Enfòmasyon adisyonèl sou plan pèman yo

  1. Ki avantaj ki genyen lè mwen peye taks mwen a lè?
  2. Ki sa yon plan pèman ye?
  3. Kisa k ap rive lè mwen fè demann yon plan peman?
  4. Ki frè ki genyen e konbyen kòb yon plan pèman koute?
  5. Poukisa mwen dwe lajan enterè ak amand?
  6. Poukisa mwen oblije peye yon frè itilizasyon?
  7. Eske mwen ranpli kondisyon pou egzanpsyon oswa ranbousman frè itilizasyon an?
  8. Kijan m ap konnen si mwen ranpli Kondisyon pou Estati Kontribyab ki gen Ti Revni?
  9. Kijan pou mwen verifye balans kont mwen ak istorik pèman mwen fè deja yo?
  10. Èske mwen ranpli kondisyon pou mwen fè demann anliy pou yon plan peman?
  11. Ki egzijans so kesyon navigatè pou zouti Akò Peman Anliy lan genyen?
  12. Kijan pou mwen fè pou m ka revize plan pèman mwen?
  13. Kisa mwen ka chanje nan plan peman anily mwen an?
  14. Kijan mwen ka revize plan peman mwen an anliy?
  15. E si mwen pa ranpli kondisyon oswa pa kapab fè demann oswa revize yon plan peman anily?
  16. Kijan pou mwen jere plan mwen pou evite peman anreta?

Ki avantaj ki genyen lè mwen peye enpo mwen yo a lè?

Daprè lalwa, IRS la gen dwa enpoze sanksyon yo kont kontribyab yo si yo pa depoze yon deklarasyon enpo ak si yo pa peye enpo yo dwe yo avan dat limit la. 
Si ou pa kapab peye enpo ou dwe a nan premye dat limit lan, balans ou dwe a ap anba enterè ak yon amann mansyèl pou peman an reta. Gen yon sanksyon tou pou lè yon moun pa soumèt yon deklarasyon enpo, kidonk ou sipoze soumèt dosye w la a lè menm si ou pa kapab peye tout balans ou an yon sèl kou. Sa toujou pi bon pou ou lè ou peye tout kòb la pi vit ke posib pou w kapab redui frè adisyonèl yo.

Avantaj yo

  • Evite enterè ak amand adisyonèl ki kontinye ap akimile
  • Evite pou yo pa kenbe yon pati nan ranbousman ou yo alavni
  • Evite pwoblèm lè ou ap mande yon prè

Si ou pa ka peye tout montan ou dwe a, peye otan ou kapab epi vizite IRS.gov/payments pou w kapab konsidere opsyon peman anliy nou ofri yo.

Kisa yon plan peman ye?

Yon plan peman se yon antant ak IRS la pou w peye enpo ou dwe yo pandan yon peryòd pwolonje. Ou ta dwe fè demand pou yon plan peman si ou kwè ou ap kapab peye enpo ou yo an antye nan espas tan pwolonje a. Si ou ranpli kondisyon pou yon plan peman akoutèm, ou pa p responsab frè itilizasyon an. Si w pa peye enpo ou yo a lè, sa ka lakoz ou sibi yon Avi Retansyon Enpo Federal ansanm ak/oswa yon  Aksyon Prelèvman IRS (an anglè). Konsilte Piblikasyon 594, Pwosesis Rekouvreman IRS la (an anglè)PDF.

Kisa k ap rive lè mwen fè demann yon plan peman?

Lè w mande yon plan peman (akò pa vèsman), ak kèk eksepsyon, yo jeneralman entèdi IRS la pou l fè prelèvman epi yo sispann oswa pwolonje peryòd rekouvreman IRS la pandan yon Akò pa Vèsman (IA) annatant. Yon demann IA souvan annatant jiskaske yo ka revize l, epi yo etabli yon IA, oswa yo retire oswa rejte demann lan. Si yo rejte IA yo mande a, peryòd rekouvreman an ap sispann pou 30 jou. Menm jan an tou, si ou fè peman IA ou yo anreta epi IRS la pwopoze pou mete fen nan IA a, peryòd rekouvreman an ap sispann pou 30 jou. Anfen, si w egzèse dwa w pou w konteste swa yon rejè IA oswa yon revokasyon, peryòd rekouvreman an ap sispann nan moman apèl la annatant lan jiska dat desizyon sou apèl la vin final. Al gade nan Lwa sou Delè pou Evalyasyon, Koleksyon ak Ranbousman Enpo ak Sijè Fiskal No. 202 – Opsyon Peman Enpo yo (an anglè).

