Rapèl don nan fen ane: Dediksyon taks espesyal ede majorite moun yo bay jiska 600 dola pou charite, menm si yo pa detaye

IR-2021-214, November 3, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te raple kontribyab yo jodia, yon pwovizyon fiskal espesyal pral pèmèt plis ameriken dedui pi fasil jiska 600 dola don bay charite kalifye yo nan deklarasyon taks sou revni federal yo.

Òdinèman, moun ki chwazi pran dediksyon estanda a pa kapab reklame yon dediksyon pou kontribisyon yo fè nan charite yo. Men, yon chanjman pwovizwa nan lwa a pèmèt yo reklame yon dediksyon limite nan deklarasyon taks sou revni federal 2021 yo a pou kontribisyon lajan likid yo te fè nan òganizasyon charite yo. Prèske nèf (9) sou 10 kontribyab kounya pran dediksyon estanda a e yo gen anpil chans pou yo kalifye.

Nan pwovizyon sa a, moun k ap depoe taks yo, ansanm avèk moun k ap fè deklarasyon separe yo, kapab reklame yon dediksyon jiska 300 dola pou kontribisyon lajan likid yo te fè nan òganizasyon charite ki kalifye yo pandan 2021 an. Dediksyon maksimòm nan ogmante a 600 dola pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen yo.

Nan Lwa sou Èd Kowonaviris la, Alèjman an, ak Sekirite Ekonomik (Coronavirus Aid, Relief, and Economic Security (CARES) Act), ki te pwomilge an mas 2020 an, yon vèsyon ki pi limite nan avantaj fiskal pwovizwa sa a ki te aplike anvan pou ane fiskal 2020 an sèlman. Lwa sou Alèjman Fiskal nan Dezas la ak Sètennte Kontribyab 2020 an (The Taxpayer Certainty and Disaster Tax Relief Act of 2020), ki te pwomilge desanm pase a, te pwolonje li jis nan fen 2021 an.

Kontribisyon lajan likid genyen sa ki fèt pa chèk yo, kat kredi oswa kat debi ansanm avèk montan ki angaje pa yon endividi pou depans ki pa ranbouse an rapò avèk sèvis volontè yo bay nan yon òganizasyon charite. Kontribizyon lajan likid yo pa gen ladan yo sèvsi volontarya yo, tit yo, atik nan kay yo ak lòt pwopriyete yo.

IRS raple kontribyab yo pou yo rasire yo y ap fè don nan yon òganizasyon charite ki rekonèt. Pou resevwa yon dediksyon, kontribyab yo dwe fè don bay yon òganizasyon charite ki kalifye. Pou verifye estati yon òganizasyon charite, yo kapab itilize zouti Rechèch Òganizasyon ki Egzante de Taks (an anglè).

Kontribisyon lajan likid pou majorite òganizasyon charite yo kalifye. Men kontribisyon ki te fèt swa pou sipòte òganizasyon yo oswa pou tabli oswa kenbe yon fon konseye yon donatè pa kalifye. Kontribisyon ki fèt nan ane pase yo pa kalifye, ni kontribisyon ki fèt nan majorite fondasyon prive yo ak ak majorite kontribisyon lajan likid yo ki fèt pou fididi ki rete yo.

Anjeneral, yon fon konseye yon donatè oswa kont yon charite kenbe kote donatè a kapab, paske li se yon donatè, konseye fon an sou kòman pou li distribiye oswa envesti montan donatè a kontribye a oswa fon an kenbe a. Yon òganizasyon k ap sipòte se yon òganizasyon charite ki reyalize objektif li yo nan sipòte lòt òganizasyon ki ekzante de taks, lòt òganizasyon charite piblik dabitid.

Konsève bon dosye

Règleman espesyal sou konsèvasyon dosye aplike pou tout kontribyab k apreklame yon dediksyon kontribisyon nan charite. Dabitid, sa gen ladan jwenn yon lèt rekonesans k ap soti nan òganizasyon charite a anvan depo yon deklarasyon epi kenbe yon chèk ki anile oswa resi kat kredi pou kontribisyon lajan likid yo.

Pou detay sou règleman konsèvasyon dosye pou jistifye don ki fèt nan òganizasyon charite yo, vizite Piblikasyon 526, Kontribisyon nan Òganizasyon Charite a (an anglè), ki disponib sou IRS.gov.

Raple fanmi yo konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan

Akote dediksyon kontribisyon nan charite yo, IRS la ankouraje anplwayè yo pou yo gaye nouvèl sou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo paske yo genyen aksè dirèk ak anpil anplwaye ak endividi ki resevwa kredi sa a. An patikilye, raple travayè ki gen ti revni yo, espesyalman sila yo ki pa depoze deklarasyon nòmalman, dat limit pou yo enskri pou peman sa yo se 15 novanm 2021 kounyea. Gen plis enfòmasyon sou avans Kredi Enpo pou Timoun nan ki disponib sou IRS.gov.

Pou plis enfòmasyon sou lòt alèjman fiskal ki an rapò ak kowonaviris, ale sou IRS.gov/kowonaviris (an anglè).