Direktiv sou sekirite sa yo gendwa ede ou mete enfòmasyon pèsonèl ou an sekirite

Konsèy Fiskal IRS 2022-179, 22 novanm 2022

Lè nou pran sekirite anliy oserye, sa kapab ede nou mete enfòmayson yo an sekirite kote vòlè idantite ak eskwo yo pap kapab jwenn yo. Se sèlman de twa etap pou w swiv pou evite tonbe nan pyèj sekirite ki pi komen yo. Lè konsomatè yo ak kontribyab yo swiv konsèy ki pi ba yo, sa kapab diminye risk pou kriminèl yo ta lakoz yo pèdi idantite yo, lajan yo oswa kont yo.

Toujou pwoteje done pèsonèl ou

Done pèsonèl ou yo gendwa gen ladan yo dat nesans, adrès, laj ak nimewo sekirite sosyal. Sitwwayen yo sipoze bay done yo sèlman lè sa nesesè epi aprè yo fin verifye idantite moun ki mande yo li a. Si yon moun ta mande yon kontribyab enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè li, li sipoze verifye demand li yo separeman. Pou anplwaye gouvènman yo, sa gendwa enkli kontakte ajans lan oswa vizite paj wèb ajans lan.

Achte sèlman nan boutik ki gen bon repitasyon

Tout moun sipoze achte nan boutik anliy ki gen bon repitasyon. Moun yo sipoze achte sèlman sou sit ki sekirize ak sit ki gen atestasyon ki valid. Lèt “https” yo sèlman pa vle di sit la sekirize paske kriminèl yo ka sèlman achte yon atestasyon SSL ki valid epi yo konekte li ak pajwèb fwodile yo a.

Itilize lojisyèl sekirite yo

Moun yo sipozze asire yo lojisyèl sekirite yo, tankou anti viris ak pafe (firewalls) yo ap fonksyone epi mizajou fèt pou yo otomatikman. Yo sipoze fè sovgad epi kripte fichye ki sansib ki sou òdinatè a regilyèman. Fichye sansib yo gen ladan yo dosye fiskal, relve eskolè ak aplikasyon kolèj yo. Yo sipoze asire yo tout manm fanmi yo gen pwoteksyon anti viris konplè sou aparèy yo, an patikilye sou aparèy ki pataje yo.

Chwazi modpas ki fò ak otantifikasyon an de pati

Yo sipoze itilize modpas ki fò, modpas ki inik pou chak kont epi aktive otantifikasyon an de pati pou kont anliy yo lè sa posib. Moun pa gendwa janp pataje modpas yo ak pyès moun.

Konnen risk Wi-Fi piblik

Konneksyon sou Wi-Fi piblik byen pratik epi li souvan gratis, men li gendwa pa sekirize. Kriminèl yo kapab vòle enfòmasyon pèsonèl ou yo sou rezo sa yo byen fasil. Moun yo sipoze toujou itilize yon rezo prive vityèl lè y ap konekte sou Wi-Fi piblik.

Aprann idantifye epi evite anak

Tout moun sipoze konnen anak ki pi komen yo. Kriminèl yo itilize imèl eskwokri yo, menas nan apèl telefonik ak mesaj tèks pou pase antanke anplwaye IRS oswa lòt gouvènman lejitim oswa ajans k ap fè respekte lalwa yo. Moun yo sipoze toujou sonje pou yo pa klike sou lyen oswa telechaje fichye ki nan imèl ki sispèk oswa moun you pa konnen.

Konprann kont ki konpwomèt yo

Depi kriminèl la fin pirate yon kont imèl oswa yon kont rezo sosyal, yo gendwa tante anake kontak viktim nan epi fè yo pase pou moun ki viktim nan. Tout moun sipoze sispèk mesaj oswa rekèt ki inabityèl oswa sa ki pa sanble ak pèsonaj la, menm si kont lan se pou yon zanmi, kòlèg oswa manm fanmi li ye.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)