Ki frè ki genyen e konbyen kòb yon plan pèman koute?

Si IRS la aprouve plan peman ou an (akò pa vèsman), yo ap fè ou peye youn nan frè dosye sa yo pou kouvri depans pou sèvis plan peman an (akò pa vèsman). Pou patikilye yo ki etabli yon plan peman anliy (akò pa vèsman), balans ki depase $25,000 yo dwe peye pa mwayen Debi Dirèk. Gade Plan Peman alontèm anba a pou lòt opsyon peman yo. Pou biznis yo ki etabli yon plan peman anliy (akò pa vèsman), balans ki depase $10,000 yo dwe peye pa mwayen Debi Dirèk.

Aplike anliy atravè Zouti Akò Peman Anliy lan oswa aplike pa telefòn oswa pa lapòs lè w soumèt Fòm 9465, Demand pou Akò pa Vèsman (an anglè).

Peye tout kòb ou dwe a jodi a

Metòd Peman Pri

Patikilye Sèlman:

Peye dirèkteman apati yon kont kouran oswa epay (Direct Pay)
Patikilye yo ak biznis yo`:

  • Peye anliy elektwonikman oswa pa telefòn ak Sistèm Peman Federal Elektwonik (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye pa chèk, manda oswa kat debi/kredi
Gen frè lè ou ap peye ak kat
  • Aplike anliy: $0 frè dosye
  • Aplike pa telefòn, lapòs, oswa an pèsòn: $0 frè dosye
  • Pa gen penalite oswa enterè alavni

Peye montan ou dwe yo nan 180 jou oswa mwens
*Remak – se sèlman patikilye kontribyab yo ki ka aplike pou yon plan peman akoutèm anliy.

Metòd Peman Pri

Apre w fin aplike pou yon plan peman akoutèm, opsyon peman yo enkli:

  • Peye dirèkteman apati yon kont kouran oswa epay (Direct Pay) (Patikilye yo sèlman)
  • Peye anliy elektwonikman oswa pa telefòn ak Sistèm Peman Federal Elektwonik (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye pa chèk, manda oswa kat debi/kredi

Gen frè lè ou ap peye ak kat

  • Aplike anliy: $0 frè dosye (patikilye yo sèlman)
  • Aplike pa telefòn, lapòs, oswa an pèsòn: $0 frè dosye (jiska 180 jou)
  • Plis penalite ak enterè ap akimile jiskaske dèt la peye nèt

Peye montan ou dwe a pa vèsman mansyèl

Opsyon Peman yo Pri

Opsyon 1: Peye atravè Debi Dirèk (peman mansyèl otomatik ki soti nan kont kouran ou), ke yo rele tou Akò pa Vèsman Debi Dirèk (DDIA).

  • Aplike anliy: $31 frè dosye
  • Aplike pa telefòn, lapòs, oswa an pèsòn: $107 frè dosye
  • Ti Revni: Aplike anliy, pa telefòn, oswa an pèsòn: pa gen frè dosye
  • Plis penalite ak enterè yo ap akimile jiskaske dèt la peye nèt

Option 2: Apre w fin aplike pou yon plan peman alontèm, opsyon peman yo enkli:

  • Peye dirèkteman apati yon kont kouran oswa epay (Direct Pay) (Patikilye yo sèlman)
  • Peye anliy elektwonikman oswa pa telefòn ak Sistèm Peman Federal Elektwonik (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye chak mwa pa chèk, manda oswa kat debi/kredi

