Depo Gratis Ka Ede Moun ki Pa Gen Ekzijans Depo yo Jwenn Kredi Fiskal ki Neglije yo

People holding the American flag

Depo Gratis la pèmèt prèske tout kontribyab prepare pwòp deklarasyon taks federal yo, fè depo anliy, epi jwenn yon ranbousman – tout sa gratis.

Aprann konnen IRS la, moun li yo ak pwoblèm kontribyab yo ap konfwonte.


Person Typing on Laptop with Free File text and Money Floating in Background

Otè: Dietra Grant

CL-21-08, 4 Mas 2021

Pandan prèske de (2) deseni, Sèvis Revni Entèn nan (Internal Revenue Services) ak endistri preparasyon taks la mete ansanm pou ofri yon seri opsyon pou preparasyon taks anliy gratis. Pwogram nan rele Depo Gratis e non an di tout bagay.

Depo Gratis pèmèt prèske tout kontribyab yo prepare pwòp deklarasyon taks yo, fè depo anliy epi jwenn yon ranbousman – tout sa gratis. Si revni ane pase w la te $72000 oswa mwens, e sa se 70 pousan nan kontribyab yo, jeneralman, ou ka jwenn pou pipiti yon pwodwi Depo Gratis pou itilize. Gen nèf (9) pwodwi an anglè e kontribyab yo ka itilize yon opsyon Panyòl tou.

Men, Depo Gratis pa t janm enpòtan anvan tankou jan li enpòtan kounya. Ane pase, Kongrè te pase de (2) tou Peman Enpak Ekonomik pou fè fas ak enpak tèrib pandemi COVID-19 la.

Premye peman an te jiska $1200 pou chak moun epi $500 pou chak timoun ki kalifye. Dezyèm peman yo te jiska $600 pou chak moun ki kalifye ak $600 pou chak timoun ki kalifye.

An 2021, kontribyab ki kalifye yo, ki pa t resevwa tout montan premye ak dezyèm peman yo, ka reklame montan adisyonèl yo dwe yo a kòm Kredi Rediksyon Rekiperasyon an, lè yo depoze deklarasyon taks 2020 yo a.

Epi se la Depo Gratis la vini. Se yon mwayen gratis pou reklame tout montan alokasyon fiskal yo, tankou Kredi Rediksyon Rekiperasyon an, pou asire w ou jwenn ranbousman yo gen pou ou a.

Anpil moun te afekte nan yon mannyè negatif sou mache travay la ane pase, e revni yo ka diferan anpil an 2020 parapò ak 2019. Jwenn yon pi bon salè posib: itilize Depo Gratis anliy pou ede ou.

Depo Gratis la espesyalman gen anpil valè pou moun yo souvan konsidere kòm nondeklaran, ki pa gen obligasyon deklarasyon taks.

Sa yo se moun ki genyen revni taksab yo ki pi piti pase kèk kalite revni. Pa ekzanp, grenn moun ki gen revni yo ki pi piti pase $12400, montan dediksyon estanda a, pa t ap genyen obligasyon pou deklare si yo pa t genyen lòt pwoblèm fiskal an patikilye.

Pou nondeklaran ki kalifye yo reklame yon montan adisyonèl Peman Enpak Ekonomik yo dwe yo, fòk yo depoze yon deklarasyon fiskal 2020 epi reklame Kredi Rediksyon Rekiperasyon an.

Men yon bonis: Nondeklaran k ap itilize nèf (9) pwodwi Depo Gratis tradisyonèl nou yo ka jwenn yo kalifye pou alokasyon fiskal adisyonèl yo tankou Kredi Fiskal sou Revni yo Rantre, oswa EITC. Depo Gratis anliy itilize pwodwi lojisyèl ki baze sou entèvyou pou pèmèt itilizatè yo pase tout pwosesis deklarasyon fiskal la pou asire yo genyen tout ekzanpsyon fiskal yo dwe jwenn yo.

Pa ekzanp, moun yo ka rantre revni yo apati yon travay nan 2020 epi yo toujou pi ba sèy pou deklare a. Yo ka kalifye pou EITC a. Yon grenn moun ki rantre $15820 oswa mwens nan lane ki te pase a, ka kalifye pou EITC a, epi toudepann de revni li, li ka kalifye pou jiska $538 EITC si li pa genyen timounn ki kalifye.

