Èske w ap fè plis lajan nan vann bagay oswa nan bay yon sèvis? - YouTube video text script

Si ou touche elektwonikman pou yon travay sou kote, ti komès, oswa pou bagay ou vann sou entènèt, ou ka bezwen peye taks.

Aplikasyon pou peman ak mache sou entènèt yo ka bay Fòm 1099-K, pou enfòme ou ak IRS de konbyen lajan ou te jwenn lè ou te vann atik yo oswa pou yon sèvis ou te bay.

Si ou fè yon pwofi atravè aktivite sa yo, li konsidere kòm revni ki taksab. Ou ka itilize Fòm 1099-K, ansanm ak lòt dosye, pou detèmine konbyen taks ou dwe.

Sonje ke tout revni, kèlkeswa kantite lajan an, taksab sof si lwa taks la di otreman - menm si ou pa jwenn yon Fòm 1099-K.

Si ou jwen lajan nan men yon moun kòm yon kado, ranbousman, oswa ranbousman pou lòt depans pèsonel, lajan sa pa taksab.

Lè sa posib, make sa yo kòm tranzaksyon pèsonèl sou aplikasyon ak sit entènèt.

Kenbe bon dosye pandan ane a ap ede ou, lè le a rive pou w ranpli deklarasyon taks ou.

Pou plis enfòmasyon – ki enkli sa pou w fè si w resevwa yon Fòm 1099-K an erè oswa enfòmasyon ki sou fòm ou a pa kòrèk -- vizite IRS.gov/1099k.