Gen frè lè ou ap peye ak kat

  • Aplike anliy: $130 frè dosye
  • Aplike pa telefòn, lapòs, oswa an pèsòn: $225 frè dosye
  • Ti Revni: Aplike anliy, pa telefòn, oswa an pèsòn: $43 frè dosye ke
Metòd Peman Konbyen sa koute
  • Peye atravè Debi Dirèk (peman mansyèl otomatik ki soti nan kont kouran ou), ke yo rele tou Akò pa Vèsman Debi Dirèk (DDIA).
  • Peye dirèkteman apati yon kont kouran oswa epay (Direct Pay) (Patikilye yo sèlman)
  • Peye anliy elektwonikman oswa pa telefòn ak Sistèm Peman Federal Elektwonik (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye chak mwa pa chèk, manda oswa kat debi/kredi

Gen frè lè ou ap peye ak kat

  • Aplike (revize) anliy: frè $10
  • Aplike (revize) pa telefòn, lapòs oswa an pèsòn: frè $89

Ti income:

  • Aplike (revize) anliy: frè $10, key o ka ranbouse w si gen kèk kondisyon ki ranpli
  • Aplike (revize) pa telefòn, lapòs oswar an pèsòn: frè $43, ke yo ka ranbouse w si gen kèk kondisyon ki ranpli
    • $0 frè pou chanjman ki fèt sou akò pa vèsman Debi Dirèk ki la deja yo

Remak: Si ou ap peye avèk kat debi/kredi, ou ap peye frè pou tretman dosye. Frè tretman dosye yo se etablisman ki trete peman yo ki touche lajan sa a epi gen limit.

Poukisa mwen dwe lajan enterè ak amand?

Nou kontinye ajoute enterè ak kèk frè sanksyon sou kantite lajan ou dwe a jiskaske ou fin peye balans lan konplètman. Pran plis ransèyman konsènan sanksyon yo ak enterè.

Poukisa mwen oblije peye yon frè itilizasyon?

Biwo Leta pou Jesyon ak Bidjè a (Office of Management and Budget) pase lòd bay ajans federal yo pou yo enpoze frè itilizasyon pou sèvis tankou pwogram Akò pa Vèsman an. IRS la itilize frè itilizasyon yo pou li peye depans ki antre nan tretman Akò pa vèsman yo.

Èske mwen ranpli kondisyon pou egzanpsyon oswa ranbousman frè itilizasyon an?

Egzanpsyon oswa ranbousman frè itilizasyon yo aplikab sèlman nan ka kontribyab patikilye ki gen revni an gwo ajiste, jan yo detèmine sa pou ane pi resan an ki gen enfòmasyon sila a ladan li, ki rive jiska 250% oswa pi ba pase nivo pòvrete federal ki aplikab la (kontribyab ki gen ti revni) ki angaje nan yon plan peman alontèm (Akò pa vèsman) nan jou 10 Avril 2018 la oubyen apre. Si ou se yon kontribyab ki gen ti revni, frè itilizasyon an elimine si ou dakò pou fè peman debi elektwonik lè ou angaje nan yon Akò pa Vèsman a Debi Dirèk (DDIA). Si ou se yon kontribyab ki gen ti revni men ou pa kabap fè peman debi elektwonik pa mwayen angajman nan yon DDIA a, yo ap ranbouse ou frè itilizasyon an lè ou fin ranpli Akò pa vèsman an. Si sistèm IRS la idantifye ou kòm yon kontribyab ki gen ti revni, zouti Akò Peman Anliy la ap otomatikman entegre frè ki aplikab la.

Kijan m ap konnen si mwen ranpli Kondisyon pou Estati Kontribyab ki gen ti Revni?

Si ou kwè ke ou ranpli kondisyon pou estati kontribyab ki gen ti revni yo, men IRS pa t rive idantifye ou kòm yon kontribyab ki gen ti revni, tanpri konsilte Fòm 13844: Demand pou Frè Itilizasyon Redui pou Akò pa Vèsman (an anglè)PDF pou konsèy. Moun k ap fè demann yo te dwe soumèt fòm nan bay IRS nan espas 30 jou apati dat li te resevwa lèt akseptasyon pou Akò pa vèsman li a pou mande IRS pou li rekonsidere kondisyon fiskal moun k ap fè demand lan.

