IR-2023-06, 17 janvye 2023
WASHINGTON — Sèvis preparasyon deklarasyon enpo gide sou Internal Revenue Service la gratis, li sou entènèt e li pare pou kontribiyab yo itilize. Yo mete sèvis silan anliy nan dat 13 janvye 2023 a, 10 jou anvan dat kòmansman peryòd fiskal 2023 a. IRS kòmanse aksepte deklarasyon enpo endividyèl yo nan dat 23 janvye an.
Deklarasyon Gratis IRS make 21yèm peryòd fiskal ane sa a epi li se youn nan anpil opsyon gratis pou kontribyab yo ranpli deklarasyon enpo yo sou entènèt oswa an pèsòn. Deklarasyon Gratis IRS la jwenn nesans li atravè yon patenarya piblik-prive ant IRS ak Free File Inc., ansyen Free File Alliance. Atravè patenarya sa a, prensipal founisè lojisyèl fiskal yo mete pwodwi yo sou entènèt, yo disponib nan lang anglè ak panyòl gratis.
Sèt (7) patnè pral bay pwodwi deklarasyon gratis IRS lan sou entènèt ane sa a bay tout kontribiyab oswa fanmi ki te touche $73,000 oswa mwens nan 2022 an.
Paske sezon deklarasyon an p ap kòmanse anvan 23 janvye, founisè Deklarasyon Gratis IRS yo ap aksepte deklarasyon enpo ki ranpli yo epi kenbe yo jiskaske yo kapab depoze yo pa vwa elektwonik nan dat sa.
Apati 23 janvye, sila yo ki rantre plis pase $73,000 kapab itilize Fòmilè Deklarasyon Gratis pou Ranpli IRS yo ki se vsyon elektwonik fòmilè papye IRS yo. Pwodui sa yo pi bon pou moun ki kapab prepare pwòp enpo yo san pwoblèm.
Kijan deklarasyon gratis anliy IRS lan fonksyone
Chak moun ki ranpli dosye gratis IRS lan fikse pwòp règ elijibilite l pou pwodwi yo, sa chita sou laj li, revni li ak estati rezidans li.
Kontribiyab ki te touche $73,000 oswa mwens pase sa an 2022 an gen anpil chans jwenn yon pwodwi ki koresponn ak bezwen yo. Gen kèk founisè ki ofri tou preparasyon pou retounen estati gratis. Manm militè aktif yo ka itilize nenpòt pwodwi deklarasyon gratis IRS lan si revni brit ajiste l yo te $73,000 an 2022 oswa mwens.
Pou jwenn bon pwodwi deklarasyon gratis IRS lan, kontribyab yo kapab:
1. Ale sou IRS.gov/freefile,
2. Klike sou itilize preparasyon pou deklarasyon gide gratis. Aprè, chwazi deklarasyon gratis anliy IRS zouti rechèch pou ede w jwenn bon pwodwi a, oubyen
3. Itilize zouti rechèch lan pou w ka wè tout òf yo epi gade yo nan yon fason pi detaye,
4. Chwazi pwodwi ki pi bon pou yo an, epi
5. Klike sou lyen ki mennen sou sit entènèt founisè a pou kòmanse deklarasyon enpo yo.
Ou Pa gen òdinatè? Se pa yon pwoblèm. Pwodwi dosye gratis IRS lan ou kapab gen aksè ak li nan telefòn mobil. Kontribyab yo ka fè deklarasyon enpo yo sou telefòn entèlijan yo oswa sou tablèt yo.
Patisipan deklarasyon gratis IRS yo
Pou ane 2023 a, men lis founisè k ap patisipe nan deklarasyon gratis IRS lan:
- 1040Now
- ezTaxReturn.com
- FileYourTaxes.com
- On-Line Taxes
- TaxAct
- FreeTaxUSA
- TaxSlayer
Pou ane 2023 a, ezTaxReturn.com pral bay yon pwodwi deklarasyon gratis IRS nan lang panyòl.