Jounen Sansibilizasyon EITC: Chanjman Enpòtan vle di plis moun kalifye ki ap ede plizyè milyon Ameriken

IR-2022-20, 28 Janvye, 2022

WACHINTON – Plis moun ki pa gen pitit kalifye pou Kredi Enpo sou Revni ou Antre a (EITC), pi gwo kredi enpo ranbousab gouvènman federal la pou fanmi ki gen revni fèb oubyen modere yo. 

Anplis, fanmi yo ka itilize nivo revni avan pandemi yo pou kalifye si li debouche sou yon kredi ki pi enpòtan. Sèvis Revni Entèn nan ak patnè li yo atravè nasyon an mete pwojektè sou chanjman sa yo jodi a nan okazyon 16yèm Jounen Sansibilizasyon anyèl EITC a. 

Adopte nan lane 1975, yo wè EITC a antanke youn nan pi gwo pwogram antipovrete gouvènman an, ki ap ede plizyè milyon Ameriken chak ane. IRS ak patnè l yo atravè tout nasyon an ankouraje moun pou verifye pou wè si yo kalifye pou kredi enpòtan sila, yo ankouraje tou moun ki pa nòmalman depoze yon deklarasyon taks pou revize si yo kalifye pou EITC ak lòt kredi ki gen anpil valè yo tankou Kredi Enpo pou Timoun nan oubyen Kredi Ranbousman Rekiperasyon an, yo deziye tou antanke pèman relans yo. 

Gen yon seri chanjman enpòtan nan EITC ki ap ede kredi sa atenn plis fanmi k ap travay di ane sa, daprè Chuck Rettig ki se Komisè IRS la. Nou ankouraje moun ki potansyèlman elijib pou kredi esansyèl sa pou revize konsiy yo , anpil moun chak ane neglije sa epi pa fè ase lajan ke yo te kapab fè. Nan jounen Sansibilizasyon EITC sa sa a, nou vle asire n ke tout moun ki kalifye pou kredi a okouran de li epi genyen enfòmasyon yo bezwen pou jwenn li.” 

IRS kòmanse aksepte deklarasyon enpo 2021 an janvye 2022. Kontribyab yo ka asire ke yo ap jwenn tout kredi ak dediksyon ke yo kalifye pou yo, sa ki gen ladan li EITC, lè yo fè depo pa vwa elektwonik, itilize yon fiskalis ou fè konfyans oubyen lè w itilize yon Deklarasyon Gratis IRS lojisyèl ki gen mak yon asosye. Kontribyab ki gen Revni Brit Ajiste (oubyen (AGI) ki $73,000 oubyen mwens kalifye pou Deklarasyon Gratis asosye yo ofri.

IRS raple kontribyab yo tou ke fason ki pi rapid pou jwenn ranbousman an se llojisyèl ki gen mak yon asosy depoze deklarasyon enpo pa vwa elektwonik kòrèk epi chwazi depo dirèk pou ranbousman yo. Lojisyèl taks, fiskalis yoak lòt opsyon gratis ka ede moun yo wè si yo kalifye pou EITC a.

Kisa ki nouvo?

Elajisman EITC san timoun yo pou 2021

Pou ane 2021 an sèlman, plis travayè ak moun ki ansanm ka kalifye pou EITC a, epi kredi maksimòm nan pou travayè sila yò prèske triple. Pou yon premye fwa, kredi a disponib kounya pou jèn travayè ak sitwayen ki aje yo.

Pou ane 2021 an, EITC a disponib jeneralman pou moun ki ap fè deklarasyon san timoun ki kalifye ki gen pou pi piti 19 lane ak yon revni salaryal ki mwens pase $21, 430; $27,380 pou konjwen ki ap depoze yon deklarasyon ansanm. Maksimòm EITC pou moun ki ap fè deklarasyon san timoun ki kalifye se $1,502, alòske ke l te $538 an 2020. Gen eksepsyon espesyal tou pou moun ki gen 18 lane ki te yon epòk nan yon fwaye dakèy oubyen ki ap viv san yon kote pou yo rete. Moun ki etidyan a plen tan ki gen mwens pase 24 lane yo pa kalifye. Pa gen laj limit ki pi wo pou reklame kredi a si kontribyab yo gen revni salaryal. Nan peryòd ki pase yo, EITC pou moun ki pa gen depandan yo te sèlman disponib pou moun ki gen laj yo ki ant 25 a 64 lane.

Revni ane 2019 la

Yon lòt chanjman pou 2021 an otorize patikilye yo pou yo kalkile EITC a lè y ap itilize revni salaryal 2019 yo a si li te pi wo pase revni salaryal 2021. Pou kalifye pou EITC a, moun yo dwe te gen yon revni salaryal ki sòti nan anplwa ak lòt sous yo, kidonk opsyon sa kapab ede travayè yo gen yon kredi ki pi enpòtan si yo te gen salè ki mwens an 2021 oubyen si yo te resevwa revni chomaj olye de salè regilye yo a. Gade Enstriksyon pou Fòmilè 1040 yo (an anglè)PDF lan, liy 27 c.

Eliminasyon pwogresif ak limit kredi yo

Pou ane 2021 an, montan kredi a ogmante epi sipresyon pwogresif plafon revni yo ke kontribyab yo ka reklame kredi a elaji. Pa egzanp, maksimòm EITC pou de moun ki marye ki ap fè depo ansanm ki gen twa oubyen plis timoun ke sa se $6,728 epi nivo revni ki pi wo pou menm fanmi sila se $57,414. An 2020, maksimòm EITC a pou yon fanmi nan sitiyasyon sa se te $6,660 epi nivo revni ki pi wo a se te $56,844.

Kontribyab yo dwe note ke kèlkeswa Pèman Enpak Ekonomik oubyen pèman Kredi Enpo pou Timoun yo te resevwa pa taksab oubyen pa konte antanke revni nan objektif pou reklame EITC. Patikilye elijib ki pa t resevwa montan total Pèman Enpak Ekonomik yo kapab reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon nan deklarasyon enpo 2021 yo a. Ale sou IRS.gov/rrc pou plis enfòmasyon.

2021 ak pi lwen ke sa

Nouvo chanjman lwa yo elaji EITC a pou ane 2021 ak ane ki vini yo. Pami chanjman sa yo, nou jwe:

  • Plis travayè ak fanmi ki ap travay ki gen revni envestisman tou ka jwen kredi. Kòmanse nan ane 2021 an, montan revni envestisman yo ka resevwa epi toujou elijib pou EITC ogmante a $10,000. An 2020 limit la se te $3,650. Aprè 2021, yo endekse limit $10,000 la pou enflasyon.
  • Marye men konjwen ki separe kapab chwazi pou yo konsidere yo tankou yo pa t marye pou yon seri objektif ki lye ak EITC. Pou kalifye, ki ap reklame kredi a pa ka fè deklarasyon ansanm ak lòt konjwen an, li nesesè pou yo gen yon timoun kalifye ki ap viv avèk yo pandan plis pase mwatye ane a epi swa:
    • Pa gen menm rezidans prensipal ak lòt konjwen an pandan pou pi piti dènye sis mwa ane sa.
    • Legalman separe selon lwa eta yo rezide a daprè yon akò separasyon ki ekri oubyen yon dekrè antretyen separe epi yo p ap viv nan menm kay la antanke konjwen nan fen ane fiskal yo te fè demann EITC pou li a.
      • Kontribyab yo dwe depoze Anèks EIC (Fòmilè 1040) (an anglè) epi koche kazye ki montre yo antanke moun ki marye ki ap fè deklarasyon apa ak yon timoun ki kalifye.
      • Nan ane pase yo, kontribyab ki marye yo te oblije fè deklarasyon ak konjwen yo pou reklame EITC a.
  • Moun ki selibatè yo ak moun ki ap ansanm ki gen pitit yo ki gen nimewo Sekirite Sosyal yo kapab reklame kredi a, menm si timoun yo a pa gen SSN yo, Nan egzanp sa, yo t ap jwenn kredi disponib ki pi piti pou travayè ki pa gen pitit yo. Lontan, deklaran sa yo pa t kalifye pou kredi a.
    • Kontribyab yo dwe depoze Anèks EIC (Fòmilè 1040 (an anglè) si yo gen yon timoun ki kalifye. Si pou piti yo gen yon timoun ki ranpli kondisyon pou li se timoun kalifye yo a nan lide pou yo kapab reklame EITC a, yo dwe ranpli epi ajoute kòm pyès jwent Anèks EIC a nan Fòmilè 1040 ak 1040-SR yo a menm si timoun sila pa gen yon SSN ki valid. Pou plis enfòmasyon, sa ki gen ladan l kòman pou w ranpli yon SSN valid si timoun kalifye w la pa gen yon SSN ki valid, gade enstriksyon pou Fòmilè 1040 (an anglè)PDF la, liy 27a, ak Anèks EIC.

