Èd IRS bay pou Moun ki Viktim Vòl Idantite yo: Kòman Li Fonksyone

Nou konnen vòl idantite ka fwistre epi mete konfizyon lakay viktim yo. Lè se vòl idantite ki gen rapò ak taks, Sèvis Revni Entèn nan vle rezoud ka w la pi vit posib. IRS te travay di pou ede viktim vòl idantite yo pou fè amelyorasyon epi redwi nan tan yo pran pou rezoud sitiyasyon konplèks sa yo.

Eksperyans chak kontribyab ap varye, tou depann si ou di nou ou ka yon viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks, oswa nou di ou nou gen yon deklarasyon taks sispèk ki gen non w sou li. (Tanpri sonje: Sa ka rive tou nou pa rann nou kont ou se yon viktim vòl idantite jiskaske nou kòmanse trete deklarasyon taks la oswa kòmanse yon kontwòl verifikasyon.)

Men yon deskripsyon jeneral sou sa ou ka atann.

Nou di ou nou gen yon deklarasyon taks sispèk ki gen non ou sou li

Souvan, Pwogram Pwoteksyon Kontribyab la idantifye yon deklarasyon taks ki gen non ou ak SSN ou epi l ap voye yon notifikasyon oswa yon lèt ba ou. TPP a ap byen idantifye epi anpeche pwosesis deklarasyon taks sou vòl idantite yo epi ede kontribyab ki gen idantite yo ki sèvi pou ranpli deklarasyon sa yo. Gen anpil rezon ki fè yon deklarasyon ka parèt sispèk, epi nou pran mezi prekosyon sa a pou ede w pwoteje tèt ou. Men sa k rive nan sitiyasyon sa a:

  • Ou ka resevwa yon Lèt 4883C (an anglè) nan men IRS k ap mande w verifye idantite w jiska 30 jou.
    • Swiv enstriksyon ki nan lèt la pou w verifye idantite w.
    • Rele gratis nan nimewo yo bay nan lèt la. Ou dwe genyen lèt la nan men w lè w rele nan Pwogram Pwoteksyon Kontribyab la.
    • Ou dwe genyen yon kopi deklarasyon taks ane pase w la, si w te ranpli youn pou ede w verifye idantite w.
    • Verifye idantite w. Si w pa kapab verifye idantite w ak reprezantan sèvis kliyan an, yo ka mande w vizite yon Sant Asistans Kontribyab IRS an pèsonn. Ou ta dwe planifye pou w bay yon foto idantifikasyon anplis lèt la ak yon kopi deklarasyon taks ki afekte yo si w te ranpli youn.
    • Si w resevwa notifikasyon ki sanble ak deklarasyon ki pa nòmal, ou pa bezwen ranpli Fòm 14039 la, sof si yo di w pou fè sa a.
  • Depi w fin verifye idantite w, ou ka fè nou konnen si w te ranpli deklarasyon taks la ki konsène a.
  • Si w pa t ranpli deklarasyon taks ki konsène a, n ap retire l nan dosye IRS ou yo. Li ka rekòmande pou w ranpli yon deklarasyon taks sou papye si w poko ranpli pou sezon deklarasyon sa a.
  • Si w te ranpli deklarasyon taks ki konsène a, n ap trete l sof si gen pwoblèm nou pa t prevwa (erè matematik, deklarasyon ki manke oswa barèm) y ap voye ranbousman w lan ba w depi pwosesis la fini.

Fason rapid nou kapab trete ka vòl idantite yo depann de kantite travay ak konpleksite ka yo. Yon fwa nou fin rezoud pwoblèm kont taks ou yo nèt, n ap make kont ou ak yon endikatè vòl idantite pou ede w pwoteje kont taks ou a alavni.

Yo ka mete kèk viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks nan Pwogram PIN Pwoteksyon Idantite epi resevwa chak lane yon nouvo IP PIN sis (6) chif.

Ou di nou ou ka viktim yon vòl idantite ki gen rapò ak taks

Men sa ki rive si w aprann ou se yon viktim yon vòl idantite ki gen rapò ak taks. Pa ekzanp, yo rejte deklarasyon ou ranpli anliy lan akòz deklarasyon taks ou a konfonn ak nimewo sekirite sosyal ou a epi w te rapòte nou pwoblèm nan:

  • Ou ta dwe
  • W ap resevwa yon lèt nan men IRS k ap sètifye IRS te resevwa Fòm 14039 ou a
  • Y ap voye ka w la bay òganizasyon "Èd pou Viktim Vòl Idantite yo" pou yon anplwaye ki gen yon fòmasyon espesyalize nan vòl idantite pou li ankete epi rezoud li.
  • Òganizasyon IDTVA ap travay pou rezoud ka vòl idantite ou a nan:
    • Evalye sa a ki lakòz pwoblèm yo epi eseye detèmine si pwoblèm vòl idantite ou a afekte youn oswa plis ane fiskal.
    • Trete tout pwoblèm ki gen rapò ak deklarasyon ki gen fwod. Sa gen ladan detèmine si gen viktim anplis, ou pa konnen, ki nan deklarasyon ki gen fwod la
    • Rechèch sou ka a pou verifye epi otantifye tout non, adrès ak SSN ki egzat oswa ki fo.
    • Fè yon analiz pou detèmine si yo te trete tout pwoblèm eksepsyonèl yo.
    • Asire yo byen trete deklarasyon taks ou a epi si yo dwe w yon ranbousman oswa voye ranbousman w lan.
    • Retire fo deklarasyon an nan dosye taks ou yo.
    • Make kont taks ou ak yon endikatè vòl idantite, ki konplete travay nou sou ka w la epi ki ede w pwoteje tèt ou apre.
  • W ap resevwa yon notifikasyon k ap di ou ka w la rezoud. Sa pran jeneralman 120 jou, men akòz sikonstans grav pandemi a te koze, kantite vòl idantite nou yo te ogmante anpil epi sa pran nou an mwayèn 430 jou pou rezoud ka vòl idantite yo. IRS pran vòl idantite yo oserye e li angaje l pou rezoud ka vòl idantite yo pi vit posib epi y ap pran mezi pou diminye delè sa a pou l pase a 120 jou oswa pi piti.
  • Apre ou fin ranpli Fòm 14039
    • Y ap kontakte ou lè ka w la rezoud.
    • Tanpri pa soumèt plizyè Fòm 14039 oswa 14039-B, ni kontakte IRS konsènan estati deklarasyon vòl idantite w la.
    • Pa gen okenn aksyon ou ta dwe antreprann, sof pou reponn yon demann enfòmasyon byen rapid.
  • Y ap mete kèk viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks nan pwogram PIN Pwoteksyon Idantite epi y ap resevwa yon nouvo PIN IP sis (6) chif chak lane.

Èske gen lòt etap mwen ta dwe pran antanke viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks la?

Lòt Resous: