Sa yon moun ta dwe fè si li rate dat limit avril pou deklare ak peye taks yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-61, 20 avril 2022

Dat limit pou taks federal sou revni an pase pou majorite kontribyab endividyèl yo. Sepandan, genyen ki pat fè deklarasyon taks 2021 yo a oswa peye taks yo dwe.

Kèk moun ka chwazi pa fè yon deklarasyon taks paske yo pat genyen ase lajan pou yo ekzije yo deklare (an anglè). Jeneralman, yo p ap resevwa yon penalite si yo dwe yo yon ranbousman. Sepandan, yo ka pa resevwa yon ranbousman.

Yon lòt bò, taks yo dwe epi yo pa peye anvan 18 avril 2022 ap anba penalite ak enterè. Kontribyab ki nan Maine ak nan Massachusetts te genyen jiska 19 avril pou yo deklare ak peye akoz konje Patriots' Day (Jounen Patriyòt) nan Eta sa yo.

Tou moun ki pat deklare epi ki dwe taks ta dwe fè yon deklarasyon osito yo kapab epi peye sa yo kapab pou redui penalite ak enterè. Opsyon deklarasyon elektwonik yo, tankou Deklarasyon Gratis IRS, disponib toujou sou IRS.gov rive 17 oktòb 2022, pou prepare ak fè deklarasyon pa vwa elektwonik.

Kominote militè a kapab fè deklarasyon taks yo tou avèk MilTax (an anglè) ki se yon resous disponib atravè Depatman Defans lan. Kontribyab kalifye yo (an anglè) kapab itilize MilTax pou yo fè yon deklarasyon taks federal pa vwa elektwonik epi jiska twa (3) deklarasyon leta gratis.

Si kontribyab yo remake yo dwe taks, yo ka revize opsyon pèman yo genyen disponib. IRS genyen enfòmasyon pou kontribyab ki pa ka peye taks (an anglè) yo dwe.

Kèk kontribyab ka genyen plis tan pou yo fè deklarasyon taks yo ak peye tout taks yo dwe. Sa gen ladan yon seri viktim katastwòf (an anglè)kontribyab k ap viv lòtbò dlo (an anglè), kèk manm sèvis militè ak pèsonèl sipò kalifye nan zòn konba yo (an anglè).

Li enpòtan anpil pou deklare bonè paske penalite ak enterè pou deklarasyon ak pèman anreta sou taks yo pa peye ogmante rapid. Sepandan, nan kèk ka, yon kontribyab k ap deklare apre dat limit la ka kalifye pou alèjman penalite. Pou sila yo ki penalize, yo ka kontakte IRS la pandan y ap rele nimewo ki sou avi yo a epi esplike poukisa yo pat kapab deklare alè.

Kontribyab ki abitye deklare ak peye alè yo souvan kalifye pou alèjman penalite administratif la. Dabitid, yon kontribyab kalifye si li te deklare ak peye alè pandan twa (3) dènye ki pase yo epi reponn ak lòt ekzijans yo. Kontribyab yo ta dwe ale sou premye rediksyon penalite sou IRS.gov pou detay.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè