Kòman Kontribyab yo ka verifye rapidman e fasilman estati ranbousman yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy Taks IRS 2020-87, 16 Jiyè, 2020

Kontribyab yo ka itilize zouti ki di Ki Kote Ranbousman m nan ye? a pou kòmanse verifye estati ranbousman an 24 èdtan aprè IRS fè konnen li resevwa deklarasyon taks kontribyab la te soumèt e-file la. Nou pran reta sou tretman deklarasyon taks sou papye yo akoz pèsonèl nou ki limite nan moman COVID-19 la.

IRS ap trete dosye deklarasyon taks, distribye ranbousman epi aksepte pèman aktyèlman la a. Kontribyab ki fè deklarasyon taks sou papye epi kap tann yon ranbousman ka fè eksperyans bon jan reta, pi plis pase tan nòmal, ki ka dire ant 4 a 6 semèn aprè dat yo te poste deklarasyon an. IRS ap trete dosye sa yo nan lòd li resevwa yo a, e w pap bezwen fè yon lòt déklarasyon taks oubyen rele IRS.

Gen de fason kontribyab taks yo ka antre nan Ki Kote Ranbousman M nan ye:

Pou yo ka itilize zouti a, kontribyab taks yo ap bezwen:

  • Nimewo Sekirite Sosyal yo oswa Nimewo Idantifikasyon Endividyèl Kontribyab taks yo
  • Kondisyon Fiskal yo
  • Kantite egzat ranbousman ki figire nan deklarasyon taks yo a

Zouti a montre pwogrè nan twa faz:

  • Deklarasyon an rive
  • Ranbousman an apwouve
  • Ranbousman an ale

Nou mete ajou zouti a yon fwa chak 24 èdtan, anpil fwa nan lannwit, poutèt pou moun pa gen nesesite al verifye estati a twò souvan.

Ki Kote Ranbousman M nan Ye? kouvri yon dosye deklarasyon depi l kòmanse pou jouk li fini. L ap fè kontribyab la konnen kilè deklarasyon an nan estati resevwa, epi si ranbousman an apwouve oswa nan estati ale. Lè estati a chanje nan apwouve, sa vle di IRS ap ranje kòl pou l voye ranbousman an al chita tou dwat nan kontanbank kontribyab la oswa poste yon chèk ale nan adrès kay ki nan dosye deklarason an. Voye IRS voye fè depo dirèk kòb ranbousman an, kontribyab yo dwe tann senk jou anvan pou y al tcheke bank lan sou sa. Sa ka pran plizyè semèn anvan pou yon chèk ranbousman rive pa lapòs.

Kontribyab taks ki te fè yon deklarasyon modifye ta dwe konsilte zouti ki di Ki Kote Deklarasyon Modifye M Nan Ye? .

Plis enfòmasyon

Videyo youtoub IRS la

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)