Sis konsèy pou moun ki kòmanse yon nouvo biznis

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IRS Tax Tip 2020-124, 23 Sektanm, 2020

Konprann responsablite taks yo ki vini ak kòmanse yon antrepriz biznis ka epanye kontribyab yo lajan epi ede fe siksè. IRS.gov gen resous ak repons pou ede moun nan pwosesis pou kòmanse yon nouvo biznis.

Men sis konsèy pou mèt nouvo biznis yo.

Chwazi yon estrikti biznis.

Fòm bizniss detèmine ki taks sou revni yon kontribyab biznis bezwen ranpli. Estrikti biznis ki pi komen yo se:

Chwazi yon ane Fiskal.

Yon Ane fiskal (an anglè) se yon peryòd kontablite anyèl pou kenbe dosye e rapòte revni ak depans yo. Yon nouvo pwopriyetè biznis dwe chwazi swa:

  • Ane kalandriye: 12 mwa konsekitif kòmanse 1 janvye epi fini 31 desanm.
  • Ane fiskal: 12 mwa konsekitif ki fini nan dènye jou nenpòt mwa eksepte desanm.

Apike pou yon nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN).

Yon nimewo EIN rele yon EIN tou yon nimewo idantifikasyon taks federal. Li sevi pou idantifye yon biznis. Pifò biznis bezwen youn nan nimewo sa yo. Li enpòtan pou yon biznis ki gen yon EIN kenbe adrès postal biznis lan, kote yo lokalize ak pati responsab a jou. Règleman IRS mande pou moun ki gen EIN rapòte chanjman nan pati ki responsab la nan lespas 60 jou. Yo fè sa lè yo ranpli Fòm Fòrm 8822-B, Chanjman  adrès  oswa moun ki responsab la (an anglè).

Fe tout anplwaye yo Ranpli fom sa yo:

Peye taks biznis.

Fòm biznis la detèmine  ki taks yo dwe peye epi kouman pou peye yo.

Vizite sit entènèt eta a.

Pwopriyetè biznis potansyel yo ta dwe vizite sit entènet eta kote yo ye a (an anglè) pou enfòmasyon sou kondisyon leta yo.

Abòne ak konsèy pou Taks IRS (an anglè)