki anwo yo ta aplikap, kontribyab la sipoze ranpli epi soumèt yon fòm 14039 deklarasyon. Gade plis detay sou fason pou ranpli deklarasyon an pi ba a. Kisa ki se vòl idantite ki pa gen rapò ak taks? Vòl idantite ki pa gen rapò ak taks fèt lè yon moun itilize enfòmasyon idantifikasyon pèsonèl (PII) yo vòlè oswa ki pèdi pou fè kat kredi, jwenn ipotèk, achte machin, oswa louvri lòt kont san viktim yo pa konnen. Prèv potansyèl vòl idantite ki pa gen rapò ak taks ka gen ladan: Yon moun resevwa bòdwo balans ki soti nan yon antrepriz li pa t achte anyen, abònman magazin li pa t kòmande, notifikasyon sou yon deklarasyon ipotèk ak/oswa kat kredi li pa aplike pou li. Yon moun resevwa avi sou avantaj chomaj li pat aplike pou li. Yon moun resevwa yon Avi CP 01E, Vòl Idantite Travay. Yon moun resevwa yon Fòm W-2 oswa 1099 nan men yon sosyete oswa yon anplwayè kote li pa t resevwa revni yo rapòte nan li a epi li pa t resevwa yon avi oswa yon lèt nan men IRS ki poze li kesyon sou revni sa a. Yon kontribyab pa kapab fè yon deklarasyon elektwonik paske, san li la pa otorize sa, yon moun li konnen itilize nimewo Sekirite Sosyal yon depandan oswa ITIN li, pandan moun sa a, se pa li ki paran oswa gadyen legal la. Pou plis enfòmasyon sou pwoblèm sa a, gade Piblikasyon 1819, Divòs ak paran ki pa gadyen, ki separe, oswa ki pa janm marye (an anglè)PDF. Viktim vòl idantite ki pa gen rapò ak taks pa bezwen ranpli Fòm 10439. Olye de sa, yo sipoze pwowaktif epi rapòte ensidan ki pa gen rapò ak taks sa yo bay otorite ki konpetan pou sa epi pran lòt mezi: Jwenn yon PIN Pwoteksyon Idantite lè w vizite IRS.gov/getanippin. Sa se yon etap enpòtan pou anpeche w viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks. Kontakte youn nan 3 Biwo Kredi pou rapòte ensidan an: Equifax, Experian oswa Transunion. Kontakte Administrasyon Sekirite Sosyal la. Kontakte biwo chomaj eta ki apwopriye a pou fè yo ba ou yon Fòm 1099-G korije. Rapòte ensidan an bay enstitisyon finansye yo. Rapòte ensidan an bay lapolis lokal - Si kontribyab la konnen vòlè idantite a, oswa vòlè a itilize non kontribyab la pandan yon kontwòl woutye oswa nenpòt rankont ak lapolis, kontribyab la sipoze rapòte ensidan an. Rapòte ensidan an bay Komisyon Komès Federal la (an anglè). Pa ranpli yon Fòm 14039 atravè pwosesis sa a. Sonje byen, pa gen okenn nesesite pou rapòte yon ensidan ki pa gen rapò ak taks bay IRS. PIN Pwoteksyon Idantite Yon IP PIN se yon nimewo ki gen sis (6) chif yo bay yon moun pou ede evite move itilizasyon nimewo Sekirite Sosyal li oswa ITIN li nan deklarasyon taks sou revni federal li. IP PIN nan pwoteje kont kontribyab la, menm nan ka kote yo pa oblije fè yon deklarasyon taks ankò, lè li rejte nenpòt deklarasyon taks ki fèt san IP PIN kontribyab la. Yon nouvo IP PIN jenere chak ane pou plis sekirite. Kontribyab la ap bezwen antre IP PIN li lè l ap fè deklarasyon taks li. Depi yon moun fin enskri nan pwogram IP PIN nan, pa gen okenn fason pou renonse. Kontribyab yo sipoze fè