Skip to main content

Fè yon peman

Peye enpo federal ou yo avèk kont labank, kat debi oswa kat kredi, bous dijital ak lòt fason ankò. Jwenn opsyon si ou pa ka peye kounye a.

Peye enpo endividyèl avèk kont labank

Gratis, rapid epi an sekirite avèk IRS. Peye balans ou dwe, enpo estime, deklarasyon modifye, pwolongasyon ak plis ankò.

Peye nan kont IRS ou

Rekòmande

Konekte nan Kont Endividyèl ou


Karakteristik prensipal yo

  • Peye avèk kont labank epi sove li nan pwofil ou
  • Gade balans ou dwe, istwa peman ou, ak plis ankò
  • Mete an plas, chanje oswa peye sou yon plan peman
  • Fè jiska 20 peman pa jou

Peman enpo yo aksepte

Pifò kalite peman yo aksepte


Peye kòm envite

Itilize IRS Direct Pay


Karakteristik prensipal yo

  • Peye avèk kont labank san w pa konekte
  • Chèche peman yo pa nimewo konfimasyon
  • Fè peman sou yon plan peman
  • Fè jiska 5 peman pa jou

Peman enpo yo aksepte

Tout kalite peman yo aksepte


Tout metòd peman

Chwazi yon metòd ki mache pou ou. Se pa tout kalite peman enpo yo aksepte pou metòd peman yo.

Si ou pa ka peye kounye a

Pa enkyete w. Ou gen opsyon. Eseye nouvo zouti nou an pou jwenn èd avèk dèt enpo ou.

Peye sou yon peryòd tan

Plan peman yo pèmèt ou peye enpo w yo sou yon peryòd tan.

Si ou se yon moun endividyèl, mete an plas yon plan peman nan Kont Endividyèl ou a.

Si ou se yon biznis, kontakte nimewo telefòn ki sou avi w la oswa rele 800-829-4933. Nou la 7 a.m. jiska 7 p.m. lè lokal.

Peye pita

Ou ka mande nou pou retade pwosesis koleksyon an (an anglè).

Peye mwens

Ou ka mande yon òf an konpwomi (OIC). Sa pèmèt ou regle dèt enpo w pou mwens pase montan total la.

Mande yon OIC nan Kont Endividyèl ou. Si ou se yon biznis, swiv etap yo pou soumèt yon aplikasyon.