Planifikasyon fiskal pa fini apre yon kontribyab ranpli yon deklarasyon enpo

Konsèy Fiskal IRS 2023-86, 28 Jen 2023

Jis paske yon kontribyab te ranpli yon deklarasyon enpo pa vle di yo ta dwe bliye enpo yo jiska lane pwochèn. Sa yon kontribyab fè kounye a ka afekte enpo li dwe oswa ranbousman li ka resevwa lane pwochèn. 

Men kèk konsèy planifikasyon fiskal senp pandan tout ane a pou tout kontribyab yo.

Òganize dosye fiskal yo. Kreye yon sistèm ki kenbe tout enfòmasyon enpòtan yo ansanm. Kontribyab yo ka itilize yon lojisyèl pou kenbe dosye elektwonik yo oswa estoke dokiman papye yo nan anvlòp ki byen make. Yo ta dwe ajoute dosye fiskal nan dosye yo amezi y ap resevwa yo. Dosye ki òganize yo ap rann preparasyon pou deklarasyon enpo yo pi fasil epi yo ka ede kontribyab yo dekouvri dediksyon oswa kredi yo te neglije.

Idantifye estati fiskal. Yo itilize estati fiskal yon kontribyab pou detèmine kondisyon deklarasyon l, dediksyon estanda, kalifikasyon pou kèk kredi ak montan enpo kòrèk yo ta dwe peye. Si gen plis pase yon estati fiskal ki aplike pou yon kontribyab, yo ka jwenn èd pou yo chwazi pi bon estati fiskal la avèk Asistan Fiskal Entèraktif, Ki Kondisyon Fiskal Mwen (an anglè). Chanjman nan lavi fanmilyal — maryaj, divòs, nesans ak lanmò — ka afekte sitiyasyon fislal yon moun, tankou estati fiskal ak kalifikasyon pou kèk kredi enpo ak dediksyon yo.

Konprann revni brit ajiste (AGI). AGI ak to enpo yo se faktè enpòtan nan kalkile enpo. AGI se revni kontribyab la ki soti nan tout sous mwens nenpòt kèlkeswa ajisteman ak dediksyon yo. Anjeneral, tanke AGI yon kontribyab pi wo, se tanke pousantaj enpo yo ap pi wo ak plis enpo y ap peye. Planifikasyon fiskal ka gen ladan l fè chanjman pandan ane a ki diminye AGI yon kontribyab.

Verifye prelèvman. Piske enpo federal yo fonksyone sou yon baz peman an repatisyon, kontribyab yo bezwen peye pi fò nan enpo yo amezi y ap touche revni yo. Kontribyab yo ta dwe tcheke si yo prelve ase nan peman yo pou kouvri enpo yo dwe yo sitou si sitiyasyon pèsonèl oswa finansye yo chanje pandan ane a. Pou tcheke prelèvman yo, kontribyab yo ka itilize Estimatè Prelèvman IRS la. Si yo vle chanje prelèvman enpo yo, kontribyab yo ta dwe bay patwon yo yon Fòm W-4 ki ajou. Chanjman nan prelèvman ak fè plis prelèvman ka diminye AGI yo a epi afekte bòdwo enpo yo oswa ranbousman yo espere yo.

Fè chanjman adrès ak non. Enfòme Sèvis Postal Etazini an, patwon yo ak IRS la sou tout chanjman nan adrès. Pou chanje adrès lapòs ofisyèlman nan IRS la, kontribyab yo dwe ranpli Fòm 8822, Chanjman Adrès (an anglè), epi poste li nan adrès ki kòrèk pou zòn yo a. Pou enstriksyon ki pi detaye, gade paj 2 fòm nan. Deklare tout non ki chanje bay Administrasyon Sekirite Sosyal la. Lè w fè chanjman sa yo pi vit ke posib, sa pral rann ranpli deklarasyon enpo yo pi fasil.

Ekonomize pou retrèt. Ekonomize pou retrèt kapab bese AGI yon kontribyab tou. Kontribye lajan nan yon plan retrèt nan travay ak nan yon IRA tradisyonèl diminye revni enpozab yo tou.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)