demand yon IP PIN: Si yo vle pwoteje SSN yo oswa ITIN yo avèk IRS. Si yo vle pwoteje SSN oswa ITIN depandan yo avèk IRS Si yo panse SSN, ITIN oswa lòt enfòmasyon pèsonèl yo ta ekspoze ak vòl oswa fwod Si yo ta sispèk oswa konfime yo viktim vòl idantite Kontribyab yo ka ale sou IRS.gov/getanippin pou pase yon kontwòl otantifikasyon apwofondi. Depi otantifikasyon an fin fèt, y ap resevwa yon IP PIN an liy tou swit. Altènativman, kontribyab yo gendwa soumèt pa lapòs oswa pa faks, Fòm 15227, Aplikasyon pou yon IP PIN (an anglè)PDF. Yon anplwaye IRS ap rele kontribyab la pou konplete otantifikasyon an. Depi otantifikasyon an fin fèt, IRS ap jenere IP PIN nan nan kat (4) a sis (6) semèn. Oswa kontribyab la ka pran randevou nan yon Sant Asistans pou Kontribyab lokal, pou kapab otantifye idantite li fasafas, depi otantifikasyon an fin fèt, IRS ap jenere epi voye ale pa lapòs yon IP PIN nan kat (4) a sis (6) semèn. Paran yo ak gadyen legal yo kapab fè demann yon IP PIN pou depandan yo. Y ap itilize SSN oswa ITIN depandan yo pou kapab konplete epi soumèt Fòm 15227 nan. Otomatikman, IRS gendwa jenere yon IP PIN pou yon kontribyab, si li ta remake li viktim vòl idantite ki gen pou wè ak taks. Kontribyab la ap resevwa yon avi pou konfime vòl idantite a ak tout IP PIN ki jenere a, l ap gen pou li itilize li nan pwochen deklarasyon taks l ap gen pou fè yo. Depi IP PIN nan fin jenere, kontribyab la sipoze itilize li lè l ap fè deklarasyon, oswa deklarasyon elektwonik ak IRS, sa ki gen ladann nenpòt ki deklarasyon an reta pou ane avan yo k ap fèt nan sezon deklarasyon aktyèl la.IP PIN yo valid pou douz (12) mwa, epi yo kapab sèvi pou nenpòt deklarasyon taks pandan ane sa a. Kontribyab yo gendwa resevwa yon avi ki gen nouvo IP PIN nan ladann chak ane, nan mwa janvye yo pou pwochen sezon deklarasyon taks la, oswa yo kapab al chèche li sou IRS.gov/getanippin. Ranpli Fòm 14039, Deklarasyon Vòl Idantite Se sèlman kontribyab ki kwè yo viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks epi ki pa t resevwa youn nan lèt nou te site anlè yo nan men IRS, ki sipoze ranpli Fòm 14039 la. Yon Fòm 14039 (an anglè)PDF disponib sou sit IRS.gov la. Li kapab ranpli anliy, enprime epi anekse nan deklarasyon taks pou voye ale pa lapòs bay IRS. Oswa, kontribyab la gendwa konplete fòm nan anliy sou paj Komisyon Komès Federal la (Federal Trade Commission) epi FTC ap transfere Fòm 14039 la, san deklarasyon taks la, bay IRS. IRS ap travay pou verifye kontribyab lejitim nan, ekate deklarasyon moun ki fè fwod la sou kont kontribyab la epi, jeneralman, mete yon makè espesyal son kont sa a k ap jenere IP PIN atomatikman, chak ane, pou kontribyab nou konfime ki viktim nan. Pou enfòmasyon sou vòl idantite ki gen rapò ak taks, gade sou sit IRS.gov la Pwoteksyon Idantite: Prevansyon, Deteksyon ak Asistans pou Viktim ak Asistans pou Viktim Vòl Idantite: Kijan sa Fonksyone. Paj wèb Komisyon Komès Federal (an anglè) la gen ladann tou enfòmasyon ki gen pou wè ak vòl idantite.