Here’s how taxpayers can check the status of their federal tax return

Konsèy sou Taks IRS 2021-70, May 19, 2021

Pi bon mwayen pou verifye ranbousman fiskal ou se avèk zouti Kote Ranbousman Mwen ? an. Kontribyab yo ka kòmanse verifye estati ranbousman nan 24è apre yo fin resevwa yon deklarasyon yo te fè pa mwayen elektwonik. Zouti a bay tou, yon dat pou ranbousman ki pèsonalize, apre ranbousman an fin trete ak apre yo fin apwouve yon ranbousman.

Kontribyab yo ka aksede ak zouti Kote Ranbousman Mwen an nan de (2) fason:

Pou itilize zouti a, kontribyab yo ap bezwen:

  • Nimewo Sekirite Sosyal yo oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl yo
  • Estati deklarasyon taks
  • Montan ekzakt ranbousman ki deklare sou deklarasyon taks yo

Zouti a afiche pwogresyon yo an twa faz:

  • Deklarasyon an resevwa
  • Ranbousman an apwouve
  • Ranbousman an ale

Lè estati a chanje pou l vin apwouve, sa vle di IRS ap prepare pou li voye yon ranbousman pa mwayen depo dirèk sou kont bank kontribyab la oswa dirèkteman bay kontribyab la pa lapòs, sou fòm chèk, nan adrès ki nan deklarasyon taks li a.

IRS fè mizajou nan zouti Kote Ranbousman Mwen an yon fwa chak jou, dabitid lannwit. Konsa, kontribyab yo p ap bezwen verifye estati a pi souvan.

Kontribyab yo bay tan pou enstitisyon finansyè a pibliye ranbousman an sou kont yo oswa pou yo livre li pa lapòs. Rele IRS p ap fè yon ranbousman fiskal fèt rapid. Enfòmasyon ki disponib sou Kote Ranbousman Mwen? an se menm ak sa asistan telefonik IRS yo bay la.

Plis enfòmasyon:

Videyo YouTube IRS

  • Kilè M ap Jwenn Ranbousman Mwen an? (an anglè) (Demode)

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)