Rapèl sou nouvèl ane eskolè a pou edikatè yo, maksimòm dediksyon sou depans edikatè a se 300 dola an 2023

IR-2023-150, 17 out 2023

WASHINGTON — Pandan nouvèl ane eskolè a ap kòmanse, Sèvis Revni Entèn nan ap raple pwofesè yo ak lòt edikatè yo ke y ap anmezi pou yo dedwi jiska $300 nan depans pou klas la ki soti nan pòch yo pou 2023 a lè yo fè deklarasyon enpo sou revni federal yo lòt ane.

Sa a se menm limit ki te aplike an 2022, premye ane kote dispozisyon sa a te vin sijè a ajisteman enflasyon. Anvan sa, limit lan te $250. Limit la ap ogmante pa $50 nan ane k ap vini yo selon ajisteman enflasyon yo.

Sa a vle di ke yon edikatè ki elijib kapab dedwi jiska $300 nan depans ki kalifye yo peye pandan ane a. Si yo marye epi fè yon deklarasyon konjwen avèk yon lòt edikatè ki kalifye, limit la ap monte a $600. Men nan sitiyasyon sa a, li pap depase 300 dola pou chak konjwen.

Kiyès ki kalifye?

Edikatè yo kapab reklame dediksyon sa a, menm si yo pran dediksyon estanda a. Edikatè ki elijib yo enkli tout moun ki se yon pwofesè, enstriktè, konseye, direktè oswa asistan klas matènèl jiska 12yèm ane ki te travay nan yon lekòl pou omwen 900 èdtan pandan ane eskolè a. Edikatè nan lekòl piblik kou prive kalifye.

Kisa ki dediktib?

Edikatè yo kapab dedwi sa yo pa ranbouse pou:

  • Liv, founiti ak lòt materyèl ki sèvi nan sal klas la.
  • Ekipman, tankou ekipman òdinatè, lojisyèl ak sèvis yo.
  • Bagay pou pwoteksyon kont COVID-19 pou anpeche pwopagasyon maladi a nan sal klas la. Sa gen ladan mas pou vizaj, dezenfektan pou itilize kont COVID-19, savon pou men, dezenfektan pou men, gan ki pa sèvi 2 fwa, tep, penti oswa krè make distans sosyal, baryè fizik, tankou pleksiglas transparan, pirifikatè lè ak lòt bagay Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon rekòmande.
  • Kou sou devlòpman pwofesyonèl ki an rapò ak kourikoulòm yo anseye a oswa elèv y ap anseye yo. Men IRS la avèti, pou depansa sa yo, ka gen plis avantaj nan reklame yon lòt avantaj fiskal edikasyonèl, espesyalman kredi aprantisaj pou lavi a. Gade Piblikasyon 970, Avantaj Fiskal pou Edikasyon (an anglè) pou detay, patikilyèman chapit 3.

Depans kalifye pa enkli depans pou ansèyman a domisil oubyen founiti ki pa espòtiv pou kou ki pou wè ak edikasyon sanitè oubyen edikasyon fizik. Menm jan pou tout dediksyon yo ak tout kredi yo, IRS la ap raple edikatè yo pou yo byen konsève dokiman yo, tankou resi, chèk ki anile ak lòt dokimantasyon.

Pou deklarasyon enpo 2022 k ap ranpli kounye a: Pa bliye reklame depans edikatè yo

Pou sila yo ki te resevwa yon ekstansyon pou deklare, ki kalifye pou yon ekstansyon pou katastwòf, oswa pou nenpòt lòt rezon ki toujou ap travay sou deklarasyon 2022 yo a, IRS la raple edikatè yo ke règ yo pou reklame dediksyon an se menm jan yo ye a pou 2023. Pou moun ki te resevwa yon ekstansyon, dat limit pou ranpli a se 16 Oktòb 2023. Men, kontribyab yo ka evite reta nan pwosesis yo lè yo deklare anvan dat sa a.

Depoze pa vwa elektwonik lè ou pare. Lojisyèl deklarasyon enpo a itilize yon fòma kesyon-repons ki rann zafè depoze taks la pi fasil. Kit yon moun prepare deklarasyon li an poukont li oswa avèk èd yon pwofesyonèl enpo oswa yon volontè kominotè ki fòme, IRS la ankouraje tout moun pou yo deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk pou ranbousman yo. Pou plis detay, vizite IRS.gov/efile.

Anplis, IRS la ankouraje tout moun ki dwe enpo yo pou yo chwazi peye pa vwa elektwonik ki pi rapid ak pi pratik, tankou avèk IRS Direct Pay, ki se yon sèvis gratis ki disponib sou IRS.gov sèlman. Pou jwenn enfòmasyon sou sa a ak lòt opsyon peman yo, vizite IRS.gov/payments.