IRS voye lèt espesyal bay kontribyab yo nan kèk zòn katastwòf

IR-2023-121, 28 Jen 2023

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan ap voye yon lèt swivi espesyal bay kontribyab yo ki nan plizyè eta ki afekte pa katastwòf yo, pou fè yo konnen ke yo gen plis tan pou peye enpo yo.

IRS la ap pran mezi espesyal sa a pou ede rasire kontribyab ki afekte pa katastwòf yo ke yo gen tan siplemantè pou deklare ak peye enpo yo. Nouvo lèt sa a pral jwenn rezidan nan Kalifòni ak sèt lòt eta ki nan zòn yo deziyen katastwòf afekte e ki te resevwa yon avi CP14 nan men IRS la nan fen mwa Me ak Jen. Premye lèt yo se pou kontribyab ki gen yon balans yo dwe, epi yo voye yo dapre yon obligasyon legal. Pandan ke avi kontribyab yo resevwa a di yo dwe peye nan 21 jou, kontribyab sa yo gen aktyèlman jiska fen ane sa a pou peye alè dapre deklarasyon katastwòf la.

Etandone gwo pwopagasyon deklarasyon katastwòf sa yo ak fidbak patnè yo, IRS la te pran yon lòt mezi pou fè yon swivi pou fè kontribyab sa yo konnen yo gen plis tan. Lèt yo, ke yo rekonèt kòm yon CP14CL, ap fèt pandan semèn kap vini yo. Lèt yo nan lang Anglè ak Panyòl.

Komisyonè IRS Danny Werfel te di "IRS la ap travay di pou amelyore operasyon nou yo kòm yon pati nan nouvo Plan Operasyon Estratejik nou an,". "Nou konnen premye lèt nou voye an te lakòz konfizyon pou kontribyab yo ak pwofesyonèl fiskal yo, epi nou te travay byen vit pou nou voye yon swivi rapèl pou ede rasire moun yo. Lèt sa a reflete kijan nou ap eseye pou nou pi konsantre sou kontribyab yo kòm nou te resevwa resous adisyonèl dapre Lwa sou Rediksyon Enflasyon an."

Avi a ki ale jwenn moun ki afekte nan uit (8) eta yon gen ladan lòt enfòmasyon pou ede kontribyab yo konprann sekou pou katastwòf yo te resevwa a.

Avi a presize "Kòm adrès dosye ou a sitiye nan yon zòn eta federal la deklare zòn katastwòf, IRS la te akòde ou otomatikman sekou pou katastwòf,". "Sa ba ou yon pwolongasyon tan pou w ranpli deklarasyon enpo ou epitou pou fè peman enpo ou ki endike nan Avi CP14 la yo. Ou pa bezwen kontakte nou pou w jwenn tan siplemantè sa a pou w peye."

Yon gwo majorite kontribyab ki afekte (moun ki resevwa lèt yo) yo sitiye nan Kalifòni, ak yon ti kantite kontribyab ki gen pou resevwa lèt swivi a nan zòn katastwòf yo ki nan Alabama, Arkansas, Florida, Georgia, Indiana, Mississippi ak Tennessee.

IRS la te mete ajou tou enstriksyon ki pral akonpaye avi sou dèt pou balans CP14 kap vini yo pou rann li pi klè ke dat peman ki endike nan lèt la pa aplike pou moun ki kouvri nan yon deklarasyon katastwòf, e ke dat katastwòf la yo rete an vigè. Enstriksyon an nan lang komen, ki se nan lang Anglè ak Panyòl, gen ladann yon kòd QR espesyal ki kondwi moun yo nan paj katastwòf IRS.gov la.