Internal Revenue Service
PO Box 219236, Stop 5050
Kansas City, MO 64121-9236

Kijan pou mwen verifye balans kont mwen ak istorik peman mwen fè deja yo?

Moun yo kapab wè montan yo dwe aktyèlman an ak istorik peman yo deja fè yo lè yo gade nan Kont Anliy ou a. Pou ka vizite kont enpo ou, sa mande otorizasyon idantite ou pa mwayen verifikasyon pou sekirite. Ba nou youn a twa semèn (twa semèn nan ka peman ki pa elektwonik yo) avan pou kredi pou yon peman resan parèt sou kont ou an.

Èske mwen ranpli kondisyon pou mwen fè demann aniy pou yon plan peman?

Sitiyasyon fiskal espesifik ou a ap detèmine ki opsyon peman ki ap disponib pou ou. Pami opsyon pou peman yo nou ap site peman konplè, plan peman akoutèm (lè ou ap peye nan espas 180 jou oswa mwens) oswa plan peman alontèm (Akò pa vèsman) (lè w peye pa mwa).
Si ou se yon patikilye, ou ka gen dwa kalifye pou aplike anliy si:

  • Plan peman alontèm (Akò pa vèsman): Ou dwe $50.000 oswa mwens an tèm total pou enpo, amand ak enterè, epi ou depoze tout fòm fiskal obligatwa yo.
  • Plan peman akoutèm: Ou dwe mwens pase $100,000 an tèm total pou enpo, amand ak enterè.

Si se yon biznis, ou ka gen dwa kalifye pou aplike anliy si:

  • Plan peman alontèm (Akò pa vèsman): Ou depoze tout fòm fiskal obligatwa yo epi ou dwe $25,000 oswa mwens nan enpo konbine, penalite, ak enterè.

Si ou se yon pwopriyetè inik oswa yon kontraktyèl endepandan, fè demand pou yon plan peman antanke yon patikilye.

Ki egzijans sou kesyon navigatè zouti Akò Peman Anliy lan genyen?

OPA ap mache sou vèsyon aktyèl navigatè sa yo:

  • Google Chrome
  • Internet Explorer oswa Microsoft Edge
  • Mozilla Firefox
  • Safari

Pou kapab itilize aplikasyon sa a, ou dwe konfigire navigatè w la pou li aksepte cookie sesyon yo. Tanpri asire w ke akseptasyon pou cookie sesyon an aktive nan navigatè w la, epi klike sou bouton retou a pou ka antre nan aplikasyon an.

Piga ou konfonn cookie sesyon sa yo ke aplikasyon sa a itilize ak cookie pèsistan yo. Cookie sesyon yo egziste sèlman pou yon moman nan memwa navigatè sitwèb la epi yo efase kou navigatè a fèmen. Aplikasyon ki ap mache yo depann de tip cookie sa a pou yo fonksyone nòmalman. Cookie sesyon ke sit sa a itilize yo pa sèvi pou asosye itilizatè sit IRS la avèk okenn moun reyèl. Si ou enkyete w konsènan konfidansyalite ou sou sit IRS la, tanpri gade nan Politik Konfidansyalite IRS (an anglè).

Kijan pou mwen fè pou m ka revize plan peman mwen?

Ou kapab wè detay ki nan plan peman aktyèl ou (tankou tip akò, dat limit, ak montan ou bezwen peye) lè ou konekte sou zouti Akò Peman Anliy lan.

Kisa mwen ka chanje nan plan peman anliy mwen an?

Ou ka sèvi ak zouti Akò Peman Anliy la pou fè chanjman sa yo:

  • Chanje montan ou peye chak mwa
  • Chanje dat limit peman ou fè chak mwa a
  • Konvèti yon Akò ki deja egziste an Akò Debi Dirèk
  • Chanje nimewo routing ak nimewo kont lan nan yon Akò Debi Dirèk
  • Reyetabli apre reta

Kijan mwen ka revize plan pèman mwen an anliy?