EITC a se sèlman yonn pami plizyè kredi fiskal pou fanmi ak pou swen pou moun depandan yon moun ki pa gen yon obligasyon pou deklare ka kalifye pou benefisye. Yo rele yo kredi ranbousab paske ou jwennn tout ranbousman yo te gen pou ou kèlkeswa kantite nan taks, si genyen, ou te peye.

Anpil moun te afekte nan yon mannyè negatif ane pase sou mache travay la, epi revni yo ka diferan anpil an 2020 parapò ak 2019. Jwenn pi bon salè posib: itilize Depo Gratis anliy pou ede ou.

Epi menm si ou pa genyen yon òdinatè, depi ou gen yon telefòn entèlijan, ou ka ale sou Depo Gratis anliy epi fè deklarasyon fiskal ou a.

Men kijan sa fonksyone si ou pa genyon obligasyon delarasyon fiskal:

  1. Ale sou IRS.gov/DepoGratis
  2. Seleksyone bouton ble "Chwazi yon Òf Depo Gratis IRS" la
  3. Seleksyone "Gade tout òf yo" epi chache yon pwodwi ki pa gen obligasyon okenn revni minimum
  4. Seleksyone pwodwi ki pi byen reponn ak bezwen ou yo epi y ap tounen ou otomatikman sou sit entènèt konpayi an
  5. Reponn kesyon sou pwodwi fiskal la pou w konplete deklarasyon fiskal ou a, byen rapòte revni taksab ou yo, si genyen
  6. Si ou pa gen okenn revni taksab, sèlman reponn kesyon yo ansanm avèk sa yo ki mande enfòmasyon yo bezwen pou kalkile Kredi Rediksyon Rekiperasyon an
  7. Konplete enfòmasyon pou ranbousman w lan, siyen deklarasyon an epi depoze li anliy.

Depo Gratis ofri tou yon lòt platfòm moun sa yo ki konfòtab pou yo fè pwòp deklarasyon fiskal yo itilize pi byen. Sa se opsyon Fòmilè pou Ranpli pou Depo Gratis la. Se yon vèsyon elektwonik fòmilè papye IRS yo. L ap fè kalkil matematik yo, men li p ap ede w jwenn alokasyon adisyonèl yo, oswa pèmèt ou fè deklarasyon fiskal pou eta a, e li pa rekòmande pou nondeklaran k ap sèlman deklare yo reklame Kredi Rediksyon Rekiperasyon an.

Si ou bezwen plis pase èd Depo Gratis ka ofri, nou genyen tou Pwogram Asistans Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) ak Konsèy sou Taks pou Pèsonnaj yo (Tax Counseling for the Elderly, TCE). Volontè IRS fòme yo ka ede moun ki pa deklare dabitid yo, depoze yon deklarasyon fiskal. Tanpri,n ap enfòme ou, akoz pandemi an, anpil sit ap ofri sèvis vityèl sèlman. Anplis, manm sèvis militè yo, manm fanmi ki kalifye yo ak kèk veteran kalifye pou yo itilize sèvis MilTax (an anglè) gratis yo pou prepare epi depoze anliy deklarasyon fiskal federal ak pou eta yo a.

Li enpòtan pou tout moun ki kalifye pou reklame kredi tankou Kredi Fiskal sou Revni yo Rantre a ak Kredi Rediksyon Rekiperasyon yo konnen fòk yo fè yon deklarasyon fiskal pou yo reklame yo e yo ka fè sa san li pa koute yo anyen. Avèk Depo Gratis, ou jwenn sa ou bezwen an sekirite, rapid epi fasil.

Dietra Grant

Direktè, Sèvis Kont Kliyan yo

Photo of Dietra Grant

Apwopo Otè a

Dietra Grant se Direktè òganizasyon Sèvis Kont Kliyan yo (Customer Account Services, CAS). W&I CAS se pi gwo grenn antite nan IRS la e li sèvi kòm poto mitan operasyon yo nan sezon deklarasyon IRS yo, li anplwaye prèske 35000 endividi nan 25 zòn sou tout tèritwa a pandan sezon deklarasyon an nan pik li. CAS akonpli misyon li atravè kat (4) oerasyon kle – Tretman Demann yo, Jesyon Kont yo, Sant Operasyon Konjwen yo, ak Soutyen pou Pwodwi ak Sèvis Elektwonik yo.

 

Preparasyon Taks Gratis lè ou Fè li poukont Ou

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.