Ranfòsman ranbousman vital

EITC a se kredi enpo federal ranbousab gouvènman federal ki pi enpòtan pou travayè ki gen revni fèb oubyen mwayen yo. Pou ail yo ki kalifye yo, si kredi a pi gwo pase kantite enpo yo dwe a, yo ap resevwa yon ranbousman pou diferans lan. Pandan majorite moun elijib yo ap reklame EITC chak ane, IRS estime ke youn sou senk kontribyab ki elijib pa reklame kredi a.

Sou tout teritwa nasyonal la ane pase a, prèske 25 milyon kontribyab ak fanmi ki elijib te resevwa plis pase $60 milya nan EITC ki otorize pou pèman nesesè yo, lojman, antrènman edikasyonèl, ak yon mwayèn EITC atravè tout nasyon an ki se $2,411. Pou ane 2021 an, EITC a vo jiska $6,728 pou yon fanmi ki gen twa oubyen plis timoun oubyen jiska $1,502 pou kontribyab ki pa gen yon timoun ki kalifye.

Chèche Ranbousman EITC nan kòmansman mwa mas la pou pi ta si pa gen okenn dikilte ki lye ak deklarasyon enpo yo

Daprè lalwa, IRS pa kapab livre ranbousman avan mitan mwa fevriye pou deklarasyon enpo ki reklame EITC a oubyen Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun nan (ACTC). IRS oblije konsève tout ranbousman an - menm pòsyon ki pa asosye ak EITC oubyen ACTC a ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an si nesesè. Sa ede asire ke kontribyab yo resevwa ranbousman yo merite epi bay ajans lan plis tan pou detekte epi anpeche erè ak fwod.

Kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.gov ak Aplikasyon IRS2Go a ap ajou dat depo yo pwojekte a pou majorite deklaran ranbousman EITC/ACTC antisipe 19 verifye pou pita. Alòs, deklaran EITC/ACTC yo p ap wè yon mizajou nan estati ranbousman yo apandan plizyè jou aprè 15 fevriye. Akoz Wikenn ak lòt faktè yo, IRS atann li majorite ranbousman ki lye ak ranbousman yo disponib sou kont bank kontribyab yo oubyen sou kat debi yo pa pi ta pase premye semèn mwa mas la, si yo chwazi depo dirèk epi pa gen okenn lòt difikilte ak deklarasyon enpo yo a.

Travayè ki ka reklame EITC a

Ansanm travayè ki a risk paske yo te neglije kredi enpòtan sa gen ladan yo, kontribyab:

  • Ki pa gen pitit,sa ki gen ladan l travayè sila yo ki gen pou pi piti 19 lane epi ki depase 64 lane
  • Ki ap viv nan yon fanmi ki pa tradisyonèl, pa egzanp granparan ki ap leve yon pitit pitit
  • Yo dekline Revni yo oubyen estati marital oubyen parantal te chanje 
  • Ki pa pale Anglè byen
  • Ki se yon manm Fòs lame Ameriken
  • Ki ap viv nan milye riral yo
  • Ki se Ameriken natif natal yo
  • Ki ap viv ak yon andikap oubyen ki ap founi sèvis swen pou yon depandan ki ap viv ak yon andikap

