Moun ki gen ekstansyon pou fè deklarasyon 2021 yo pa bezwen tann jis 17 oktòb

IR-2022-141, 19 Jiyè 2022

WASHINGTON - Sèvis Revni Entèn Raple anviwon 19 milyon kontribyab li yo ki te fè demann ekstansyon pou fè deklarasyon 2021 yo, yo pa bezwen tann mitan oktòb la rive pou yo fè deklarasyon yo. Si yon kontribyab gen tout enfòmasyon li gen bezwen pou li fè yon deklarasyon taks ak done ki egzat, li kapab fè yon deklarasyon elektwonik pandan nenpòt ki moman avan dat limit oktòb la, konsa l ap kapab evite mache prese pou fè deklarasyon nan dènye minit yo.

Kontribyab ki te fè demann tan adisyonèl pou fè yon deklarasyon taks ak done ki egzat gen jiska 17 oktòb 2022. Moun ki gen tout sa yo bezwen pou yo fè yon deklarasyon taks sipoze fè sa pi vit posib yon fason pou yo kapab evite reta nan tretman deklarasyon taks yo.

Kontribyab ki gen kesyon kapab jwenn èd ak pifò pwoblèm taks yo anliy oswa pa telefòn. Sit entènèt IRS.gov la gen zouti anliy ak resous ki gratis epi fasil pou itilize, k ap kapab ede kontribyab yo 24 sou 24. Wobo vokal yo kapab ede moun ki rele yo fè yon navigasyon entèraktif epi jwenn repons vokal pou kesyon senp yo ki gen pou wè ak peman oswa avi, epi jwenn repons rapid sou Kesyon yo Poze Souvan (an anglè).

Asistans Taks Entèraktif la (an anglè) se yon zouti ki kapab reponn yon valè kesyon ki gen pou wè ak lwa fiskal ki byen espesifik nan yon sikonstans patikilye ki baze sou done li genyen yo. Li kapab detèmine si yon sitwayen sipoze fè yon deklarasyon taks, estati deklarasyon yo, si yo kapab reklame yon depandan, si yon kalite revni taksab, ak si yo kalifye pou yo reklame yon kredi oswa fè dediksyon pou yon sèten depans.

Opsyon deklarasyon elektwonik

IRS ankouraje patikilye yo ki toujou gen nesesite pou fè yon deklarasyon taks 2021 pou yo fè yon deklarasyon elektwonik, epi si nou ta dwe yo yon ranbousman, pou yo chwazi depo dirèk.

Fè deklarasyon elektwonik rapid, epi sa fèt ak done ki egzat nan yon fason ki sekirize, epi lè yon sitwayen chwazi depo dirèk, ranbousman yo a soti dirèkteman nan men IRS pou ale nan kont bankè yo oswa kont finansye yo, sa ki pèmèt yo jwenn ranbousman yo nan yon ti tan ki byen kout. Si yo gen kat prepeye oswa kat debi, yo kapab fè depoze ranbousman yo sou kat yo, y ap jis bay IRS nimewo routin nan (routing number). IRS la trete majorite deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik yo epi li bay ranbousman pa mwayen depo dirèk nan mwens pase 21 jou.

Sitwayen ki kalifye yo kapab itilize Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la pou kapab prepare epi fè deklarasyon taks federal 2021 yo gratis. Kontribyab yo kapab chwazi konpayi lojisyèl preparasyon taks yo pi pito a. Gen nan yo ki menm ofri preparasyon deklarasyon taks Eta gratis. Moun ki rantre pi plis pase $73,000 gen posiblite pou itilize Fòm ki ka Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè).

Lojisyèl MilTax anliy (an anglè) disponib tou pou manm lame oswa kèk veteran, san nou pa teni kont de revni yo. Se atravè depatman defans yo ofri lojisyèl sa a. Kontribyab ki kalifye yo kapab itilize MilTax pou prepare epi fè deklarasyon elektwonik pou deklarasyon taks federal yo ak jiska 3 deklarasyon taks Eta gratis.

Pwogram Volontè pou Asistans pou Enpo sou Revni

Pwogram Volontè pou Asistans pou Enpo sou Revni IRS la ofri preparasyon deklarasyon taks debaz gratis pou moun ki jeneralman rantre $58, 000 oswa mwens, moun ki andikape yo, ak kontribyab ki pa pale anglè byen. Pandan pifò nan sit sa yo ouvri sèlman nan fen sezon fiskal la, kontribyab yo kapab itilize zouti Lokalizatè sit VITA a pou kapab tcheke si gen yon sit kominotè lokal ki gen anplwaye ki resevwa fòmasyon nan men IRS oswa volontè ki kalifye ki toujou ouvri pòt yo tou prè yo.

Pwofesyonèl Taks yo

Gen plizyè kalite preparatè deklarasyon enpo ki kapab ede tankou ekspè kontab agreye (CPA an anglè), ajan enskri, avoka yo ak anpil lòt ankò ki pa gen tit pwofesyonèl.

Kontribyab yo sipoze chwazi yon preparatè taks ak entèlijans. Pou patikilye ki bezwen èd ki gen pou wè ak taks yo, repètwa anliy (an anglè) IRS la kapab ba ou asistans, pou edew jwenn yon pwofesyonèl taks ki nan zòn ou.

Rete ajou sou zafè taks yo

IRS ap gen pou voye yon korespondans bay kontribyab la nan dènye adrès li a, jeneralman, nan adrès ki nan deklarasyon taks yo genyen ki pi resan an. Si yon kontribyab deloje epi li pa voye a rekèk bay IRS pou fè konnen li chanje adrès, yo gendwa pa resevwa avi IRS yo epi yo gendwa rate dat limit pou yo reponn yo.
Pa gen okenn penalite poutèt ou pa fè yon deklarasyon lè nou dwe ou yon ranbousman, men konsa tou pa gen okenn delè tou pou kolekte taks ki dwe yo si okenn deklarasyon taks pa t fèt.

Ap gen enterè sou nenpòt ki taks ki pa peye apati de dat avril sa te dwe fèt la, epi enterè a ap kontinye monte jiskaske dèt la fin peye nèt. Kontribyab patikilye yo ap gen pou peye to enterè a koutèm nan plis twa (3) pousan pwen, aktyèlman se 5 % pa ane, ki akimile chak jou. Penalite yo ap kontinye monte pou chak mwen taks la rete sanli pa peye jiskaske li rive nan 25% taks ki pa peye a.

Fè yon deklarasyon taks epi peye nenpòt ki montan ou dwe pi vit posib gendwa ede kontribyab yo evite pi plis enterè ak penalite.

Kontribyab ki dwe enpo yo ka verifye tout opsyon peman yo anliy. Sa ki gen ladann peye taks yo atravè yon Kont anliy ak Peman Dirèk IRS oswa peye pa kat kredi, kat debi oswa bous dijital. The IRS gen plizyè opsyon mou moun ki pa kapab peye taks yo, tankou aplike pou yon plan peman sou sit IRS.gov la.

Pou plis enfòmasyon, gade: