IRS devwale zouti anliy ki pou ede fanmi ki gen ti revni yo enskri pou peman Kredi Enpo pou Timoun yo

WASHINGTON — Depatman Trezò ak Sèvis Revni Entèn nan jodia te devwale yon zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran anliy ki la pou ede fanmi kalifye yo ki pa fè deklarasyon enpo yo nòmalman enskri pou peman mansyèl Avans Kredi Enpo pou Timoun yo, pwograme pou kòmanse 15 Jiyè.

Zouti sa a, yon aktyalizasyon zouti Non-Deklaran IRS ane pase a, se yon zouti ki la tou pou ede endividi kalifye ki pa fè deklarasyon enpo yo nòmalman, enskri pou twazyèm tou $1400 Peman Enpak Ekonomik yo (yo konnen tou sou non chèk relans) epi reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an pou tout montan de (2) premye tou Peman Enpak Ekonomik yo te ka rate yo.

Zouti sa a devlope nan yon patenarya avèk Intuit epi distribye atravè Alyans Deklarasyon Gratis la, li ofri yon mwayen gratis epi fasil pou moun kalifye ki gen yon revni ki ase pou yo ta gen yon obligasyon pou fè deklarasyon enpo sou revni, pou yo bay IRS la enfòmasyon debaz nesesè yo—non, adrès, ak nimewo ekirite Sosyal yo—pou kalkile epi fè peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Souvan, yo se moun ak fanmi ki resevwa yon ti piti oswa okenn revni, ansanm avèk sila yo ki sanzabri yo ak lòt gwoup defavorize yo. Nouvo zouti sa a disponib sou IRS.gov.

“Nou t ap travay di pou nou kòmanse distribye avans Kredi Enpo pou Timoun mansyèl yo bay plizyè milyon fanmi ki gen timoun nan Jiyè a,“ Komisè IRS la, Chuck Rettig, te di. “Nouvo zouti sa a pral ede plis moun jwenn aksè fasil nan kredi enpòtan sa a e l ap ede tou, moun ki pa fè deklarasyon enpo yo nòmalman, jwenn yon Peman Enpak Ekonomik. Nou ankouraje moun yo analize detay yo sou nouvo efò enpòtan sa a.”

Zouti Enskripsyon pou Non-Deklarasyon an se pou moun ki pa t fè yon deklarasyon enpo pou 2019 oswa 2020 an epi ki pa t itilize zouti Non-Deklaran yo ane pase pou enskri pou Peman Enpak Ekonomik yo. Zouti a pèmèt yo bay enfòmasyon nesesè konsènan yo menm, timoun kalifye yo ki genyen 17 lane ak pipiti, lòt depandan yo, ak enfòmasyon bankè yo pou depo dirèk pou IRS la ka depze peman yo byen rapid epi fasil sou kont chèk yo oswa kont epay yo.

Majorite fanmi yo p ap bezwen antreprann okenn aksyon

Fanmi kalifye ki te deja deklare oswa planifye pou fè deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo pa ta dwe itilize zouti sa a. Depi IRS la fin trete deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo a, enfòmasyon yo ap itilize pou detèminen kalifikasyon epi distribye peman avans yo. Fanmi ki vle reklame lòt avantaj fiskal yo, tankou Kredi Enpo sou Revni pou fanmi ki gen ti revni ak revni modere yo, pa ta dwe itilize zouti sa a e olyedesa yo ta dwe fè yon deklarasyon enpo regilye. Pou yo menm, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè yon deklarasyon enpo se atravè sistèm Deklarasyon Gratis la , ki disponib sou IRS.gov.

Patenarya piblik-prive jwe yon wòl esansyèl

Intuit te devlope zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou IRS la epi bay zouti sa atravè patisipasyon li nan Alyans Deklarasyon Gratis la. Intuit gen yon bon ti tan l ap travay kole avèk IRS la pou inove solisyon yo, avèk Non-Deklaran yo ladan: Zouti Rantre Enfòmasyon Peman yo La a. Anplis, pandan anpil lane, Intuit ofri Fòmilè Deklarasyon pou Ranpli Gratis, li te distribye tou atravè Alyans Deklarasyon Gratis la. Sa se vèsyon elektwonik fòmilye papye IRS yo, ki bay tout kontribyab yo opsyon deklarasyon elektwonik gratis la. Pa gen okenn restriksyon sou revni si w itilize opsyon sa pou fè yon deklarasyon enpo 2020.

Veye anak yo

IRS la ankouraje tout moun pou yo veye anak ni sou peman Kredi Enpo pou Timoun yo ni sou Peman Enpak Ekonomik yo. IRS la mete aksan sou sèl mwayen pou jwenn nenpòt nan avantaj sa yo se swa lè ou fè yon deklarasyon enpo avèk IRS la oswa lè ou enskri anliy atravè zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, sèlman sou IRS.gov. Nenpòt lòt opsyon se yon anak.

Veye anak k ap itilize imèl, apèl telefòn oswa mesaj ki gen rapò ak peman yo. Fè atansyon epi pran prekosyon: IRS la pa janm voye kominikasyon elektwonik si se pa ou ki mande l, pou li mande nenpòt moun pou louvri atachman oswa vizite yon sit entènèt ki pa gouvènmantal.

Lòt zouti k ap parèt byento

IRS kreye yon paj espesyal pou Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 sou IRS.gov/childtaxcredit2021, ki fèt pou bay enfòmasyon ki pi resan apwopo peman kredi yo ak peman avans yo..

Paj la deja afiche yon lyen ki mennen nan zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Nan kèk semenn k ap vini yo, paj la ap afiche lòt nouvo zouti itil tou, tankou:

  • Yon asistan kalifikasyon entèraktiv pou Kredi Enpo pou Timoun yo pou ede fanmi yo detèminen si yo kalifye pou peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo.
  • Yon lòt zouti, Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, okòmansman ap pèmèt tout moun ki te detèminen pou kalifye pou peman avans yo dezenskri/pou soti nan pwogram peman avans lan. Pita ane sa a, l ap pèmèt moun yo verifye estati peman yo, aktyalize enfòmasyon yo, epi disponib an Panyòl.

Kominote patnè yo kapab ede

IRS ankouraje gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon edikasyon yo, ak lòt ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enfòmasyon enpòtan sa konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak lòt gwo avantaj yo tou. IRS la ap bay nan pa lontan, materyèl adisyonèl ak enfòmasyon ki ka pataje fasilman atravè medya sosyal, imèl, ak lòt metòd.

Apwopo Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Kredi Enpo pou Timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. Nòmalman, IRS la ap kalkile peman an sou deklarasyon enpo 2020 yon moun, ansanm avèk sila yo ki itilize zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Si deklarasyon sa pa disponib akoz li patko depoze oswa y ap trete li toujou, IRS la ap detèminen pito premye montan peman yo pandan l ap itilize deklarasyon 2019 la oswa enfòmasyon ki rantre nan zouti Non-Deklaran yo ki te disponib nan 2020 an.

Chak peman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Pou li rasire li fanmi yo gen aksè fasil ak lajan yo, IRS la pral distribye peman sa yo pa mwayen depo dirèk, depi yo te bay IRS la enfòmasyon bankè ki kòrèk. Osinon, moun yo ta dwe gade bwat lapòs yo nan zòn 15 Jiyè yo pou peman pa lapòs yo. Dat pou peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Pou pils enfòmasyon, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021, oswa li FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun an 2021 an ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo (an anglè).