Anvan yo rele IRS la, moun yo ta dwe konnen ki enfòmasyon y ap bezwen pou yo verifye idantite yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-115, 28 Jiyè 2022

Lè kontribyab yo gen yon kesyon, premye kote yo ta dwe ale se sou IRS.gov. Paj Kite Nou Ede W la se yon bon mwayen pou jwenn repons ak kesyon sou taks yo rapid. Moun ki rele IRS la pou lòt asistans ap bezwen genyen enfòmasyon yo disponib pou verifye idantite yo. Sa se nan efò ajans lan ap fè pou li kenbe done kontribyab yo an sekirite kont vòl idantite yo.

Reprezantan IRS la sèlman diskite sou enfòmasyon pèsonèl avèk kontribyab la oswa yon moun kontribyab la otorize pou pran lapawòl sou non li. Pou asire ke yo pa gen pou yo retounen rele, kontribyab yo ta dwe genyen enfòmasyon sa yo pare:

  • Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ak dat nesans pou sila ki gen non yo sou deklarasyon enpo a
  • Yon lèt Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) si kontribyab la gen yonn olye yon SSN
  • Kondisyon fiskal yo: selibatè, chèf fwaye, marye k ap fè deklarasyon konjwen, marye k ap fè deklarasyon separe, oswa vèf oubyen vèv kalifye avèk yon timoun ki sou kont yo
  • Deklarasyon enpo ane anvan an. Asistan telefòn yo ka bezwen verifye idantite kontribyab la avèk enfòmasyon ki nan deklarasyon an anvan li reponn kèk kesyon
  • Yon kopi deklarasyon enpo ki konsène a
  • Tout lèt oswa avi IRS kontribyab la resevwa

Dapre lalwa, asistan telefòn yo ap pale sèlman avèk kontribyab la oswa reprezantan legal (an anglè) kontribyab la chwazi.

Si kontribyab yo oswa pwofesyonèl enpo yo ap rele pou kont yon lòt moun, yo ta dwe pare pou verifye idantite yo epi bay enfòmasyon konsènan moun y ap reprezante a:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)