Konsèy fiskal pou antreprenè ak ouvriye ti travay yo

Konsèy Fiskal 2023-05, 12 Janvye 2023

Pandan dènye ane yo, ekonomi ti travay la te chanje mannyè moun yo fè biznis ak bay sèvis. Kontribyab yo dwe deklare lajan yo rantre nan ti travay yo nan yon deklarasyon enpo - keseswa yon lajan yo rantre pa mwayen yon ti travay a-tan-pasyèl, pwovizwa oswa sou kote. Sant Fiskal pou Ekonomi Ti Travay IRS la bay enfòmasyon ak resous pou ede gwoup antreprenè ak ouvriye sa yo konprann epi reponn ak obligasyon enpo federal yo.

Men bagay enpòtan pou patikilye ki nan ekonomi ti travay yo sonje pandan y ap prepare yo pou yo deklare nan 2023 a.

Revni nan ekonomi ti travay yo gen taks sou yo

  • Kontribyab yo dwe deklare tout revni yo nan deklarasyon enpo yo sof si lalwa pa ekzije sa, keseswa wi ou non yo resevwa yon deklarasyon ransèyman tankou yon 1099.
  • Patikilye ki nan ekonomi ti travay yo ka gen ekzijans tou pou yo fè pèman estimasyon enpo trimèstriyèl pou yo peye enpo sou revni ak enpo sou travay endepandan, ki gen ladan enpo Sekirite Sosyal ak Asirans Sante. Dènye pèman estimasyon enpo pou 2022 a dwe fèt 17 janvye 2023.

Ouvriye yo deklare revni yo dapre klasman yo antanke ouvriye

Ouvriye nan ekonomi ti travay yo ki bay sèvis, tankou kondwi yon machin pou pakou yo rezève, fè acha ak lòt sèvis sou demann, dwe klase kòmsadwa. Klasman an ede kontribyab la detèmine kòman pou li deklare revni li jan sa dwe ye.

Biznis la oswa platfòm nan detèmine si patikilye k ap bay sèvis la se yon anplwaye oswa yon kontraktyèl endepandan. Pwopriyetè biznis yo kapab itilize paj klasman ouvriye a sou IRS.gov pou rekòmandasyon sou bon klasman anplwaye yo ak kontraktyèl endepandan yo.

Depans ki an rapò ak revni nan ekonomi ti travay yo ka dediktib

Patikilye ki nan ekonomi ti travay yo ka anmezi pou yo fè dediksyon sou depans ki an rapò ak revni nan ti travay yo, toudepannde limit enpo ak règleman yo.

Peye bon montan taks yo pandan tout ane a

Nòmalman, yon patwon fè prelèvman taks sou revni sou salè anplwaye li yo pou ede kouvri taks sou revni anplwaye li yo dwe.
Patikilye ki nan ekonomi ti travay yo genyen de (2) mwayen pou yo kouvri taks yo dwe:

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)