Vyolasyon Done sou Enfòmasyon pou Idantifikasyon Pèsonèl Ou

Yon vyolasyon done se vòl oswa divilgasyon volontè oswa envolontè enfòmasyon ki sekirize. Li kapab yon enfòmasyon pèsonèl idantifyab ki pa byen elimine nan fatra a oswa yon sibè-atak sofistike kriminèl yo sou òdinatè sosyete yo. Li ka afekte konpayi yo, gwo oswa piti.

Pwen komen an se viktim nan, moun yo te konpwomèt idantite l, enfòmasyon finansye oswa pèsonèl li a.

Men sa ou ta dwe konnen sou vyolasyon done yo:

Se pa tout vyolasyon done ki pral fini ak yon vòl idantite, epi se pa tout vòl idantite ki gen rapò ak vòl idantite ki lye ak enpo. 

Vòl idantite ki gen rapò ak enpo se lè yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou pou ranpli yon fo deklarasyon enpo pou reklame yon move ranbousman. Kont fiskal ou a gen plis risk si vyolasyon done a enplike SSN ou ansanm ak done finansye ou, tankou salè yo. Vyolasyon done ki enplike sèlman nimewo kat kredi, dosye medikal san SSN yo oswa menm nimewo lisans chofè, byenke yo grav, pa pral afekte kont fiskal ou.

Sèvis Revni Entèn lan angaje l pou l travay ak kontribyab yo pou asire l tout kont fiskal federal yo rete sekirize. Ou ta dwe kontakte otorite fiskal eta w la si w sispèk yo te konpwomèt kont fiskal eta w la.

IRS bloke pi fò deklarasyon enpo ki gen fwod yo. Si yo sispèk fwod pandan tretman an, IRS pral kontakte w pa lapòs pou ba w enstriksyon yo. Ou ta ka idantifye vòl idantite posib si ou eseye deklare elektwonikman epi yo rejte deklarasyon ou an, epi si yo avize w nimewo sekirite sosyal la pa ka itilize pou deklare pa vwa elektwonik paske li te itilize deja.

Si ou se yon viktim vyolasyon done, pran mezi sa yo:

  1. Si sa posib, detèmine ki kalite Enfòmasyon pou Idantifikasyon Pèsonèl (PII) ki te pèdi oswa yo vòlè. Li enpòtan pou konnen ki kalite enfòmasyon yo te vòlè pou w ka pran mezi apwopriye yo. Pa egzanp, yon nimewo kat kredi yo vòlè p ap afekte kont fiskal IRS ou.
  2. Rete enfòme sou mezi konpayi an ki pèdi done ou yo ap pran. Gen kèk ki ka ofri sèvis espesyal, tankou sèvis siveyans kredi yo, pou ede viktim yo.
  3. Swiv mezi Komisyon Komès Federal la (an anglè) rekòmande yo, tankou:
  4. Si ou te resevwa korespondans IRS ki endike ou ka petèt yon viktim vòl idantite ki gen rapò ak enpo oswa yo te rejte deklarasyon enpo elektwonik ou a paske se yon kopi, pran mezi adisyonèl sa yo avèk IRS la:
    • Ou kapab soumèt yon Fòm 14039 (an anglè) IRS, Atestasyon Vòl Idantite epi
    • Kontinye ranpli deklarasyon enpo ou, menm si ou dwe fè sa sou papye. Ou ka ranpli epi tache Fòm 14039 (an anglè)PDF la epi soumèt li ak deklarasyon enpo sou papye ou a si ou pa soumèt li anliy. Itilize yon sèl metòd pou soumèt Fòm 14039 la, pa soumèt fòm lan plis pase yon fwa.
    • Veye tout korespondans swivi ki soti nan IRS la epi reponn byen vit.

Kiyè ki ta dwe ranpli yon Fòm 14039?

Fòm sa a ta dwe itilize si nimewo Sekirite Sosyal ou te konpwomèt epi IRS te enfòme w ou ka yon viktim fwod fiskal vòl idantite, oswa yo te rejte deklarasyon elektwonik ou paske se yon kopi. Fòm 14039 (an anglè) la disponib sou IRS.gov. Swiv enstriksyon yo ala lèt. Ou ka soumèt fòm nan sou anliy, oswa ou ka ranpli fòm nan pou faks li oswa voye l pa lapòs. Si yo te anpeche w deklare, ou ka soumèt fòm nan ak deklarasyon enpo sou papye ou si yon lòt moun te deja ranpli yon deklarasyon ak SSN ou. Ou bezwen ranpli li sèlman yon fwa. Si yo te rejte deklarasyon w lan akòz yon moun ki reklame nimewo sekirite sosyal depandan w la, w ap bezwen ranpli yon Fòm 14039 (an anglè) pou yo apa. Ou p ap kapab deklare pa vwa elektwonik epi w ap bezwen soumèt yon deklarasyon sou papye. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sa pou w fè lè w sispèk vòl idantite depandan w lan nan Kisa pou w fè lè yon moun mal reklame depandan w lan (an anglè).

Enfòmasyon Anplis