Ou kapab fè tout chanjman ou vle lè ou konekte w premyèman sou zouti Akò Peman Anliy la. Nan premye paj la, ou kapab revize kalite plan aktyèl ou a, dat peman, ak montan. Epi soumèt chanjman ou fè yo.

Si montan peman mansyèl ou mete a pa ranpli kondisyon yo, ou ap resevwa yon mesaj ki ap mande ou korije montan peman an. Si ou pa kapab peye montan minimòm obligatwa pou peman an, ou ap resevwa enstriksyon pou ranpli yon Fòm 433-F Atestasyon Done pou Rekouvreman Lajan (an anglè)PDF oswa Fòm 433-B, Deklarasyon enfòmasyon nan fè kòlèk pou biznis (an anglè)PDF ak kijan pou soumèt li.

Pou konvèti akò ou genyen kounye a an yon akò Debi Dirèk, oswa pou fè chanjman nan kont ki asosye ak akò Debi Dirèk ou a ki la deja a, antre nimewo routing bank ou an ak nimewo kont ou an.

Si plan w lan ekspire akoz peman ki anreta epi yo ap retabli li, ou ka gen pou w peye yon frè pou retablisman an.

E si mwen pa ranpli kondisyon oswa mwen pa anmezi pou fè demand?

Si ou pa ranpli kondisyon pou plan peman atravè zouti Akò Peman Anliy la, ou ka toujou kapab peye pa vèsman.

Si ou pa ka revize yon Akò pa vèsman ki an plas anliy, rele nou nan 800-829-1040 (patikilye) oswa 800-829-4933 (biznis). Si ou resevwa yon avi pou peman ki anreta epi ou pa kapab fè chanjman anliy, oswa ou resevwa yon avi an ijans konsènan yon balans ou dwe, swiv enstriksyon ki ekri nan lèt la epi kontakte nou imedyatman.

Kijan pou mwen jere plan mwen pou evite peman ki anreta?

Pou kapab evite reta nan plan peman ou an, asire w ke ou konprann epi jere kont ou an.

  • Peye omwen vèsman minimòm ou dwe a chak mwa a tan.
  • Soumèt tout fòm fiskal obligatwa yo a tan epi peye tout enpo ou dwe konplètman a tan (kontake IRS pou chanje Akò ou gen an plas la si ou pa kapab).
  • Yo ap konfiske ranbousman ou gen pou resevwa nan lavni yo pou peye dèt fiskal ou jiskaske li fin peye konplètman.
  • Peye tout vèsman ki nan orè a menm si nou pran ranbousman ou an pou peye balans kont lan.
  • Lè ou ap peye pa chèk, ekri non ou, adrès, SSN, nimewo telefòn lajounen ou, ane fiskal ak ki tip deklarasyon nan peman an.
  • Kontakte nou si ou demenaje oubyen ranpli epi poste Fòm 8822, Chanjman Adrès (an anglè)PDF.
  • Konfime enfòmasyon peman ou, dat ak montan an lè w revize dènye atestasyon ou oswa lèt konfimasyon ou te resevwa a. Lè ou ap voye peman pa lapòs, voye yo nan adrès ki ekri nan lèt nou voye ba ou a.

Kapab gen yon frè retablisman pou peye si ou kite plan ou tonbe an reta. Amand ak enterè ap kontinye akimile jiskaske ou fin peye balans total la. Si ou resevwa yon avi entansyon pou tèmine Akò pa vèsman ou, kontakte nou imedyatman. Jeneralman nou pa p pran mezi rekouvreman obligatwa (an anglè):

  • Lè nou gen yon plan peman ki an konsiderasyon devan nou;
  • Lè yon plan deja an plas;
  • Pandan 30 jou ki vini apre nou rejte oswa elimine yon demand, oswa
  • Pandan peryòd IRS la pran pou li egzamine kontestasyon kont yon akò nou rejte oswa ki koupe.