Misyon Misyon Biwo Eksperyans Kontribyab la (TXO) se kreye yon eksperyans pozitif pandan l ap ede kontribyab yo konprann epi ranpli responsablite fiskal yo. Nou fè sa nan ankouraje yon kilti kote nou konsantre sou tout pakou kontribyab la epi nan jwenn opòtinite pou amelyore eksperyans lan pou tout moun. Pou akonpli misyon an, TXO a ankouraje epi kowòdone aplikasyon yon estrateji nan tout antrepriz pou amelyore eksperyans kontribyab la atravè tout entèraksyon ak kontribyab yo. Apèsi TXO a sipèvize epi dirije direksyon estratejik IRS lan pou amelyore eksperyans kontribyab la (an anglè). Nou idantifye opòtinite pou fè amelyorasyon yo pou kontribyab yo ak kominote pwofesyonèl enpo a selon atant kontribyab yo ak tandans endistri yo. Objektif yo TXO a travay ak tout inite biznis IRS epi kowòdone kòt-a-kòt ak Sèvis Defans Kontribyab la (an anglè). Objektif nou se siveye eksperyans kontribyab la epi bay lòt inite òganizasyonèl enfòmasyon ak metòd pou aplike pi bon pratik eksperyans yo. TXO a idantifye tou, kèk zòn nan pwosesis aktyèl kontribyab yo ap konfronte ki bezwen amelyorasyon kontinyèl, an tan reyèl, pou elimine pann sistemik yo anvan yo deranje kontribiyab yo. Chwa ak Aksè Pou Estrateji Eksperyans Kontribyab IRS la, aplikasyon an vin sou Chwa ak Aksè. Cha - Ki jan kliyan yo renmen jwenn repons pou kesyon yo? Kontribyab yo ka chwazi jwenn repons sou sitwèb nou an oswa kominike avèk nou anliy oswa nan telefòn. Yo ka pran yon randevou tou pou rankontre nou an pèsòn. Aksè – Yon bon eksperyans kliyan kòmanse ak, bay kontribyab yo aksè a enfòmasyon ki nesesè pou yo ka konfòme yo ak responsablite fiskal yo. Nou ap ogmante aksè a sèvis yo, fòm ak zouti ki disponib nan plizyè lang. Priyorite Estratejik yo TXO a ap mennen yon efò estratejik pou amelyore sèvis kliyan an nan IRS la. Nou konsantre sou sis estrateji kle yo idantifye nan dekrè Prezidan an sou Transfòmasyon Eksperyans Kliyan Federal ak Livrezon Sèvis pou Rebati Konfyans nan Gouvènman an, ak Rapò Premye Lwa pou Kontribyab la bay Kongrè a (an anglè)PDF. Sis estrateji kle yo se: Sèvis dijital elaji: Amelyore ak elaji kont anliy yo pou pèmèt sèvis lib pou tout kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo otorize yo. Eksperyans san pwoblèm: Entegre chèn sèvis yo pou gide kontribyab yo san pwoblèm nan resous yo bezwen yo, rezoud pwoblèm pi vit epi amelyore konfòmite. Sensibilisation ak Edikasyon Dinamik: Pataje enfòmasyon nan bon moman, kote, ak lang pou asire kontribyab yo konprann epi ranpli responsablite fiskal yo. Kominote patnè yo: Bati yon rezo patenarya entegre atravè kominote fiskal la pou pataje pi bon pratik ak apwòch pou kounye a ak nan lavni. Rive jwenn Kominote ki pa Desèvi yo: Sèvi ak estrateji espesifik pou satisfè bezwen kominote ki pa desèvi yo epi amelyore kominikasyon, transparans, ak konfyans. Jesyon done antrepriz ak analiz avanse: Devlope yon estrateji jesyon done ki sekirize pou enkli yon konpreyansyon done administratif IRS ki laj ak kapasite pou entegre, analize ak aplike done ak analiz avanse sa yo pou amelyore eksperyans kontribyab la. Ekip Jesyon Ken Corbin, Ofisye Eksperyans Chèf Kontribyab Courtney Kay-Decker, Depite Ofisye Eksperyans Chèf Kontribyab Resous ak Zouti yo Temwayaj alekri Charles P. Rettig, Komisyonè, Sèvis Revni Entèn, Devan Chanm Komite Apwopriyasyon an, Soukomite pou Sipèvizyon Operasyon IRS yo ak Rekiperasyon COVID-19 (an anglè) IRS kreye nouvo pòs Ofisye Eksperyans Chèf Kontribyab; Ken Corbin pou dirije nouvo oryatasyon pou amelyore sèvis pou kontribyab yo (an anglè) Premye Lwa Kontribyab - Fòmasyon IRS (an anglè) Premye Lwa Kontribyab - Estrateji revizyon Òganizasyonèl IRS (an anglè) Dekrè Egzekitif sou Transfòmasyon Eksperyans Kliyan Federal ak livrezon Sèvis pou rebati konfyans nan gouvènman an - Mezon Blanch lan (an anglè) Efò kontinyèl IRS lan pou Amelyore Sèvis pou divès kominote yo Angajman nou pou sèvi yon nasyon divès Priyorite 2 Ajanda Jesyon Prezidan an (PMA), Bay Sèvis Federal ak Eksperyans Kliyan ki Bon anpil, Ekitab, epi Sekirize (an anglè) Piblikasyon 5136, Gid Sèvis IRS yo (an anglè)PDF