Konsèy pou aplike Memorandòm Prezidansyèl la ki mande pou ajoune deseri prelèvman taks sou anplwaye pou Sekirite Sosyal

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-195, 28 Dawou 2020

WACHINGTONN — Ministè Finans ansanm ak Sèvis Revni Entèn jounen jodi a pibliye machaswiv (an anglè)PDF ki pou fè aplike Memorandòm Prezidansyèl la ki te soti nan dat 8 Dawou 2020 an, pou pèmèt anplwayè yo ajoune prelèvman ak pèman pòsyon anplwaye a ta dwe peye pou taks Sekirite sosyal, si kòb anplwaye a touche a pi ba pase yon sèten kantite.

Avi 2020-65, ki poste jodi a menm sou IRS.gov, kòz anplwaye yo ka rale yon bon souf epi se pou salè yo peye depi soti nan dat 1ye Septanm 2020 pou jouk rive 31 Desanm 2020.

Ajounman taks Sekirite Sosyal anplwaye a se pou kòb yon anplwaye touche ki pi ba pase $4,000 chak de semèn, epi se pou yo konsidere chak peryòd pèman yo grenn pa grenn. Pa gen ajounman posib nan okenn pèman yon anplwaye dwe peye taks sou li si pèman an $4,000 oubyen pi plis nan yon peryòd pèman ki chak de semèn.

Avi jodi a ajoune tan pou anplwayè yo fè prelèvman epi fè pèman taks Sekirite Sosyal pou anplwaye yo.

Gen lòt alèjman nan taks poutèt pandemi COVID-19 la (an anglè) moun ka jwenn sou IRS.gov.