Ou Bezwen Pwodui pou Ranpli Deklarasyon Taks Ane 2021 Ou? Ou kapab fè kòmand fòm taks, enstriksyon ak piblikasyon ou bezwen pou ranpli deklarasyon taks ou pou 2021 w lan la a. Nou ap trete kòmand ou fè a epi ekspedye li pa mwayen lapòs Etazini lè pwodui yo vin disponib. Pifò pwodui yo dwe disponib disi fen mwa Janvye 2022 a. Kijan pou Fè Kòmand Klike sou bouton Fè Kòmand Fòm Fiskal ki anba a pou kòmande yon pwodui, antre nimewo pwodui a oswa yon mo kle nan bwat rechèch la. Pa egzanp, si ou bezwen Fòm 2441, Depans nan Swen Timoun ak Depandan, ou kapab chèche Fòm 2441 oubyen timoun oubyen depandan, elatriye. Rechèch ou fè a ap bay kòm rezilta yon lis pwodui ki koresponn a kritè rechèch ou yo. Tcheke bwat ki akote pwodui ke ou bezwen (yo), klike sou bouton Ajoute nan Charèt la epi pwosede ak peman an pou ou soumèt kòmand ou an. Kòmand ou a sipoze rive nan espas 10 jou ouvrab. Si yon pwodui pa disponib lè ou fè kòmand la, nou ap voye li kou l vin disponib. Tanpri piga ou fè yon lòt kòmand ankò. Fè Kòmand Fòm Fiskal Si ou se yon anplwayè oswa yon biznis epi ou bezwen fè kòmand deklarasyon ransèyman (tout fòm ki fè pati seri W-2, W-3, W-4, 1096, 1098, 1099, 3921, 5498, ak lòt pwodui), tanpri vizite Kòmand Sou Entènèt pou Deklarasyon Ransèyman ak Deklarasyon Anplwayè (an anglè) pou soumèt yon kòmand. Ou bezwen twouve yon pwodui oubyen fè yon kòmand pa telefòn? Vizite paj Fòm, Enstriksyon ak Piblikasyon (an anglè) pou telechaje pwodui yo oswa rele nan 800-829-3676 pou fè kòmand ou. Telechaje yon Fòm oswa Enstriksyon yo Fòm 1040, Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Ameriken (an anglè)PDF Enstriksyon pou Fòm 1040 yo (ak 1040-SR) (an anglè)PDF Fòm 1040 (Barèm A), Dediksyon Detaye yo (an anglè)PDF Enstriksyon pou Fòm 1040 (Barèm A) (an anglè)PDF Fòm 1040 (Barèm B), Enterè ak Dividand Òdinè (an anglè)PDF Fòm 1040 (Barèm C), Pwofi oswa Pèt ki fèt nan Biznis (Antrepriz Endividyèl) (an anglè)PDF Fòm 1040 (Barèm D), Gen ak Pèt Kapital (an anglè)PDF Fòm 1040 (Barèm E), Revni Siplemantè ak Pèt (an anglè)PDF Fòm 1040 (Barèm SE), Taks sou Travay Endepandan (an anglè)PDF Fòm 1040-ES, Estimasyon Taks pou Endividyèl yo (an anglè)PDF Fòm 1040-V, Koupon Pèman (an anglè)PDF Fòm 8949, Vant ak lòt Dispozisyon Aktif Kapital (an anglè)PDF