Kòman pou ou reklame EITC a

Pou jwenn EITC a, travayè a dwe depoze yon deklarasyon enpo epi reklame kredi a. Kontribyab ki elijib yo kapab reklame kredi a menm si sa yo genyen kòm salè yo pi piti pase revni ki egzije pou depoze yon deklarasyon enpo. Asistans gratis preparasyon taks disponib anliy ak atravè òganizasyon benevòl yo. Those eligible for the EITC have these options: Sila yo ki elijib pou EITC a gen opsyon sa yo:

  • Jwenn yon fiskalis yo fè konfyans. IRS raple kontribyab li yo tou ke yon fiskalis yo fè konfyans ka prepare deklarasyon enpo yo epi founi enfòmasyon ak konsèy ki itil anpil. Konsèy pou chwazi preparatè deklarasyon, sa ki gen ladan l, kontab piblik sètifye, ajan ki enskri, avoka ak anpil lòt ki pa gen yon kalifikasyon pwofesyonèl, ak lòt detay ki konsène gwoup fiskalis nasyonal yo (an anglè) disponib sou IRS.gov. Benefisyè EITC yo dwe fè pridans pou yo pa bay preparatè deklarasyon ki san eskripil twonpe yo.
  • Deklarasyon Gratis sou IRS.gov. Non lojisyèl taks gratis disponib sa ki mennen kontribyab yo nan yon fòma kesyon-repons pou ede prepare deklarasyon enpo epi reklame kredi ak dediksyon si yo elijib. Deklarasyon Gratis la founi vèsyon fòmilè sou papye IRS yo, yon opsyon ki rele Fòmilè Pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis (an anglè), sa ki pi fèt menm pou kontribyab ki konfòtab nan prepare pwòp deklarasyon pa yo. 
  • Sit preparasyon taks gratis yo (an anglè). Travayè ki elijib pou EITC yo kapab chèche preparasyon taks nan plizyè milye *Asistans Fiskal pou Benevòl (VITA) ak Konsèy Taks pou sit moun ki aje yo (TCE). pou w jwenn sit ki pi pwòch la, itilize zouti rechèch (an anglè) sou IRS.gov, aplikasyon telefòn IRS2Go, oubyen rele gratis sou 800-906-9887. Kontribyab yo dwe pote tout dokiman ak enfòmasyon yo egzije yo.

IRS raple kontribyab yo pou yo asire ke yo gen nimewo Sekirite Sosyal ki valid pou tèt yo, konjwen yo si y p depoze yon deklarasyon ansanm, ak pou chak timoun kalifye yo reklame pou EITC a. Yo dwe livre SSN yoavan dat limit deklarasyon an, sa ki gen ladan pwolongasyon yo. Gen règ espesyal pou sila yo ki antre nan militè (an anglè) oubyen ak sila yo ki pa nan peyi a.

Evite erè

Kontribyab yo gen responsabilite pou asire ke deklarasyon taks yo fèt san erè menm se yon lòt moun ki redije l pou yo.  Paske règ pou reklame EITC a kapab konplèks, IRS ankouraje moun yo pou yo konprann yo tout. Moun yo kapab jwenn èd pou asire ke yo elijib lè yo vizite yon sit preparasyon taks gratis, oubyen itilize lojisyèl Deklarasyon Gratis la oubyen lè yo peye sèvis yon fiskalis (an anglè).

Fè atansyon ak anak

Asire ke ou pran san ou pou ou chwazi yon preparatè taks. Fè atansyon ak anak ki reklame pou ogmante ranbousman EITC a. Anak ki kreye timoun kalifye fiktif oubyen gwosi nivo revni yo pou jwenn maksimòm EITC ki kapab kite yon kontribyab ak yon penalite.

Vizite IRS anliy

IRS.gov se yon premye arè presye pou kontribyab yo fè tout bagay byen nan sezon deklarasyon sa. Enfòmasyon sou lòt kredi enpo yo, tankou Kredi Enpo pou Timoun nan (an anglè) disponib tou.

Eleman konèks