Anpil kontribiyab yo kapab sèvi avèk Deklarasyon Gratis IRS pou soumèt deklarasyon enpo leta yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-20, 15 Fevriye 2023

Anpil kontribiyab yo konnen pwogram Deklarasyon Gratis IRS la, ki pèmèt moun ki fè mwens pase $73,000 soumèt deklarasyon enpo federal yo gratis. Yo ta dwe asire yo tou ke yo tcheke si pwogram nan ofri deklarasyon gratis pou deklarasyon enpo leta yo. Deklarsyon Gratis IRS ka ede dè milyon de kontribyab ki kalifye nan plis pase 20 eta ranpli yon deklarasyon leta ak federal gratis.

Eta ki enkli nan pwogram Deklarasyon Gratis IRS yo se:

  • Akansas
  • Arizona
  • Distri Kolonbye
  • Jòjya
  • Idawo
  • Endyana
  • Iowa
  • Kenntiki
  • Masachosèt
  • Michigan
  • Minasota
  • Misouri
  • Misisipi
  • Montana
  • New York
  • Kawolin di Nò
  • Nò Dakota
  • Oregon
  • Rod Ayland
  • Kawolin di Sid
  • Vermont
  • Virginia 
  • Virginia Lès

Men kèk bagay ou dwe konnen sou ranpli deklarasyon enpo leta atravè Deklarasyon Gratis:

  • Limit revni an se $73,000 pou Deklarasyon Gratis IRS.
     
  • Kontribyab yo dwe fini ak deklarasyon enpo federal yo anvan yo kòmanse deklarasyon leta yo si yo ap itilize menm lojisyèl lan pou tou de.
     
  • Se pa tout patnè Deklarasyon Gratis IRS yo ki ofri pou soumèt deklarasyon eta a gratis, epi sa ki fè l yo ka pa ofri li pou tout eta yo.
     
  • Kèk patnè Deklarasyon Gratis IRS ap fè w peye yon frè pou preparasyon enpo leta. Si yon kontribyab sèvi ak zouti rechèch anliy Deklarasyon Gratis IRS la pou jwenn yon òf nan men yon founisè Deklarasyon Gratis, li ta dwe byen egzamine òf la pou wè si yo enkli deklarasyon leta yo gratis oswa pou yon frè.
     
  • Alaska, Florid, New Hampshire, Nevada, Dakota disid, Tennessee, Texas, Washington ak Wyoming pa gen yon enpo sou revni leta, men kontribiyab yo ka toujou itilize Deklarasyon Gratis IRS pou soumèt fòm enpo federal yo sou fòma elektwonik.

Gen kèk eta ki gen pwòp opsyon deklarasyon gratis pa yo pou deklarasyon leta yo. Kontribyab yo ka vizite sitwèb depatman revni leta yo pou plis detay.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)