Konsèy sou sekirite fiskal: Resevwa yon IP PIN pou ede bare vòl idantite

Konsèy sou Taks IRS 2021-116, 10 dawou 2021

IRS ak patnè Somè Sekirite li yo kòmanse kanpay lete chak ane yo a dènyeman. Tèm ane sa a, Ranfòse Iminite Sekirite a: Batay Kont Vòl Idantite (an anglè), ankouraje pwofesyonèl enpo yo pou yo ogmante efò yo pou pwoteje done kliyan yo. Yon IP PIN se yon zouti ki gen valè ki kapab ede nan efò sa a epi li disponib kounyea pou tout moun ki kapab verifye idantite yo.

Yon PIN Pwoteksyon Idantite se yon nonb sis (6) chif kontribyab ki kalifye yo genyen pou ede anpeche yo itilize nimewo Sekirite Sosyal yo oswa Nimewo Udantifikasyon Kontribyab Pèsonèl yo pou fè fo deklarasyon enpo sou revni federal. Nimewo sa a ede IRS la verifye idantite yon kontribyab epi aksepte deklarasyon enpo li a. Zouti Resevwa Yon IP PIN nan  pèmèt tout moun ki gen yon SSN oswa yon ITIN resevwa yon IP PIN apre yo fin verifye idantite yo atravè yon pwosesis otantifikasyon ki fèt avèk rigè. Kontribyab yo ta dwe gade ankò egzijans pou Aksè Sekirize yo anvan yo eseye itilize zouti Resevwa Yon IP PIN nan.

Pou rezon sekirite, pwofesyonèl enpo yo pa kapab resevwa yon IP PIN nan non kliyan yo.

Pwofesyonèl enpo ki eksperimante vòl idantite kapab ede kliyan yo pandan y ap ankouraje yo pou yo pran yon IP PIN byen rapid. Menmsi yon vòlè gentan fè yon fo deklarasyon, yon IP PIN t ap toujou ofri pwoteksyon pou ane annapre yo epi anpeche kontribyab yo kontinye viktim vòl idantite ki gen pou wè ak enpo.

Plis bagay kontribyab yo ta dwe konnen apwopo IP PIN nan:

  • Se yon kòd sis (6) chif kontribyab la ak IRS sèlman konnen.
  • Pwogram akseptasyon an volontè.
  • Yo dwe mete IP PIN nan, lè lojisyèl la mande sa, nan deklarasyon enpo elektwonik la oswa nan deklarasyon sou papye a akote liy siyati a.
  • IP PIN nan valid pou yon lane òdinè.
  • Pou rezon sekirite, patisipan ki enskri yo resevwa yon nouvo IP PIN chak ane
  • Konjwen yo ak depandan yo kalifye pou yon IP PIN si yo kapab verifye idantite yo
  • Itilizatè IP PIN yo pa ta dwe janm pataje nimewo yo a ak pèsòn, sèlman bay IRS la ak founisè preparasyon enpo yo fè konfyans lan. IRS la p ap janm rele, voye imèl oswa mesaj tèks pou mande IP PIN nan.

Aktyèlman, kontribyab yo kapab jwenn yon IP PIN pou 2021 an, IP PIN sa ta dwe itilize lè y ap fè deklarasyon enpo federal pandan ane a ansanm avèk deklarasyon ane ki pase yo. Nouvo IP PIN yo ap disponib apati janvye 2022.

Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy epi ki genyen revni $72 000 oswa mwens, kapab depoze Fòm 15227 (ANGLÈ-PANYÒL), Demann pou yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (an anglè)PDF. IRS la ap rele nimewo telefòn kontribyab la te bay nan Fòm 15227 la pou valide idantite kontribyab la. Sepandan, pou rezon sekirite, IRS la ap bay yon IP PIN pou pwochen sezon deklarasyon an epi kontribyab la pa kapab itilize IP PIN nan pou aktyèl sezon deklarasyon an.

Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy, oswa nan telefòn, oswa ki pa kalifye pou depoze yon Fòm 15227 kapab pran yon randevou nan yon Sant Asistans pou Kontribyab. Y ap bezwen pote yon pyès idantite ki gen foto gouvènman an ba yo ak yon lòt dokiman idantifikasyon pou pwouve idantite yo. Depi li fin verifye, kontribyab la ap resevwa yon IP PIN nan bwat postal la nan twa (3) semenn, jan sa abitye ye.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)